Dirty Dozen: Pran prekosyon nou ak pwopozisyn konpwomi "faktori" ki pretann sèvis yo nesesè pou rezoud pwoblèm dèt IRS.

IR-2024-91, 3 avril 2024

WASHINGTON — Kòm yon pati nan lis anyèl Dirty Dozen (an anglè) enpo fwod la, Internal Revenue Service jodi a renouvle avètisman li bay kontribyab yo konsènan "faktori" pwopozisyon konpwomi (OIC) k ap twonpe kontribyab yo ak efò agresif pou fè panse dèt enpo moun yo ka disparèt.

Menm jan nan ane ki sot pase yo, konpayi kap dirije “faktori” OIC yo kontinye fè anpil reklam ak pwomès yo ka jere dèt kontribyab yo ak gwo rabè, tankou peye santim pou chak dola. Pandan ke OIC se yon pwogram IRS lejitim, anpil kontribyab pa satisfè kondisyon teknik yo pou pwogram rezolisyon enpo sa a, souvan sa lakòz yo fè yo peye frè ki twòp, pou enfòmasyon yo te kapab fasilman jwenn gratis lè yo itilize zouti Pre-kalifikasyon Pwopozisyon Konpwomi (an anglè).

OIC se yon pwogram IRS ki gen anpil valè pou ede kontribyab ki pa ka peye dèt enpo federal yo, e gen kèk konpayi ki ofri sèvis lejitim. Men, IRS ankouraje moun yo pran kèk minit pou evalye enfòmasyon ki disponib sou IRS.gov pou detèmine si yo satisfè kritè kalifikasyon pou pwogram OIC a pou evite anboche pwomotè ki chè.

Komisyonè IRS Danny Werfel te di: “Kontribyab yo dwe pran prekosyon ak maketing agresif nan pwogram Pwopozisyon Konpwomi an ki ka twonpe kontribyab yo.” Komisyonè IRS la te ajoute “Faktori sa yo eseye fè anpil lajan pandan y ap bay moun fo espwa, epi yo eksplwate moun vilnerab yo ak pwomès dèt enpo yo ka disparèt nan yon batje.”

"Pwogram nan lejitim, men li pa pou tout moun," Werfel te ajoute. “IRS vle ede kontribyab ki kalifye pou pwogram sa a, men gen kondisyon trè presi pou moun yo kalifye. Yon bon premye etap se pou kontribyab yo pran kèk minit epi eksplore resous gratis nou yo sou IRS.gov. Yo ka chèche konnen si yo ta ka kalifye pou pwogram sa a - epi evite peye yon moun yon pakèt kòb.”

Faktori OIC yo se sijè senkyèm nouvèl la nan seri Dirty Dozen (an anglè)nan. Kòmanse an 2002, kanpay anyèl lis Dirty Dozen IRS bay la gen 12 magouy ak konplo ki mete kontribyab, biznis ak kominote pwofesyonèl enpo a nan risk pou yo pèdi lajan, enfòmasyon pèsonèl, done ak plis ankò. Byenke Dirty Dozen nan pa yon dokiman legal oswa yon lis fòmèl nan priyorite ranfòsman ajans lan, efò edikasyon an fèt pou sansibilize ak pwoteje kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo yo kont èskrokri konplo enpo ak magouy ki komen.

Pran prekosyon nou ak faktori Pwopozisyon Konpwomi yo

Yon OIC se yon pwogram IRS lejitim ki pèmèt kontribyab ki kalifye yo travay avèk IRS pou regle yon dèt enpo pou mwens pase kantite lajan total yo dwe a. Li se yon opsyon pou moun ki ka pa kapab peye tout responsablite enpo yo, oswa si sa kreye yon gwo difikilte finansye pou yo. Nan detèmine kalifikasyon, IRS konsidere sitiyasyon inik kontribyab la. Akò OIC a fèt dirèkteman ant kontribyab la avèk IRS san yon tyès.

Kontribyab yo, sepandan, ta dwe pran prekosyon nan avèk faktori OIC yo, ki fè pwomès ekzajere atravè anons radyo ak televizyon sou regleman dèt enpo bon mache. An reyalite, faktori sa yo souvan chaje anpil kòb, epi kontribyab yo vin peye pou yon sèvis yo te kapab jwenn gratis dirèkteman nan men IRS.

IRS ankouraje moun yo pou yo pase kèk minit ap egzamine enfòmasyon sou IRS.gov pou detèmine si yo ka elijib pou pwogram OIC a lè yo itilize zouti Pre-Kalifikasyon IRS la ofri pou konpwomi gratis zouti Pre-Kalifikasyon Pwopozisyon konpwomi (an anglè) IRS la ki gratis.

IRS raple kontribiyab yo gen opsyon Rediksyon pou Premye fwa a, kote kontribyab yo ka ale dirèkteman jwenn IRS pou soulajman administratif pou yon penalite ki otreman tap vin ajoute sou dèt enpo a.

Ede lòt moun: Rapòte fwod, magouy ak konplo

IRS ankouraje kontribyab yo pou yo rapòte nenpòt moun ki fè pwomosyon plan enpo ki pa kòrèk, ki abizan oswa ki se fwod, ansanm ak preparatè deklarasyon enpo ki fè espre yo prepare deklarasyon ki pa kòrèk oswa malonèt.

Pou rapòte yon konplo enpo abizan oswa yon preparatè deklarasyon enpo, moun nan ta dwe itilize Fòm 14242 sou Entènèt, Rapòte Pwomosyon oswa Preparatè Enpo sispèk yo (an anglè), oswa pa lapòs, oswa pa faks, yon fòm an papye byen ranpli, Fòm 14242, Rapòte Pwomosyon oswa Preparatè Enpo Sispèk yo (an anglè)PDF, ak nenpòt dokiman sipò bay IRS Lead Development Center nan Office of Promoter Investigations.

Adrès Postal:

Internal Revenue Service Lead Development Center
Stop
MS5040
24000 Avila Road
Laguna Niguel, California
92677-3405
Fax: 877-477-9135

Anplis de sa, kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo yo ka soumèt rapò yo a sou move pratik, oswa fwod yo bay IRS Whistleblower Office (an anglè), ki ka ofri yon prim monetè potansyèl.

Pou aprann plis sou fason pou w evite vin yon viktim konplo preparasyon enpo ak fwod, tanpri gade Konplo Fiskal Abizan ak Preparatè Deklarasyon Enpo abizan (an anglè) sou IRS.gov.