RS ajoute teknoloji QR nan avi echeyans balans enpòtan yo pou ede kontribyab yo

IR-2020-233, 9 Oktòb 2020

WASHINGTON - Pou pwemye fwa, IRS ap mete teknoloji bakòd pou avi l ap voye bay plizyè milyon kontribyab.

Apati mwa sa a, avi CP14 yo ki enfòme kontribyab yo ke yo dwe lajan sou taks ki poko peye ak opsyon pèman yo kounye a ekipe ak kòdba QR pou ede kontribyab sa yo pou yo byen navige fasil sou sit entènèt IRS.gov la an tout sekirite.

Kounye a kontribyab yo kapab itilize telefòn entelijan yo pou eskane yon kòd QR nan CP14, epi apati 2021, nan CP14 IA, pou yo ale dirèkteman nan IRS.gov epi rantre sou kont yo an sekirite, pou konfigire yon plan pèman oswa kontakte Sèvis Defansè Kontribyab la.

Lè kontribyab la eskane kòd QR la sou CP14 oswa CP14 IA li ba li aksè dirèk ak enfòmasyon li bezwen sou IRS.gov pou netwaye balans kont yo sou entènèt san yo pa bezwen rele oswa kominike avèk IRS dirèkteman.

Darren Guillot, Komisyonè Adjwen IRS lapou Koleksyon ak Operasyon Sipò pou ti Antrepriz/Travayè endepandan te di : "Kòd sa yo pral bay kontribyab yo aksè imedya ak enfòmasyon ki pi enpòtan pou yo pou yo peye balans yo, konfigire akò pèman oswa rive jwenn èd". "Nou konprann gen anpil enfòmasyon sou entènèt la, e nou vle bay kontribyab yo plis zouti sekirize ki ka pi fasil ede yo rezoud sitiyasyon taks yo."

Jeneralman, IRS voye plis pase 8 milyon avi CP14 chak ane bay kontribyay yo. Yo se premye avi legal ki avèti yo gen yon balans yo dwe. Ajoute yon kòd QR nan avi a bay aksè ak yon rezolisyon avanse pou plizyè milyon kontribyab.

Guillot te deklare: "Sa ap rann tout pwosesis la pi fasil pou kontribyab yo".

IRS ap evalye posibilite pou ajoute lòt kòd QR nan lòt avi pou balans moun dwe nan lavni.