Konsèy Fiskal Estimatè Prelèvman Ede Kontribyab yo Byen Kalkile Prelèvman yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-66, 28 avril 2022

Tout kontribyab yo sipoze revize prelèvman federal yo chak ane yon fason pou kapab asire yo prelèvman yo pa ni twòp ni twò piti. Lè yo fè sa, sa ap pèmèt yo pwoteje tèt yo pou yo pa fè fas ak yon bòdwo taks oswa penalite an 2023. Lè kontribyab la fè sa byen bonè, sa ap ede epi rann pi fasil pou se montan ki dwe prelve a ki prelve.

Kontribyab ki gen anplwayè yo ki fè prelèvman taks revni federal sou chèk yo peye yo a kapab itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la pou ede yo konnen si yo sipoze fè yon chanjman nan prelèvman yo. Zouti anliy nan gide itilizatè yo atravè pwosesis la, pou tcheke prelèvman yo, pou ede yo jwenn montan kòrèk ki dwe prelve a pou sitiyasyon pèsonèl yo. Kontribyab yo kapab wè ak anplwayè yo pou fè mizajou prelèvman yo oswa soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye.

Ajisteman ki gen pou wè ak prelèvman

Jeneralman, patikilye yo sipoze ogmante prelèvman yo si yo ta gen plis pase yon sèl djòb an menm tan oswa yo ta gen revni ki jenere apati de sous ki pa sijè a prelèvman. Si yo pa fè okenn chanjman, yo gendwa vin gen dèt taks adisyonèl epi gen posiblite tou pou yo ta peye penalite lè y ap fè deklarasyon taks yo.

Jeneralman, patikilye yo sipoze diminye prelèvman yo si yo ta kalifye pou kredi taks sou revni yo oswa dediksyon ki diferan de dediksyon estanda debaz yo.

Nenpòt ki jan, moun ki bezwen ajiste prelèvman yo sipoze prepare yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye. Y ap bezwen soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè yo pi vit posib nan ka kote gen prelèvman ki fèt pandan ane a.

Patikilye ki sipoze verifye prelèvman yo se:

  • sa ki marye, divòse, fè timoun oswa adopte timoun, achte yon nouvo kay oswa pran retrèt
  • sa k ap travay nan de (2) oswa plis djòb an menm tan oswa ki travay pandan sèlman yon pati nan ane a
  • sa ki reklame kredi tankou kredi taks pou timoun
  • sa ki gen depandan ki gen 17 lane oswa plis
  • sa ki detaye dediksyon yon nan deklarasyon avan yo
  • sa ki gen lòt chanjman pèsonèl ak finansye

Avantaj Estimatè Prelèvman Taks

Estimatè Prelèvman Taks IRS la kapab ede kontribyab yo:

  • detèmine si yo sipoze ranpli yon nouvo Fòm W-4.
  • konnen ki enfòmasyon pou yo mete nan yon Fòm W-4
  • ekonomize tan paske zouti a konplete fèy kalkil Fòm nan.

Kontribyab yo sipoze prepare deklarasyon pèman ki pi resan yo, enfòmasyon ki gen pou wè ak sous revni yo ak deklarawsyon taks sou revni ki pi resan an, avan menm yo itilize Estimatè Prelèvman Taks la. Zouti a pa mande done ki sansib tankou non, Nimewo Sekirite Sosyal, adrès, oswa nimewo kont bankè.

Kontribyab yo pa sipoze itilize Estimatè Prelèvman Taks si:

  • Yo pa gen djòb se nan pansyon yo ye. Yo sipoze itilize nouvo  Fòm W-4P (an anglè) an pou kapab fè estimasyon prelèvman yo
  • Yo gen estati etranje ki pa rezidan. Yo sipoze itilize Avi 1392, Enstriksyon siplemantè Fòm W-4, Etranje ki pa rezidan.
  • Sitiyasyon fiskal yo konplèks. Sa gen ladann taks minimòm altènatif, gen kapital a lontèm oswa dividann ki kalifye. Gade Piblikasyon 505, Prelèvman taks ak Enpo Estime (an anglè).

Plis enfòmasyon: