IRS la te bay tout premye, dezyèm ak twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo. Ou pa kapab itilize aplikasyon Resevwa Pèman Mwen an pou w verifye estati pèman w yo ankò.

Kijan pou Reklame yon Pèman ki Manke

Ou ka anmezi pou ou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon nan deklarasyon taks federal 2020 oswa 2021 w lan si ou pa t jwenn yon Pèman Enpak Ekonomik oswa si ou te jwenn mwens pase tout montan an.

Li enpòtan pou ou konprann Pèman Enpak Ekonomik yo aplike pou plizyè ane fiskal. Toudepann de si ou te manke premye, dezyèm, oswa twazyèm pèman an, w ap bezwen depoze, swa yon deklarasyon taks 2020 oswa yon deklarasyon taks 2021 pou ou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon.

Chèche Konnen ki Pèman Ou te Resevwa

Pou ou jwenn montan Pèman Enpak Ekonomik ou yo, verifye:

Kont Anliy Ou: Ale sou kont IRS ou anliy an tout sekirite pou ou wè montan total premye, dezyèm ak twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ou yo nan seksyon "Economic Impact Payment Information" (enfòmasyon sou Pèman Enpak Ekonomik lan) sou paj Tax Records (Dosye Fiskal) la.

Avi EIP (Pèman Enpak Ekonomik) IRS yo: Nou te voye avi sa yo nan adrès nou genyen nan dosye ou.

  • Avi 1444: Montre premye Pèman Enpak Ekonomik ki fèt pou ane fiskal 2020
  • Avi 1444-B: Montre dezyèm Pèman Enpak Eonomik ki fèt pou ane fiskal 2020
  • Avi 1444-C: Montre twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ki fèt pou ane fiskal 2021

Lèt 6475: Nan mas 2022 a, n ap voye lèt sa a k ap konfime montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la ak tout pèman siplemantè ou te resevwa pou ane fiskal 2021 an.

W ap bezwen enfòmasyon sou pèman total ki sou kont anliy oswa nan lèt ou a pou ou byen kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon w lan. Pou moun ki marye epi k ap fè deklarasyon konjwen yo, chak konjwen ap bezwen konekte sou pwòp kont anliy yo oswa revize pwòp lèt yo a pou mwatye pèman total la.