IRS kòmanse peryòd enpo 2022 a; li ankouraje plis pridans bò kote kontribyab yo pou yo depoze deklarasyon enpo kòrèk pa vwa elektwonik pou pèmèt ranbousman fèt rapid, epi evite reta

IR-2022-18, 24 janvye, 2022

WACHINTON — Sèvis Revni Entèn nan lanse jodi a sezon deklarasyon revni yo ak yon rapèl ijan pou kontribyab yo pran anpil prekosyon ane sa pou yo depoze yon deklarasyon enpo kòrèk pa vwa elektwonik nan lide pou ede ranbousman yo fèt pi rapid.

Kòmansman peryòd enpo ane sa a - ki rive pi bonè ke ouvèti 12 fevriye ane pase a - siyale ke IRS nan moman an ap aksepte epi fè tretman deklarasyon enpo 2021 yo. Yo atann depo plis pase 160 milyon deklarasyon enpo endividyèl pou ane fiskal 2021 an, ak majorite ladan yo ki ap fèt avan delè 18 avril la.

Pi fò nan kontribyab yo ap fè fas ak yon delè 18 avril ane sa akoz jounen yo fete Emansipasyon an nan Wachinton, DC a ki ap tonbe jou ki ap 15 avril la. Kontribyab ki Massachusetts ak Maine yo ap gen yon delè ki rive 19 avril akoz jounen nasyonal Patriyòt yo; viktim dezas yo ap gen dat limit enpo yo ki repouse pi lwen nan kèk lokalite.

Komisè IRS la Chuck Rettig note ke kontribyab yo dwe pran swen espesyal ane sa akoz plizyè modifikasyon enpòtan nan lwa fiskal la ki te te rive fèt nan ane 2021 an ak ansanm defi aktyèl yo ki lye ak pandemi an.

"Anplwaye IRS yo ap travay di pou yo kapab akouche yon ane peryòd enpo ki gen anpil siksè pandan y ap fè fas ak yon seri gwo bout tonton defi ki lye ak pandemi an, " daprè sa Rettig di. "Gen yon seri pa enpòtan moun yo ka fè pou yo asire ke yo evite reta tretman yo epi jwenn ranbousman enpo yo pi rapid ke posib. Nou ankouraje moun yo pou yo pran san yo pou yo revize enpo yo pou asire ke tout bagay kòrèk avan yo fè depo. Epi yo dwe fè depo pa vwa elektwonik ak depo dirèk si tout bagay posib, pwodui yon deklarasyon enpo sou papye siyifi yon reta ranbousman pwolonje."

Pou majorite kontribyab yo ki pwodui yon deklarasyon enpo ki san fot, IRS antisipe ke yo ap resevwa ranbousman yo a nan 21 jou apati lè yo fè depo pa vwa elektwonik la si yo chwazi depo dirèk - ki similè ak ane ki pase yo. Ranbousman ane pase a an mwayèn te plis pase $2,800.

Gen yon seri pa enpòtan moun ka fè ki ap ede yo leve defi peryòd enpo sa, daprè sa Rettig di. Fè depo pa vwa elektwonik epi itilize resous anliy olye de apèl se jis kèk etap ki kapab ede moun evite reta yo."

Anplwaye IRS yo ap fè tout sa ki posib ak resous yo genyen ki disponib pou sèvi kontribyab yo ane sa, daprè Rettig. Nou pral travay di pou pou n delivre ranbousman yo pi rapid, epi sèvi plis moun ki posib epi travay pou ratrape deklarasyon enpo pase yo ke pandemi an te afekte yo. IRS remèsye w paske w fè deklarasyon enpo w yo, ki se yon pati esansyèl nan ede gran nasyon nou an."

Konsey pou yon sezon enpo an dousè:

Ranbousman ki pi rapid yo se pa vwa elektwonik yo rive reyalize, evite deklarasyon an papye yo: Fè depo pa vwa elektwonik ak depo dirèk epi evite yon deklarasyon an papye pa t janm enpòtan avan ane sa pou evite reta nan ranbousman yo. Si w bezwen yon ranbousman enpo vit vit, pa fè deklarasyon sou papye - itiize lojisyèl, yon fiskalis ke w fè konfyans, oubyen yon Deklarasyon Gratis deklarasyon gratis sou on IRS.gov.

Evite reta, depoze yon deklarasyon enpo ki kòrèk: Plis pase sa pa t janm fèt avan ane sa, IRS ankouraje moun yo pou yo asire yo ke yo depoze  yon deklarasyon enpo ki kòrèk. Yon deklarasyon enpo ki kòrèk kapab evite reta nan tretman yo, reta ranbousman pwolonje yo, ak avi IRS la ka voye pi devan.

Swen espesyal pou EIP, benefisyè antisipe Kredi Enpo pou Timoun: IRS ankouraje pridans tou pou moun sa yo ki te resevwa yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik oubyen Kredi Enpo antisipe pou Timoun pou ane 2021 an. *Kontribyab yo dwe asire ke montan yo resevwa jiskaprezan yo rantre kòrèkteman nan deklarasyon enpo a. Antre enkòrèk lè n ap repòte pèman sa yo vle di ke IRS ap bezwen apwofondi revizyon deklarasyon enpo a, kreye yon reta pwolonje. Pou ede kontribyab yo, IRS ap voye pa lapòs yon seri lèt espesyal konsènan pèman relans yo ak montan pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun yo (an anglè). Moun yo ka verifye montan pèman yo tou nan Kont Anliy yo ki disponib sou IRS.gov.

Kredi enpo sou revni salaryal oubyen Ranbousman Kredi Enpo adisyonèl pou Timoun: Selon lalwa, IRS pa ka livre yon ramnbousman ki enplike Kredi enpo sou revni salaryal la oubyen Kredi Adisyonèl Enpo pou Timoun lan avan mitan mwa fevriye a. Menm si moun elijib yo kapab fè depo deklarasyon apati 24 janvye. Lalwa bay tan adisyonèl sa pou ede IRS mete fren nan livrezon ranbousman ki gen fwod yo.

Evite reta telefonik yo; meyè opsyon resous anliy pou jwenn asistans: *Avoid phone delays; online resources best option for help: IRS.gov se opsyon ki pi rapid epi pi fasil pou w jwenn èd. Liy telefòn pou asistans IRS la kontinye ap resevwa yon kantite apèl ki nan yon nivo rekò, plis pase sa ajans lan kapab jere ak resous limite li genyen yo. Evite reta yo: Ale sou IRS.gov an premye pou enfòmasyon sou ranbousman ak repons sou kesyon ki konsène enpo (an anglè). Etabli yon Kont Anliy sou IRS.gov kapab ede kontribyab yo jwenn enfòmasyon pi rapid. Karasteristik Kont anliy la elaji pou pèmèt plis moun jwenn aksè ak li.

Ou pa nòmalman depoze yon deklarasyon? Konsidere fè depo pou CTC, lòt kredi ki plen enpòtans yo: Pou moun nòmalman ki pa fè depo yon deklarasyon enpo epi ki pa t fè depo yon deklarasyon pou ane 2020 an oubyen itilize zouti Non-deklaran yo, yo ka toujou kalifye pou yon seri kredi ki enpòtan yo elijib pou yo, sa ki gen ladan l Kredi Ranbousman Rekiperasyon (pèman relans), Kredi Enpo antisipe pou Timoun oubyen Kredi Enpo sou Revni ou Antre a. IRS ankouranje moun nan gwoup sa pou yo depoze yon deklarasyon enpo pou ane 2021 nan lide pou yo kapab resevwa tout kredi ke yo elijib pou yo a.

Opsyon anliy pou asistans gratis yo: repons pou kesyon ke yo poze souvan yo: Itilize IRS.gov pou jwenn repons repons pou kesyon ki lye ak taks (an anglè), verifye estati yon ranbousman oubyen peye taks yo. Moun pa bezwen peryòd kote y ap tann oubyen randevou —  zouti anliy yo  disponib 24 sou 24.

Lòt opsyon pou jwenn asistans gratis: Deklarasyon Gratis IRS disponib pou tout moun oubyen fanmi ki te antre $73,000 oubyen pi piti pou ane 2021 an. Kontribyab kalifye yo kapab jwenn tou èd preparasyon taks fas a fas gratis atravè nasyon an atravè pwogram Èd Fiskal pou Benevòl la (VITA) ak pwogram Konsèy Fiskal pou Moun ki Aje yo (TCE).

Deklarasyon enpo 2020 an toujou nan tretman? Konsèy pou ede depoze deklarasyon enpo pou ane 2021 an: Pou moun yo poko trete deklarasyon enpo 2020 pou yo, yo ka toujou depoze deklarasyon enpo 2021 yo . Pou moun ki ap fè depo pa vwa elektwonik nan gwoup sa, men yon pwen esansyèl. Kontribyab yo bezwen Revni Brit Ajiste yo, oubyen yon AGI, nan deklarasyon enpo yo genyen ki pi resan yo lè y ap depoze pa vwa elektwonik. Pou sila yo ki ap tann tretman deklarasyon enpo 2020 yo a, asire ke nou antre $0 (zewo dola) pou AGI ane pase ki nan deklarasyon enpo 2021 an. Vizite Valide Deklarasyon Enpo ki Depoze pa Vwa Elektwonik pou plis detay.

Dat limit Taks 18 avril la: Dat limit depo a se 18 avril pou majorite kontribyab yo; pwolonjman peryòd 6 mwa otomatik pou fè depo disponib pou tout moun lè yo depoze Fòmilè 4868, Aplikasyon pou Pwolongasyon Otomatik Delè pou Pwodui Deklarasyon Enpo Revni Patikilye Ameriken yo (an anglè).