Deklarasyon Dwa Kontribyab yo: Pwoteksyon pou tout kontribyab yo

IRS Tax Tip 2022-01, 3 Janvye 2022

De (2) eleman enpòtan nan misyon IRS la se trete kontribyab yo avèk diyite epi ak respè, epi fè yo viv yon eksperyans pozitif antanke kliyan. Deklarasyon Dwa Kontribyab yo dekri dis (10) dwa espesifik tout kontribyab genyen lè y ap entèraji ak IRS la.

Dwa sa yo kouvri anpil sijè ak pwoblèm e yo dekri ak kisa kontribyab yo ka atann yo nan ka yo bezwen travay ak IRS la sou yon pwoblèm fiskal pèsonèl. Sa gen ladan lè yon kontribyab ap depoze yon deklarasyon, peye taks yo, reponn yon lèt, ale nan yon odi oswa konteste yon desizyon IRS.

Men dwa ki dekri Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

  1. Dwa pou Ou Enfòme (an anglè)
     
  2. Dwa pou jwenn Sèvis Kalite (an anglè)
     
  3. Dwa pou Ou Pa Peye Plis pase Montan Taks ki Kòrèk la (an anglè)
     
  4. Dwa pou Ou Kanpe anfas Pozisyon IRS la epi Pou Yo Tande Ou (an anglè)
     
  5. Dwa pou Ou Konteste yon Desizyon IRS nan yon Fowòm Endepandan (an anglè)
     
  6. Dwa ak Finalite (an anglè)
     
  7. Dwa ak Vi Prive (an anglè)
     
  8. Dwa ak Konfidansyalite (an anglè)
     
  9. Dwa pou Gen Reprezantasyon (an anglè)
     
  10. Dwa ak yon Sistèm Fiskal ki Ekitab epi ki Jis (an anglè)

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)