IRS Tax Tip 2024-26, 2 avril 2024
Kredi pou lòt depandan yo se yon kredi $500 ki pa ranbousab ki disponib pou kontribyab ki gen depandan ki pa kalifye pou kredi enpo pou timoun. Kontribyab yo ka reklame kredi sa a anplis kredi pou timoun ak depandan yo ak Kredi pou Revni yo Touche.
Enfòmasyon sa yo ka ede kontribyab yo detèmine kalifikasyon yo pou reklame kredi sa a sou deklarasyon enpo 2023 yo:
Yo ka reklame kredi sa a pou depandan ki:
- Gen nenpòt laj, enkli moun ki gen 18 an oswa plis.
- Gen nimewo Sekirite Sosyal oswa nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl.
- Gen paran oswa lòt fanmi ki kalifye kontribyab la te sipòte.
- Ap viv avèk kontribyab la men yo pa fanmi ak kontribyab la.
- Se sitwayen ameriken, sitwayen oswa yo se rezidan etranje.
Kredi a kòmanse diminye lè revni kontribyab la pi plis pase $200 000. Etap sa a kòmanse nan $400 000 pou koup marye ki ranpli yon deklarasyon enpo ansanm.
Yon kontribyab kapab reklame kredi sa a si:
- Li reklame moun nan kòm yon depandan (an anglè) sou deklarasyn enpo kontribyab la.
- Li pa kapab itilize depandan an pou reklame kredi enpo pou timoun oswa kredi enpo adisyonèl pou timoun.
Kontribyab yo ka itilize zouti Èske pitit mwen/depandan mwen kalifye pou kredi enpo pou timoun oswa kredi pou lòt depandan yo? (an anglè) sou IRS.gov pou ede detèmine kalifikasyon yo.