Fè ekonomi pou retrèt ou kounya, resevwa yon kredi enpo pita: Travayè ki gen revni ki fèb oswa mwayen yo ka ekonomize pi plis ak pi gwo limit Kredi Epay lan ofri an 2023

IR-2022-224, 21 desanm 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan raple travayè ki gen revni ki fèb oswa mwayen yo ke yo ka ekonomize pou retrèt yo kounya epi pètèt touche yon kredi enpo espesyal an 2022 ak pou ane kap vini yo.

Kredi pou Kontribisyon Epay pou Retrèt la, ke yo konnen sou non Kredi Epay, ede konpanse yon pati nan premye $2,000 travayè yo kontribye volontèman nan Aranjman pou Retrèt Endividyèl, plan 401(k) ak pwogram retrèt ki menm jan yo nan espas travay la. Kredi a ede tou nenpòt moun kalifye ki andikape ke yo deziyen kòm benefisyè yon kont Reyalize yon pi Bon Eksperyans Lavi (ABLE), kontribye ladan li. Pou plis enfòmasyon sou kont ABLE yo, gade Piblikasyon 907 (an anglè), ki disponib sou IRS.gov.

Kredi Epay la disponib anplis de nenpòt lòt epay pou enpo ki aplikab yo.

Li toujou tan pou w fè yon aksyon

Travayè ki elijib yo toujou gen tan pou yo fè kontribisyon retrèt ki kalifye yo epi pou yo resevwa Kredi Epay la sou deklarasyon enpo 2022 yo a. Moun yo gen jiska 18 avril 2023 - dat limit pou fè deklarasyon 2022 yo an - pou planifye yon nouvo IRA oswa ajoute lajan sou yon IRA ki te egziste deja pou 2022 a. Roth ansanm ak IRA tradisyonèl yo kalifye.

An Revanch, moun k ap patisipe nan plan retrèt nan espas travay yo, dwe aji nan fen 2022 pou kontribisyon yo an ka konte pou ane sa a. Sa vle di ke kotizasyon yo dwe fèt anvan 31 desanm nan yon:

  • Plan 401(k).
  • Plan 403(b) pou anplwaye lekòl piblik yo ak sèten òganizasyon ki egzante de taks.
  • Plan Gouvènmantal 457 pou anplwaye leta oswa lokal gouvènman yo.
  • Plan Epay Thrift (TSP) pou anplwaye federal yo.

Kontribisyon nan kèk plan retrèt nan lòt espas travay yo kalifye tou. Pou jwenn plis detay al gade enstriksyon pou Fòm 8880 (an anglè) lan yo.

Anplwaye ki pa kapab met lajan sou kote pou ane sa, ta ka vle planifye kontribisyon 2023 yo an bonè pou patwon yo an ka kòmanse fè prelèvman sou yo nan mwa janvye a.

Ki moun ki kalifye

Limit revni yon kontribyab ki chita sou revni brit ajiste (AGI) ak estati fiskal oswa matrimonyal li, aplikab pou Kredi Epay la. Men, akòz enflasyon an, limit yo ap ogmante konsiderableman nan 2023.

Se poutèt sa, Moun ki ka reklame Kredi Epay yo se:

  • Moun marye ki ap fè deklarasyon ansanm e ki gen yon revni ki rive jiska $68,000 an 2022 oswa $73,000 an 2023.
  • Chèf fanmi ki gen yon revni ki rive jiska $51,000 an 2022 oswa $54,750 an 2023.
  • Moun ki marye ki fè deklarasyon apa epi selibatè ki gen revni ki rive jiska $34,000 an 2022 oswa $36,500 an 2023.

Menm jan ak lòt kredi enpo yo, Kredi Epay la ka ogmante oswa diminye ranbousman enpo yon kontribyab dwe. Menmsi Kredi maksimòm Epay la se $1,000 ($2,000 pou koup ki marye yo), IRS la te avèti ke souvan fwa li konn pi piti epi, akòz enpak lòt dediksyon ak kredi yo nan yon sans, li ka desann an reyalite jiska zewo pou kèk nan kontribyab yo.

Montan kredi yon kontribyab baze sou estati deklarasyon li yo, sou revni brit ajiste li yo (AGI), enpo yo dwe leta ak montan yo kontribye nan pwogram retrèt ki kalifye yo oswa sou kont ABLE yo. Yo sèvi ak Fòm 8880 (an anglè) pou reklame Kredi Epay la, epi enstriksyon li yo gen detay sou fason pou w kalkile kredi a kòrèkteman.

Nan ane fiskal 2020 an, ane ki pi resan epi chif konplè li yo disponib, yo te reklame yon montan Kredi Epay ki depase plis pase $1.7 milya dola sou apeprè 9.4 milyon deklarasyon enpo sou revni endividyèl. Sa fè apeprè $186 an mwayèn pou chak deklarasyon elijib.

Kredi Enpo an konplete lòt avantaj fiskal ki disponib pou moun ki mete lajan sou kote pou pran retrèt yo. Pa egzanp, majorite travayè yo ka dedwi kontribisyon yo bay nan yon IRA tradisyonèl. Menmsi yo paka dedwi kontribisyon nan kont Roth IRA yo, Retrè ki elijib yo fèt anjeneral apre w pran retrèt, epi yo pa gen taks sou yo. Nòmalman, yo pa takse kontribisyon ki fèt pou plan 401(k) ak plan travay ki menm jan yo sof lè gen tranzaksyon retrè.

Gen kèk restriksyon ki aplike

Lòt règ espesyal ki aplike nan Kredi Epay la gen ladan l:

  • Kontribyab ki elijib yo dwe gen omwen 18 lane.
  • Nenpòt moun ke yo deklare kòm yon depandan sou deklarasyon yon lòt moun pa ka pran kredi a.
  • Yon elèv pa ka pran kredi a. Yo ap konsidere yon moun ki enskri kòm yon etidyan aplentan pandan yon bout nan 5 mwa sivil pandan ane a, kòm yon elèv.

Nenpòt distribisyon ki soti nan yon plan retrèt oswa yon kont ABLE ap diminye montan kontribisyon yo itilize pou kalkile kredi a. Pou 2022 a, règ sa ap aplike pou distribisyon yo resevwa apre 2019 ak anvan dat limit lan, tankou pwolonjman deklarasyon enpo 2022 yo. Fòm 8880 lan ak enstriksyon li yo gen detay sou fason pou fè kalkil sa a.

Vizite IRS.gov/getready pou aprann plis sou lòt fason pou w pare w pou sezon fiskal ki gen pou vini an.