Èd enpo pou nouvo paran

Konsèy Enpo IRS 2024-25, 1ye avril 2024

Paran yo gen sitiyasyon ak benefis fiskal espesyal. Avantaj fiskal pou depans paran yo ka lakòz yon bòdwo enpo ki pi ba ak yon ranbousman ki pi plis. Men kèk bagay kle nouvo paran yo bezwen konnen.

Anvan yo ranpli, nouvo paran yo ta dwe:

Lè w ap prepare pou w ranpli, tcheke kredi enpo ak dediksyon:

  • Kredi enpo pou timoun

    Kontribyab ki reklame omwen yon timoun kòm depandan (an anglè) nan deklarasyon enpo yo a ka elijib pou kredi enpo pou timoun nan. Pou ede yo konnen si yon timoun kalifye pou kredi sa a, kontribyab yo ka tcheke Èske pitit mwen/depandan mwen kalifye pou kredi taks pou timoun oswa kredi pou lòt depandan yo? (an anglè).
     

  • Kredi pou Swen Timoun ak Depandan

    Si kontribyab yo te peye yon moun pou pran swen pitit yo oswa yon lòt manm nan kay la pandan y ap travay, yo ka kalifye pou  kredi pou swen timoun ak depandan (an anglè) kèlkeswa revni yo. Kontribyab ki peye pou depans gadri yo ka elijib pou reklame jiska 35% nan depans sa yo ak sèten limit.
     

  • Kredi enpo pou adopsyon

    Kredi sa a pèmèt fanmi ki nan pwosesis adopsyon pandan ane fiskal la reklame depans adopsyon ki elijib pou chak timoun ki kalifye. Kontribyab yo ka aplike Kredi enpo pou adopsyon an (an anglè) pou adopsyon entènasyonal, domestik, prive ak piblik.
     

  • Kredi Enpo sou Revni w Touche 
    Kredi Enpo sou Revni w Touche ede fanmi ki gen revni ki ba oswa modere jwenn yon rediksyon enpo. Si yo kalifye, kontribyab yo ka itilize kredi a pou diminye anpo yo dwe - e petèt ogmante ranbousman enpo yo a. Moun ki te touche $63,398 oswa mwens an 2023 ka elijib pou kredi enpo sa a ki gen anpil valè. Pou ane fiskal 2023, EITC se ka rive jiska $7,430 pou yon fanmi ki gen twa oswa plis timoun oswa $600 pou kontribyab ki pa gen yon timoun ki kalifye.
     

Abòne nan konsèy fiskal IRS yo (an anglè)