IRS kòmanse korije deklarasyon taks pou esklizyon revni nan konpansasyon pou chomaj yo; peman regilye ap fèt apati Me rive nan sezon lete

IR-2021-111, May 14, 2021

WASHINGTON- Sèvis Revni Entèn nan (The Internal Revenue Service) ap kòmanse bay ranbousman yo (an anglè) semenn sa a pou kontribyab ki te peye taks sou konpansasyon pou chomaj 2020 an Plan Sovtaj Ameriken an ki te pwomilge kòm lwa tou dènyeman an te retire pami revni ki taksab yo.

IRS (Internal Revenue Service, Sèvis Revni Entèn) la te idantifye plis pase 10 milyon kontribyab ki te fè deklarasyon taks yo anvan Plan Sovtaj Ameriken an te vin lwa an Mas e li ap analize deklarasyon sa yo pou li ka detèminen bon konpansasyon pou chomaj ki taksab, ak taks. Sa ka debouche sou yon ranbousman, yon balans redwi yo dwe oswa okenn chanjman nan taks yo (pa gen ranbousman pou peye ni montan yo dwe).

Koreksyon sa yo ap fèt otomatikman, nan yon apwòch pa etap, sa ap aleje fado kontribyab yo. Premye etap la kòmanse deja e li genyen ladan li deklarasyon ki pi senp yo. Etap annapre a ap genyen deklarasyon ki pi konplike yo IRS konte pran nan fen sezon lete a pou analize epi korije yo.

Premye etap ajisteman an ap fèt pou kontribyab an patikilye ki genyen deklarasyon ki pi senp yo, tankou sa yo ki te fèt pa kontribyab ki pa t reklame kredi fiskal pou timoun oswa lòt kredi ranbousab.

Apati efò sa a, IRS la ap bay ransbousman pa mwayen depo dirèk pou kontribyab ki te bay enfòmasyon kont labank yo nan deklarasyon taks 2020 yo a. Si enfòmasyon sou kont labank yo pa disponib, ranbousman an ap fèt pa lapòs sou fòm papye chèk nan adrès ki nan dosye yo. IRS la ap kontinye ak ranbousman yo jiskaske li fin analize epi ajiste tout deklarasyon li te idantifye yo.

Ranbousman sa yo ap swiv prensip nòmal konpansasyon an, tankou taks federal ki pa peye atan yo, taks sou revni leta, dèt leta a sou konpansasyon pou chomaj, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou konjwen, oswa kèk dèt federal ki pa gen pou wè ak taks (tankou prè etidyan). IRS la ap voye yon avi apa bay kontribyab la si ranbousman an konpanse pou peye dèt ki poko peye yo.

IRS la ap voye bay kontribyab yo yon avi ki bay detay sou koreksyon yo, yo ta dwe atann sa nan trant jou apre koreksyon yo fèt. Kontribyab yo dwe konsève nan dosye yo tout avi yo jwenn. Kontribyab yo dwe analize deklarasyon yo apre yo fin resevwa avi IRS yo.

Koreksyon nan Kredi Fiskal sou Revni ki Rantre (EITC) san timoun kalifye ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an ap fèt otomatikman antanke yon pati nan pwosesis la. Sepandan, kèk kontribyab ka kalifye pou kèk kredi fiskal ki chita sou revni ki pa t deklare nan premye deklarasyon yo a, tankou EITC pou timoun kalifye yo. Si se ta leka, yo dwe fè yon deklarasyon taks amande si montan revni brit ajiste ki revize a rann yo elijib pou benefisye avantaj adisyonèl yo.

Koreksyon ki pi konplike yo ap kòmanse lè premye etap la fini epi l ap enplike koup kap fè deklarasyon antanke marye k ap fè deklarasyon konjwen.

Konpansasyon pou chomaj se yon revni ki taksab. Plan Sovtaj Ameriken an eskli $10 200 nan konpansasyon pou chomaj 2020 an, nan revni yo itilize pou kalkile montan taks yo dwe yo. Esklizyon $10 200 pa pèsòn nan aplike pou kontribyab, patikilye oswa marye ki fè deklarasyon konjwen, ki gen revni brit ajiste modifye ki mwens pase $150 000. $10 200 se montan esklizyon revni an, se pa montan ranbousman an. Montan ranbousman yo ap varye epi se pa tout ajisteman yo k ap debouche sou yon ranbousman.

Lwa a sispann obligasyon pou repeye eksè peman avans Kredi Fiskal sou Prim (eksè APTC) (an anglè). Si yon kontribyab te peye montan repèman eksè APTC lè li te fè deklarasyon 2020 an, IRS la ap ranbouse montan sa otomatikman. Si IRS la korije kont kontribyab la pou li reflete esklizyon revni konpansasyon an, montan eksè APTC kontribyab la te peye a ap enkli nan ajisteman sa. IRS la ap ajiste tou, kont yo pou sila yo ki te repeye eksè APTC a men ki pa t rapòte konpansasyon pou chomaj yo a nan deklarasyon taks 2020 yo a.

Kontribyab ki potko fè yon deklarasyon taks dwe swiv enstriksyon pou Fòm 1040 ak Fòm 1040-SR (an anglè), ki bay detay sou kijan pou eskli konpansasyon pou chomaj la.

Pou plis enfòmasyon