Kontribyab yo ka resevwa yon ranbousman pou taks ki peye sou konpansasyon chomaj 2020 an

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-87, June 17, 2021

IRS la ap ekzaminen deklarasyon enpo ki te fèt anvan Plan Sovtaj Ameriken 2021 an te vin lwa nan mwa Mas pou detèminen bon montan konpansasyon chomaj ki gen taks sou li ak enpo. Pou kontribyab kalifye yo, sa ka nay yon ranbousman, rediksyon yon balans yo dwe oswa okenn chanjman nan enpo.

Efò IRS yo pou korije eksè peman konpansasyon chomaj yo ap ede majorite kontribyab ki afekte yo evite fè yon deklarasyon enpo amande. Gen kontribyab k ap resevwa ranbousman, yo pral bay tanzantan, epi kèk ap genyen eksè peman yo aplike sou enpo yo dwe oswa lòt dèt. Pou kèk, p ap genyen okenn chanjman.

Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an (ARPA - American Rescue Plan Act) te retire jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj pou chak kontribyab nan revni ki gen taks yo peye yo nan 2020 an. Kontribyab yo pa ta dwe takse jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj la. Sa se pa montan ranbousman kontribyab yo pral resevwa a.

Lòt ajisteman

IRS la ap fè koreksyon tou pou Kredi Enpo sou Revni yo, Kredi Enpo Prim (an anglè) ak kredi ranbousman rekiperasyon esklizyon an afekte a.

IRS la ka ajiste deklarasyon enpo yo pou sila yo ki selibatè ki pa genyen timoun epi ki vin kalifye pou EITC a. IRS la ka ajiste tou, deklarasyon enpo kote yo reklame EITC a ak timoun kalifye ki idantifye.

Kontribyab ki genyen timoun kalifye yo epi ki vin kalifye pou EITC (Earned Income Tax Credit - Kredi Enpo sou Revni) apre esklizyon fin kalkile ka genyen pou yo fè yon deklarasyon amande pou reklame nenpòt nouvo avantaj.

Si IRS la ajiste deklarasyon enpo yon moun, kontribyab la ap resevwa yon lèt nan anviwon 30 jou, k ap eksplike ki kalite ajisteman ki te fèt ak montan ajisteman an. Kalite ajisteman yo genyen ladan yo, yon ranbousman, peman dèt IRS oswa konpansasyon pou lòt dèt ki otorize. Konpansasyon yo gen ladan yo, enpo federal ki te gen pou peye, enpo sou revni leta, dèt konpansasyon chomaj leta, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou konjwen oswa kèk lòt dèt ki pa gen taks sou yo, tankou prè etidyan yo.

Kontribyab yo ta dwe kenbe tout avi IRS yo nan dosye yo epi revize deklarasyon enpo yo apre yo fin resevwa tout avi IRS yo.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)