Aji kounye a pou rapòte, anpeche ak retabli de vòl idantite ki gen rapò ak enpo.
Aprann kijan pou pwoteje enfòmasyon ou yo pou pèsonn pa ka jwenn ranbousman w, fè yon deklarasyon sou non w oswa jwenn aksè nan Kont sou Entènèt ou.
Nan paj sa a
Etap pou w pran kounye a
Si w te resevwa yon lèt, avi oswa faks IRS
Siy avètisman yo
Konsèy prevansyon
Kite nou ede
Etap pou w pran kounye a
Si yo te vòlè idantite w:
- Sispann kominike avèk vòlè idantite a. Kwoke. Pa ba yo lajan oswa enfòmasyon pèsonèl oswa finansye. Pa klike sou lyen, ak louvri atachman oswa ale nan sit entènèt ki gen URL etranj. Si ou te fè sa, egzekite yon antivirus lojisyèl.
- Mete ajou modpas kont sou entènèt ou an. Fè li konplèks ak inik.
- Swiv enstriksyon IRS nan lèt, avi oswa reprezantan w la.
- Rapòte vòl idantite.
- Swiv etap rekiperasyon yo sou IdentityTheft.gov (an anglè).
- Jwenn yon PIN pwoteksyon idantite (IP) pou pwoteje kont enpo w.
- Kenbe dosye lèt, apèl telefòn ak imèl.
- Ranpli deklarasyon epi peye enpo kòm dabitid.
- Tcheke ak ajans enpo leta w la (an anglè) pou lòt etap yo.
Pran etap adisyonèl pou kalite espesifik vòl idantite:
- Ranpli dènye deklarasyon enpo moun ki mouri a nan dat regilye (an anglè).
- Voye bay biwo kredi yo yon kopi sètifika lanmò a. Fè yo mete yon "alèt moun ki mouri" sou rapò kredi a. Gade rapò pou aktivite ki pa nòmal.
- Evite mete twòp enfòmasyon nan yon nekroloji ke vòlè idantite ta ka itilize.
Yon depandan se yon timoun oswa yon fanmi ki kalifye ki konte sou ou pou sipò finansye. Enfòmasyon yo ka itilize pou jwenn yon kredi enpo.
Si yo vòlè idantite depandan ou: Pran aksyon kounye a. Tcheke si ou ta dwe ranpli Fòm 14039, Affidavit Vòl Idantite.
Si yo te reklame depandan ou sou yon lòt deklarasyon menm ane fiskal la: Sa ka rive akòz yon enkonpreyansyon, erè oswa krim tankou vòl idantite oswa fwòd:
- Anvan ou ranpli, detèmine ki moun ki ka reklame depandan an (an anglè).
- Asire w ke enfòmasyon depandan an kòrèk sou deklarasyon an.
- Si ou te resevwa yon rejè pou deklarasyon elektwonik (e-file), ou ka toujou ranpli deklarasyon w lan elektwonikman. Apati deklarasyon enpo 2024 yo, IRS ap aksepte Fòm 1040, 1040-NR, ak 1040-SS ki ranpli elektwonikman menm si yon moun ki sou kont ou deja reklame. Si kontribyab prensipal la sou dezyèm deklarasyon an gen ladan l yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Pwoteksyon Idantite (IP PIN) ki valab, deklarasyon an p ap rejte pou yon moun ki sou kont ou ki double. Moun ki sou kont ou a pa bezwen yon IP PIN sof si yo te deja ba li youn.
- Si ou deja gen yon IP PIN, sèvi avè l pou ranpli deklarasyon w lan elektwonikman.
- Si ou pa gen yon IP PIN, fason ki pi rapid pou resevwa youn se atravè kont sou entènèt ou, nan seksyon IP PIN nan paj pwofil ou. Si ou pa gen yon kont sou IRS.gov, ou dwe enskri epi valide idantite w anvan ou ka mande yon IP PIN nan fason sa a.
- Si ou pa kapab jwenn aksè oswa kreye yon kont sou entènèt, ou ka mande yon IP PIN lè w ranpli g Fòm 15227, Demann pou yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè) sou entènèt.
- Si nou jwenn reklamasyon ki double, n ap avize w pa lapòs . Swiv enstriksyon nou yo imedyatman.
- Si ou pa kapab ranpli elektwonikman (e-file), ranpli yon deklarasyon sou papye. Mete dokiman sipò yo an PDF (an anglè) PDF, epi voye pake deklarasyon w lan ban nou pa lapòs. Pwosesis deklarasyon an pran apeprè 6 a 8 semèn, apre sa n ap egzamine reklamasyon an. Sa ap retade nenpòt ranbousman.
- Si nou verifye reklamasyon w la, w ap bezwen bay prèv ou ka reklame depandan an (an anglè) PDF. Nap fè yon detèminasyon, answit evalye nenpòt enpo, penalite oswa enterè sou moun ki te fè reklamasyon ki pa kòrèk la.
Lwa sou enfòmasyon prive (an anglè): Nou pa ka di w ki moun ki fè reklamasyon depandan w la. Nou kapab sèlman divilge enfòmasyon pou kontribyab prensipal ak segondè yo.
Ki gen rapò: Depandan, Dediksyon Estanda ak Enfòmasyon sou Ranpli, Piblikasyon 501(an anglè) PDF
Vòlè idantite yo ka itilize enfòmasyon ou yo pou aplike pou yon travay. Sa ka afekte enpo w, benefis Sekirite Sosyal, ak istwa travay ou.
Si ou te resevwa yon lèt IRS, yon avi oswa yon faks: Touswit swiv enstriksyon nou yo.
Si w te resevwa yon Fòm W-2 oswa Fòm 1099 nan men yon anplwayè enkoni: Pa mete revni a sou deklarasyon w oswa amande yon deklarasyon ou te deja ranpli. Kontakte Administrasyon Sekirite Sosyal la (an anglè).
Si revni Sekirite Sosyal ou pi plis pase sa ou te touche oswa ou te espere: Kontakte Administrasyon Sekirite Sosyal la (an anglè).
Tcheke si ou ta dwe ranpli Fòm 14039, Affidavit Vòl Idantite.
Pou plis detay, tcheke gid nou an sou vòl idantite ki gen rapò ak travay.
Si w te resevwa yon lèt, avi oswa faks IRS
Nou voye yon lèt oswa yon avi lè nou sispèk vòl idantite sou yon deklarasyon. Pafwa, resevwa kourye nou an se premye siy ou ta ka afekte pa vòl idantite.
Nou voye yon faks pou verifye revni, prelèvman oswa travay.
Pran etap sa yo kounye a:
- Verifye li soti nan nou.
- Swiv enstriksyon nou yo. Si nou di w, sèvi ak Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon Enpo nou an.
- Jwenn yon kopi deklarasyon ou, si sa nesesè. Tcheke Kont sou Entènèt ou oswa rele 800-908-9946. Pou w ka jwenn yon kopi yon deklarasyon fwòd, voye pou nou Fòm 4506-F, Demann Viktim Vòl Idantite pou Kopi Deklarasyon Fwòd Enpo (an anglè).
- Jwenn yon fòm , si sa nesesè, pou deziyen yon reprezantan (an anglè) oswa fè nou konnen w ap aji kòm yon fidisyè (an anglè). Tcheke si ou ta dwe ranpli Fòm 14039, Affidavit Vòl Idantite.
Ou ta ka tou:
- Rapòte fwod enpo, yon eskwokri, oswa yon vyolasyon lalwa (an anglè).
- Jwenn yon PIN pwoteksyon idantite (IP PIN).
- Tcheke ranbousman w.
- Chèche konbyen tan sa ap pran (an anglè) pou trete fòm ak deklarasyon yo.
- Aprann sou Pwogram Asistans pou Viktim Vòl Idantite nou an.
Aksè: Fòm altènatif (an anglè) ka disponib pou lèt, avi ak fòm yo.
Si nou di w nan yon lèt oswa yon avi, sèvi ak Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon Enpo nou an.
Pa ranpli Fòm 14039, Affidavi Vòl Idantite si w sèvi ak sèvis sa a.
Si w pa kapab konekte, rele nimewo ki nan lèt ou a oswa nan avi w la.
Aksè: Gid pou Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon Enpo la ( anglè)
Pifò moun pa bezwen ranpli fòm sa a.
Pa ranpli si:
- Ou te deja voye li ba nou oswa ou te ranpli li sou IdentityTheft.gov (an anglè).
- Nou deja voye yon lèt oswa yon avi ba ou.
- Vòl idantite a pa gen rapò ak enpo.
- Ou te sèvi oswa nou di w pou w sèvi ak Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon Enpo .
- Ou se yon òganizasyon biznis, fidisyè, byen imobilye oswa egzante enpo. Sèvi ak Fòm 14039-B, Affidavi Vòl Idantite Biznis (an anglè) PDF.Tcheke gid vòl idantite pou biznis yo (an anglè).
Ranpli sèlman si:
- Nou di w.
- Ou pa kapab sèvi ak Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon Enpo w la.
- Ou vle pale nou sou posib vòl idantite ki gen rapò ak enpo nou pa genyen nan dosye, tankou yon vyolasyon done.
Ou ka ranpli pou tèt ou oswa yon lòt moun, ki gen ladan yon moun ki depandan oswa moun ki mouri.
Aksè: Fòm sa a ka disponib nan lòt fòma yo (an anglè).
Siy avètisman
Siveye aktivite etranj nan kont enpo ak Sekirite Sosyal ou oswa enfòmasyon pèsonèl ak finansye, tankou:
- Deklarasyon enpo yo rejte
- Fòm W-2 oswa Fòm 1099 nan men anplwayè ou pa t travay
- Fòm 1099-G benefis chomaj ou pa t resevwa oswa ou pa t aplike pou li
- Nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN) ou pa t aplike
- Alèt sou revni ki pa rapòte, tankou yon avi seri CP2000 (an anglè)
- Yon moun ki vle "ede" ak kont sou entènèt ou an
- Kont ki te kreye oswa ou pa t gen aksè a
- Alèt sou reset modpas oswa verifikasyon konekte
- Vyolasyon done ki te ekspoze enfòmasyon ou yo. Konsidere ranpli Fòm 14039, Affidavi Vòl Idantite (an anglè).
- Kont Sekirite Sosyal montre salè ou pa t touche oswa ou pat atann
Sa yo pa toujou vle di ou te afekte pa vòl idantite, men toujou dwe pridan.
Sib vòl idantite yo ta ka ou menm, pitit ou yo, lòt depandan yo ak moun ki pa ranpli yo.
Rekonèt èskrokri enpo ak fwòd.
Konsèy prevansyon
- Pran prekosyon. Rete kalm epi aji vit si w sispèk vòl idantite.
- Jwenn yon PIN pwoteksyon idantite (IP PIN). Li anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon ak nimewo idantifikasyon kontribyab ou (TIN).
- Sekirize kont sou entènèt ou an. Sèvi ak yon modpas konplèks, inik.
- Pwoteje enfòmasyon pèsonèl ak finansye ki gen ladan nimewo Sekirite Sosyal, non itilizatè kont, modpas ak done pou depandan ak moun ki mouri.
- Siveye kont ak rapò pou enpo, Sekirite Sosyal, kredi ak finans.
Kite nou ede w
- Pou verifye idantite w ak estati deklarasyon enpo ou, rele nou nan 800-908-4490 . Nou pa ka bay estati ranbousman ou oswa lòt enfòmasyon enpo sou nimewo sa a. Pou repons kont enpo, rele 800-829-1040 .
- Pou verifye avi oswa lèt ou a, chèche li sou Entènèt oswa rele nou nan 800-829-1040 .
- Jwenn yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS (an anglè).
- Kontakte Sèvis Defansè Kontribyab.
Piblikasyon
- Vòl Idantite, Piblikasyon 5423 (an anglè) PDF
- Enfòmasyon sou vòl idantite pou kontribyab yo, Piblikasyon 5027 (an anglè) PDF
- Konsyantizasyon sekirite pou kontribyab yo, Piblikasyon 4524 (an anglè) PDF
- Gid pou Preparatè Enpo sou Vòl Idantite, Piblikasyon 5199 9an anglè) PDF
Videyo
- Evite imèl èskrokri (an anglè)
- Etap fasil pou pwoteje òdinatè w ak telefòn ou (an anglè)
- Jwenn yon PIN pwoteksyon idantite (an anglè)
- Pwoteje idantite w (an anglè)