IRS ak kominote patnè yo fè ekip pou yo bay èd nan zafè taks gratis pou fanmi yo pou yo jwenn pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Pèman Enpak Ekonomik yo

Patnè yo te ankouraje pou itilize enfòmasyon anliy AdvCTC (Avans Kredi Enpo pou Timoun) ak zouti pou ede kontribyab ki kalifye yo enskri

IR-2021-132, 23 jen 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ap fè patenarya avèk òganizasyon benevòl yo, legliz yo, gwoup kominotè yo ak lòt yo nan 12 vil yo pou ede fanmi ki kalifye, espesyalman sila yo ki pa fè yon deklarasyon enpo federal, fè yon deklarasyon enpo 2020 oswa enskri pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun (AdvCTC) yo pandan y ap itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an.

Zouti sa a, yon aktyalizasyon zouti Non-Deklaran IRS ane pase a, se yon zouti ki la tou pou ede endividi kalifye ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman, enskri pou twazyèm tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo (yo konnen tou sou non chèk relans) epi reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Peman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo. Endividi yo pa bezwen genyen timoun pou yo swiv evènman sa yo epi enskri pou Pèman Enpak Ekonomik yo.

Evènman espesyal yo (an anglè)PDF pa IRS ak gwoup patnè yo pou ede moun yo fè deklarasyon enpo sou revni yo byen rapid epi enskri pou pèman avans yo ap fèt nan de (2) wikenn, 25-26 jen ak 9-10 Jiyè 2021. Evènman yo ap fèt nan Atlanta; New York; Detroit; Houston; Los Angeles; Las Vegas; Miami; Milwaukee; Philadelphia; Phoenix; St. Louis; ak nan Washington, DC.

"Nouvo chanjman fiskal enpòtan sa a afekte plizyè milyon fanmi nan tout peyi a, e IRS la vle fè tout sa li kapab pou li ede moun yo jwenn pèman yo," Komisè IRS Ken Corbin ki responsab Salè ak Envestisman, ki sèvi kòm Responsab Eksperyans Kontribyab nan ajans lan tou. "Anpil moun pa benefisye avantaj fiskal yo senpman paske yo pa fè yon deklarasyon enpo. Travay nou nan vil sa yo se pou ede moun yo resevwa pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Pèman Enpak Ekonomik yo."

Moun yo ka itilize nouvo Asistan Kalifikasyon pou Avans Kedi Enpo pou Timoun nan pou yo verifye si yo kalifye pou pèman AdvCTC yo.

Pou fè pwosesis enskripsyon an ale rapid epi alèz, yo ankouraje moun yo pou yo genyen enfòmasyon sa yo lè yo vini nan yonn nan evènman sa yo:

  1. Nimewo Sekirite Sosyal pou timoun yo,
  2. Nimewo Sekirite Sosyal oswa Nimewo Idantifikasyon Fiskal pou yo menm ak pou konjwen yo,
  3. yon adrès pou lapòs ki fyab,
  4. Yon adrès elektwonik, ak
  5. enfòmasyon kont labank yo si yo vle resevwa pèman yo pa mwayen depo dirèk.

Nan kad yon gran efò pou sansibilizasyon pou Kredi Enpo pou Timoun elaji a, IRS la ankouraje patnè li yo pou yo itilize kit zouti ak zouti anliy yo pou ede non-deklaran yo, fanmi ki gen ti revni yo ak lòt gwoup defavorize yo enskri pou yo resevwa AdvCTC a.

Kèk kredi enpo, tankou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC) "ranbousab", sa vle di, menmsi kontribyab yo pa dwe enpo sou revni, IRS la ap ba yo yon ranbousman depi yo kalifye; men fòk yo fè yon deklarasyon enpo oswa enskri avèk nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou yo resevwa li. Kèk moun ki patko fè yon deklarasyon enpo 2020 ap kalifye tou pou $1 400 Pèman Enpak Ekonomik pou chak moun nan ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

Premye pèman mansyèl CTC elaji ki fenk aksesib la nan Plan Sovtaj Ameriken an ap fèt an Jiyè. Majorite fanmi yo ap kòmanse resevwa pèman mansyèl yo san yo pa p gen pou antreprann okenn lòt aksyon. Fanmi kalifye yo ap resevwa yon pèman jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Moun ki bezwen fè yon deklarasyon enpo sou revni federal 2020, men ki pa kapab swiv yonn nan evènman sa yo, ka anmezi pou yo prepare epi fè pwòp deklarasyon enpo sou revni federal yo sou entènèt la pandan y ap itilize Deklarasyon Gratis IRS la si revni yo se $72 000 oswa pipiti.

Moun ki pa bezwen fè yon deklarasyon enpo federal 2020 kapab itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklarasyon an pou enskri pou resevwa pèman avans CTC yo, Twazyèm Tou Pèman Enpak Ekonomik la, ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

IRS la ankouraje moun yo mande pèman yo pa mwayen depo dirèk, ki pi rapid epi pi sekirize pase lòt metòd pèman yo. Moun ki pa genyen yon kont labank ta dwe vizite sit entènèt Asosyasyon Asirans Depo Federal (an anglè) pou detay sou kòman pou ouvri yon kont anliy. Yo kapab itilize zouti BankFind (an anglè) FDIC a pou yo jwenn bank ki asire nan FDIC yo.

Anfen, BankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken (an anglè), Kominote Bankye Endepandan Amerik la (an anglè), Asosyasyon Inyon Kredi Nasyonal (an anglè) genyen lis bank ak inyon kredi yo ki kapab ouvri yon kont anliy. Veteran yo ka gade Pwogram Sèvis Bankè Veteran yo (an anglè) pou sèvis finansye nan bank k ap patisipe nan pwogram nan.

Apwopo Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. Nòmalman, IRS la ap kalkile pèman an sou deklarasyon enpo 2020 fanmi an, ansanm avèk sila yo ki itilize Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa pa disponib akoz li patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap detèminen pito premye montan pèman yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enfòmasyon ki rantre nan zouti Non-Deklaran yo ki te disponib nan 2020 an.

Chak pèman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Pou li rasire li fanmi yo gen aksè fasil ak lajan yo, IRS la pral distribye pèman sa yo pa mwayen depo dirèk, depi yo te bay IRS la enfòmasyon bankè ki kòrèk. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lapòs yo nan zòn 15 Jiyè yo pou pèman pa lapòs yo. Dat pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Pou aprann plis apwopo pèman avans CTC yo, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021 oswa gade FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo (an anglè).