Kijan IRS pwoteje kontribyab yo kont vòl idantite ki gen rapò ak taks

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.
People holding the American flag

Pandan patnè "Somè sou Sekirite" yo te fè gwo pwogrè, toujou gen anpil travay yo dwe fè epi yo bezwen èd nan men kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo tou pou poze aksyon epi pwoteje pwòp done yo.

Chèche konnen IRS, moun li yo ak pwoblèm ki afekte kontribyab yo


Two hands cupped under three locks with Security Summit under them

Pa Michael Beebe
CL-21-07HT, 25 fevriye 2021

Kit ou te tande pale oswa ou pa t tande pale sou "Somè sou Sekirite" a, ou te benefisye nan travay gwoup sa a ap fè. Somè sou Sekirite a se yon patenarya ant Sèvis Revni Entèn nan, ajans taks leta yo ak endistri nan zafè taks ki nan sektè prive a. Y ap travay ansanm pou konbat yon lènmi komen - vòlè idantite yo.

Depi lè li te kòmanse nan lane 2015, patnè Somè sou Sekirite te fè gwo pwogrè. Konsa a, menm jan lane 2020 te pwouve sa a, toujou gen anpil travay yo dwe fè.
Vòl idantite ki gen rapò ak taks pa yon opòtinite zak malveyan pou kriminèl ki pa òganize ak raketè nan preparasyon taks, men li vin tounen yon gwo biznis ki vrèman sofistike epi ki byen finanse pa sendika kriminèl nasyonal epi entènasyonal.

Kriminèl sa yo gen kapasite pou vòlè non moun, adrès ak nimewo Sekirite Sosyal lè gen vyolasyon masiv done yo nan biznis yo ak lòt òganizasyon yo. Bagay yo vin pi mal kounye a, yo konnen kòman pou yo itilize enfòmasyon taks yo vòlè yo byen vit pou yo ranpli fo deklarasyon taks epi reklame ranbousman nan men IRS.
Nan travay ansanm, patnè Somè sou Sekirite yo te idantifye aksyon yo dwe poze pou yo pi byen pwoteje kontribyab nasyon an kont vòl idantite ki gen rapò ak taks. Aksyon sa yo varye depi soti nan ti aktivite rive nan gwo tonton aktivite, gen anpil nan yo kontribyab yo pa menm rann kont, men ki gen anpil valè pou idantifye epi rete zafè fwod nan ranbousman ki gen rapò ak vòl idantite.

Gen kèk chanjman ki te pi parèt pou pi fò moun. Pa egzanp:

  • Founisè pwodwi taks yo te dakò pou ranfòse pwotokòl modpas yo. Sa a se premye liy defans pou konpayi sa yo pou yo asire sekirite pwodwi yo.
  • Ajans leta yo te kòmanse mande nimewo lisans chofè kontribyab yo kòm yon lòt fason pou moun yo pwouve idantite yo.
  • IRS limite kantite ranbousman taks ki ka ale nan yon kont finansye oswa yon adrès.
  • IRS te retire enfòmasyon pèsonèl ki nan relve taks yo.

Tout patnè Somè sou Sekirite yo te pran desizyon pou ranfòse jefò y ap fè kont fwod yo. Paske founisè lojisyèl pataje plis enfòmasyon ki pa gen rapò ak taks ak IRS, ajans la kapab pi byen idantifye fo deklarasyon yo anvan li aksepte yo nan pwosesis la. Pou nenpòt deklarasyon taks ki fè li depase limit sa a, IRS te amelyore filtè pou fwod li yo pou li pi byen idantifye yo kòm fo deklarasyon.

Patnè Somè sou Sekirite yo kounye a se IRS, 42 biznis ak asosyasyon leta ak 25 biznis ak asosyasyon sektè prive a. Yo konsantre sou pwoblèm ki gen rapò ak "konfyans kliyan" an - asire yo pou moun k ap ranpli yon deklarasyon taks se moun nan menm li ye.

Patnè yo rekonèt tou yo p ap kapab konbat kriminèl sa yo pou kont yo. Yo bezwen èd nan men kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo pou yo poze aksyon epi pwoteje pwòp done yo.

Pou sa a fèt, Somè sou Sekirite a te kreye plizyè kanpay pou edike kontribyab yo ak preparatè taks yo sou sa yo ka fè pou ede sispann vòl idantite yo.

  • Taks. Sekirite. Ansanm
    Objektif kanpay sa a se ogmante konsyantizasyon lakay kontribyab yo sou mezi sekirite yo ta dwe pran. Men sa yo gen ladan yo pwoteksyon viris sou òdinatè yo ak kreye modpas ki difisil pou tout kont yo genyen.
  • Pwoteje kliyan w yo; Pwoteje tèt ou
    Somè sou Sekirite a lanse kanpay sa a pou mande pwofesyonèl taks yo pi byen pwoteje enfòmasyon kliyan yo kont vòl done yo. Patnè Somè a travay pou amelyore konsyantizasyon nan mitan pwofesyonèl taks ki parèt kòm objektif prensipal moun k ap vòlè idantite yo. Vòl done nan biwo preparatè taks yo vin tounen fo deklarasyon taks ki vrèman difisil pou idantifye.
  • Semèn Konsyantizasyon Sekirite Nasyonal sou Tak
    Pwomosyon anyèl sa a rive nan mwa desanm. Patnè yo met tèt yo ansanm pou yo pote atansyon ak etap sekirite ki nesesè yo epi ogmante konsyantizasyon sou fwod anvan kòmansman sezon ranpli taks la.

Rezilta Somè sou Sekirite a te vrèman pozitif.

  • Ant 2015 ak 2019, kantite kontribyab ki rapòte yo te viktim vòl idantite redwi a 80%.
  • Nimewo deklarasyon konfime vòl idantite IRS sispann yo redwi a 68%.
  • IRS te pwoteje yon total 26 milya dola nan fo ranbousman ak desizyon li te pran pou kanpe konfime deklarasyon yo konfime ki gen rapò ak vòl idantite.
  • Patnè endistri finansye yo te rekipere yon lòt 1.7 milya dola nan fo ranbousman.

Nan travay ansanm, patnè Somè sou Sekirite yo te idantifye aksyon yo dwe poze pou yo pi byen pwoteje kontribyab nasyon an kont vòl idantite ki gen rapò ak taks. Aksyon sa yo varye depi soti nan ti aktivite rive nan gwo tonton aktivite, gen anpil nan yo kontribyab yo pa menm rann kont, men ki gen anpil valè pou idantifye epi rete zafè fwod nan ranbousman ki gen rapò ak vòl idantite.

Menm avèk siksè sa yo, lane 2020 a te montre n kouman nou tout dwe rete vijilan. ATOUFÈ ak vòlè idantite yo chèche nenpòt oswa tout opòtinite pou yo vòlè, kèlkeswa doulè sa a ta koze. Pandemi Kowonaviris la ak bès ekonomik li lakòz yo te ba yo opòtinite sa a.

Kòm Kongrè a te apwouve Lwa sou Èd, Asistans ak Sekirite Ekonomik ki gen rapò ak Kowonaviris ki te gen ladan li premye vèsman Peman Enpak Ekonomik IRS te distribiye yo ak amelyorasyon benefis chomaj leta yo, magouyè ak vòlè idantite yo pa t dòmi, yo rete travay pou twonpe moun divilge done pèsonèl yo.

Menm anvan evènman lane 2020 yo, patnè Somè yo te deja planifye pou bay kontribyab yo ak preparatè taks plis zouti pou pwoteje tèt yo nan lane 2021 an:

  • Pwodwi lojisyèl taks sou entènèt ki disponib ni pou kontribyab yo ni pwofesyonèl taks yo ap gen opsyon pou verifikasyon milti-faktè. Verifikasyon milti-faktè pèmèt itilizatè yo pi byen pwoteje kont yo sou entènèt. Youn nan fason sa a fèt se lè yo egzije pou w voye yon kòd sekirite sou yon telefòn aprè w fin mete non itilizatè ak modpas pou gen aksè ak kont la.
  • Nenpòt kontribyab ki ka verifye idantite yo kapab jwenn yon PIN Pwoteksyon Idantite tou. Lè yon kontribyab itilize PIN sa a, li ede anpeche moun k ap vòlè idantite yo ranpli yon fo deklarasyon taks nan non kontribyab la. Yon PIN IP se yon nimewo sis chif sèlman kontribyab la ak IRS konnen. Li ajoute yon lòt kouch pwoteksyon nan nimewo sekirite sosyal (SSN) kontribyab la oswa Nimewo Idantifikasyon kontribyab la.
  • Patnè Somè yo te fòme yon sant pou pataj enfòmasyon ki pèmèt yo idantifye byen vit magouy k ap moute plis epi reyaji pou pwoteje kontribyab yo. Sant pataj ak analiz enfòmasyon sou fwòd ki gen rapò ak vòl idantite ak ranbousman taks ap fonksyone kounye a.

Kòm Somè Sekirite a nan sizyèm ane ekzistans li, patenarya ant IRS, eta yo ak endistri a pi enpòtan pase tout lè. Menm jan li enpòtan pou kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo okouran epi veye eskwokri ak vòl.

Nou tout gen yon wòl pou n jwe nan pwoteksyon kontribyab Ozetazini yo.

Michael Beebe
Direktè, Sèvis Konfòmite ak Entegrite Deklarasyon yo

Photo of Michael Beebe

Konsènan otè a

Michael Beebe se Direktè, Sèvis Konfòmite ak Entegrite Deklarasyon yo nan Divizyon W&I, kote li responsab pou ranfòse entegrite sistèm taks la nan pwoteksyon revni pre-ranbousman ak sipèvizyon kredi ki ranbousab yo. Sa a gen ladan analiz deklarasyon pou detekte fwod ki potansyèl yo ak vòl idantite epi aktivite konfòmite pou anpeche twòp ranbousman. Anvan plasman sa a, Mike te sèvi nan plizyè lòt wòl nan IRS tankou Direktè Adjwen RICS, Direktè Asistans sou teren, Direktè Patenarya Moun ki gen enterè yo, Edikasyon ak Kominikasyon (SPEC) ak Direktè sou teren, Jesyon kont yo (Atlanta).

 

 

Evite Imèl eskwokri (an anglè) 

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.