Sa kontribyab yo ta dwe konnen lè yap chwazi yon pwofesyonèl enpo

Konsèy Fiskal IRS 2023-19, 14 Fevriye 2023

Anpil kontribyab yo tyeke yon pwofesyonèl enpo pou ede yo prepare deklarasyon enpo federal yo. Kontribyab sa yo ta dwe chwazi preparatè yo ak pridans. Pandan ke pifò preparatè enpo bay bon jan kalite sèvis, malerezman gen kèk ki pa fyab epi ki konn fè fwod. Ofinal kontribyab yo responsab tout enfòmasyon ki sou deklarasyon enpo ki sou revni yo, kèlkeswa moun ki prepare deklarasyon an.

Kontribyab yo ka gade resous IRS sa yo lè y ap chwazi moun ki prepare enpo yo:

Lè yo ap sèvi ak yon preparatè enpo, kontribyab yo ta dwe:

  • Chache yon preparatè ki disponib pandan tout ane a an ka ke gen kesyon apre sezon deklarasyon an fini.
  • Konsènan frè sèvis yo. Kontribyab yo sipoze evite pwofesyonèl enpo ki baze frè travay yo sou pousantaj ranbousman an, oswa ki mande pou depoze tout oswa yon pati nan ranbousman an sou kont finansye pèsonèl yo.
  • Asire yo ke preparatè a ofri deklarasyon elektwonik IRS. IRS la bay pifò ranbousman yo nan mwens pase 21 jou pou kontribyab ki ranpli elektwonikman epi ki chwazi  depo dirèk
  • Bay dokiman ak resi yo. Bon preparatè yo ap mande w pou yo wè dokiman sa yo.
  • Konprann konpetans ak kalifikasyon (an anglè) yon preparatè epi gade istorik lii pou plent ak koreksyon pou disiplin yo.
  • Pa janm siyen yon deklarasyon ki blanch oswa ki pa konplè. Kontribyab yo responsab pou soumèt yon deklarasyon enpo ki konplè epi ki kòrèk.
  • Revize deklarasyon enpo yo anvan ou siyen li epi poze kesyon si yon bagay pa klè oswa si li pa kòrèk.
  • Asire w tout ranbousman yo ap ale dirèkteman nan kont labank kontribyab la _ pa nan kont labank preparatè a.
  • Kontribyab yo ta dwe revize nimewo wout la ak kont labank lan sou deklarasyon ki fin ranpli an epi asire l li egzat.

Siy avètisman yon preparatè enpo "Fantom"

Dapre lalwa, tout moun yo peye pou prepare, oswa asiste nan preparasyon deklarasyon enpo federal yo, dwe genyen yon Nimewo Idantifikasyon Preparatè enpo (an anglè) valid. Preparatè yo peye yo dwe siyen epi mete PTIN yo nan deklarasyon yo prepare. Lè yo pa siyen yon deklarasyon, se yon move siy ki montre preparatè yo peye a, ap chèche fè yon pwofi rapid pandan l ap pwomèt yon gwo ranbousman oswa mande frè ki varye selon dimansyon ranbousman. Kontribyab yo ta dwe evite preparatè deklarasyon enpo "fantom" ki san etik sa yo.

Kijan pou ou rapòte move konpòtman preparatè a

Kontribyab yo ka sèvi avèk Fòm 14157 pou rapòte move konduit preparatè bay IRS, Plent: Preparatè Deklarsyon Enpo. Si yon kontribyab sispèk yon preparatè deklarasyon enpo te soumèt oswa chanje deklarasyon enpo yo a san konsantman yo, yo ta dwe ranpli Fòm 14157-A, Fwod oswa Move Konpòtman Affidavit Preparatè Deklarasyon Enpo. Toulede fòm sa yo disponib sou paj Pote yon Plent Konsènan yon Preparatè Deklarasyon Enpo (an anglè) IRS.gov.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)