Alèjman Penalite Akoz Eksepsyon Lalwa Prevwa

Ou ka kalifye pou alèjman penalite dapre yon seri eksepsyon lalwa prevwa lwa fiskal la bay.

Sou Paj Sa a

  • Eksepsyon Lalwa Prevwa ki Kalifye pou Alèjman
  • Konsèy Alekri ki Pa Kòrèk ki soti nan men Nou
  • Ale Lapòs a Tan
  • Zòn Katastwòf Federal ak Zòn Konba
  • Kòman pou Fè Demann Alèjman Penalite
  • Kòman pou Konteste yon Desizyon Alèjman Penalite
  • Alèjman Enterè

Eksepsyon Lalwa Prevwa ki Kalifye pou Alèjman

Ou ka kalifye pou alèjman penalite akoz eksepsyon lalwa prevwa. Eksepsyon lalwa prevwa ki komen yo se:

Pou plis enfòmasyon sou eksepsyon lalwa prevwa yo, gade Seksyon 20.1.1 Manyèl Revni Entèn, Manyèl Penalite, Entwodiksyon ak Alèjman Penalite (an anglè).

Konsèy Alekri ki Pa Kòrèk ki soti nan men Nou

Ou ka kalifye pou alèjman si ou te resevwa yon penalite paske:

  • Ou te resevwa konsèy alekri ki pa kòrèk nan men nou kòm repons pou demann alekri ou te fè pou enfòmasyon epi
  • Ou te konte sou konsèy ki pa kòrèk la

Lè w ap fè demann alèjman pou konsèy alekri ki pa kòrèk, w ap bezwen:

  • Yon kopi konsèy alekri ou te resevwa nan men nou an
  • Yon eksplikasyon sou ki fason ou te konte sou konsèy sa
  • Yon kopi avi IRS ki idantifye penalite oswa chaj adisyonèl ki soti nan konsèy ki pa kòrèk la

Mete dokiman sipò ki gen rapò avèk konsèy ki pa kòrèk la tankou:

Ale Lapòs a Tan

Ou ka kalifye tou pou alèjman an si ou te voye deklarasyon tas ou a pa lapòs a tan epi ou te resevwa yon penalite.

Nou konsidere yon deklarasyon sou papye fèt a tan si ou:

  • Te voye li lapòs ozetazini nan dat limit pou deklare oswa peye a oswa anvan
  • Te adrese li ak nou kòrèkteman
  • Te mete bon tenb sou li
  • Te voye li lapòs atravè Sèvis Lapòs Etazini oswa yon sèvis livrezon prive nou chwazi (an anglè)

Nou konsidere yon deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik fèt a tan si:

  • Yo te voye li atravè yon transmetè deklarasyon elektwonik otorize
  • Tenb elektwonik te poze sou li a tan
  • Nou te resevwa li nan yon fòm nou ka trete li

Si deklarasyon ou te fè pa vwa elektwonik la te a tan epi li te nan yon fòm nou ka trete men sistèm deklarasyon elektwonik nou an te rejte li, n ap konsidere li fèt a tan si ou te retounen voye li oswa te voye li lapòs nan 10 jou apre premye avi rejè a.

Si deklarasyon ou te fè pa vwa elektwonik la te rejte pou yon rezon ki ta lakoz yon deklarasyon sou papye pa ka trete, nou pa konsidere li fèt a tan.

Zòn Katastwòf Federal ak Zòn Konba

Si yon katastwòf federal te domaje ou oswa ou t ap sèvi nan yon zòn konba, ou ka kalifye pou alèjman penalite.

Jwenn plis sou rezidan nan zòn katastwòf federal yo (an anglè).

Jwenn plis sou manm sèvis ak sivil k ap travay nan yon zòn konba (an anglè).

Kòman pou Fè Demann Alèjman Penalite

Swiv enstriksyon ki nan avi IRS ou te resevwa a.

Gen demann alèjman penalite nou ka aksepte nan telefòn. Rele nou nan nimewo gratis ki nan kwen anlè adwat avi oswa lèt ou a. Mete enfòmasyon sa yo pre ou lè ou rele:

  • Avi oswa lèt nou te voye ba ou
  • Penalite ou vle alèjman pou li a
  • Rezon ki fè ou panse nou ta dwe retire li

Pandan apèl la, n ap di ou si alèjman penalite a apwouve. Si nou pa kapab apwouve alèjman w lan nan telefòn, ou ka fè demann alèjman an alekri avèk Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demann pou Rediksyon (an anglè).

Pou redui oswa retire yon penalite pou taks estime, gade:

Kòman pou Konteste yon Desizyon Alèjman Penalite

Si ou te resevwa yon avi oswa yon lèt ki di nou refize demann alèjman penalite w la, gade Kalifikasyon pou Konteste Penalite (an anglè) pou lòt etap yo.

Alèjman Enterè

Gen enterè pou peye sou penalite yo. Enterè yo ap ogmante montan ou dwe a jiskaske ou fin peye tout balans ou.

N ap redui oswa retire enterè ki konsène yo otomatikman si nenpòt nan penalite ou yo redui oswa retire. Pou plis enfòmasyon konsènan enterè nou chaje sou penalite yo, gade Enterè sou Mank Pèman ak sou Pèman ki Depase (an anglè).

Jwenn Èd