Etap fasil pou evite erè nan deklarasyon taks, sa ki ka retade tretman oswa ajiste ranbousman yo

IR-2022-62, 22 mas 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) — Jodi a Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo kijan pou yo evite erè yo souvan fè yo nan deklarasyon taks yo. Pandan sezon deklarasyon taks sa a, IRS obsève yon kantite erè yo fè souvan, ki gen ladan kèk kontribyab ki reklame montan ki pa kòrèk pou Kredi Rabè Rekiperasyon an ak Kredi Taks pou Timoun nan.

Pou evite erè sou gwo kredi sa yo, gen kèk etap kle kontribyab yo ta dwe sonje. Kontribyab yo sipoze tcheke Lèt 6419 (an anglè) pou avans peman Kredi Taks pou Timoun ak Lèt 6475 (an anglè) pou montan twazyèm Peman Enpak Ekonomik yo te resevwa yo– oswa Kont Entènèt yo – pou byen prepare yon deklarasyon taks yo ak done ki egzat. Lè ou reklame montan kredi taks ki pa kòrèk sa gendwa retade IRS nan tretman yo, konsa tou li ka lakoz ajisteman montan ranbousman yo.

Men lòt fason fasil pou evite erè yo fè souvan sa yo nou te remake nan sezon deklarasyon taks sa a.

Deklarasyon elektwonik. Kontribyab yo ka itilize òdinatè yo, telefòn entèlijan yo oswa tablèt yo pou fè deklarasyon taks elektwonik yo, kit se atravè Deklarasyon Gratis IRS oswa lòt founisè sèvis Deklarasyon elektwonik yo, sa ki kapab ede diminye erè yo. Lojisyèl taks itilize yon fòma kesyon repons pou gide kontribyab yo nan deklarasyon taks yo seksyon pa seksyon. Fè anpil atansyon lè w ap rantre enfòmasyon yo. Sa enkli nenpòt enfòmasyon ki nesesè pou kalkile kredi ak dediksyon yo. Itilize lojisyèl taks ka ede nan anpeche erè matematik yo, men kontribyab yo ta dwe toujou revize deklarasyon taks yo pou tcheke si done yo egzat.

Sèvi ak estati deklarasyon taks ki kòrèk la. Lojisyèl taks, ki gen ladan Deklarasyon Gratis IRS, ede anpeche erè tou lè w ap chwazi yon estati pou deklarasyon taks la. Si kontribyab yo pa sèten sou estati deklarasyon taks yo, Asistan Taks Entèraktif (an anglè) la ki sou sit IRS.gov la ka ede yo chwazi estati ki kòrèk la, sitou si plis pase yon estati deklarasyon taks aplikab.

Reponn kesyon monnen vityèl la. Fòm 1040 ak 1040-SR 2021 yo mande si nan nenpòt ki moman pandan ane 2021 an, yon moun te resevwa, vann, echanj oswa fè pasasyon otreman nenpòt enterè finansye nan nenpòt monnen vityèl. Kontribyab yo pa sipoze kite kazye sa a vid men yo sipoze tcheke swa "Wi" oswa "Non."

Rapòte tout revni taksab yo. Si w pa rapòte tout revni yo, sa ka lakoz penalite ak enterè. Dosye taks òganize yo ede evite erè ki kapab koze reta nan pwosesis la epi yo ka ede jwenn dediksyon oswa kredi ki te gendwa neglije yo tou. Kontribyab yo ta sipoze gen tout dokiman revni yo nan men yo anvan  menm yo kòmanse fè deklarasyon taks yo. Egzanp yo se Fòm W-2, 1099-MISC oswa 1099-NEC.

Mete konpansasyon chomaj. IRS remake kèk ka kote gen kontribyab ki pa enkli konpansasyon chomaj yo te resevwa an 2021 nan deklarasyon taks yo. Malgre yon lwa espesyal (an anglè) te pèmèt kontribyab yo eskli taks sou konpansasyon pou chomaj an 2020, sa te valab sèlman pou ane sa a. Jeneralman, konpansasyon chomaj yo resevwa an 2021 yo taksab, kidonk, kontribyab yo sipoze enkli li antanke revni nan deklarasyon taks yo.

Tcheke de (2) fwa non, dat nesans ak nimewo Sekirite Sosyal nou mete yo. Kontribyab yo dwe byen ekri non, nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ak dat nesans pou chak moun yo reklame antanke yon depandan nan deklarasyon taks sou revni endividyèl yo. Antre chak SSN ak non moun nan yon deklarasyon taks egzakteman jan sa ekri nan kat Sekirite Sosyal la. Si konjwen yon depandan pa genyen epi li pa elijib pou posede yon SSN, mete Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl la (ITIN) olye de yon SSN.

Tcheke de fwa nimewo routin (routing number) ak nimewo kont yo. Mande yon depo dirèk pou yon ranbousman federal nan youn, de oswa menm twa kont se yon bagay ki kòrèk epi ki ka pèmèt kontribyab la aksede ak lajan li pi vit. Asire w nimewo routin enstitisyon finansye a ak nimewo kont ou mete nan deklarasyon ou an kòrèk. Nimewo ki pa kòrèk yo ka retade ranbousman an oswa lakoz lajan an depoze sou kont yon lòt moun. Kontribyab yo kapab itilize ranbousman yo tou pou achte Bon Epay Gouvènman Ameriken an (an anglè).

Poste deklarasyon ki fèt sou papye yo nan adrès postal ki kòrèk. Moun k ap fè deklarasyon taks yo sou papye yo sipoze konfime adrès ki kòrèk la pou konnen ki kote pou fè deklarasyon sou sit IRS.gov la oswa nan enstriksyon fòm yo pou evite retade pwosesis la. Sonje byen tretman taks sou papye gendwa pran anpil tan ke sa nou ta ka panse. Se poutèt sa nou ankouraje kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo pou yo fè deklarasyon elektwonik toutotan sa posib.

Siyen epi date deklarasyon an. Si w fè yon deklarasyon konjwen, toulède konjwen yo dwe siyen epi date deklarasyon an. Moun ki fè deklarasyon elektwonik yo ka siyen lè yo itilize nimewo idantifikasyon pèsonèl (PIN) yo te chwazi pou pwòp tèt pa yo. Kontribyab yo sipoze revize enstriksyon espesyal yo pou valide deklarasyon taks elektwonik 2021 yo si deklarasyon 2020 yo poko trete.

Kenbe yon kopi. Lè yo pare pou fè deklarasyon yo, Kontribyab yo sipoze fè yon kopi deklarasyon yo siyen ak tout kalandriye yo pou dosye yo.

Mande yon ekstansyon, si sa nesesè. San pwoblèm, kontribyab yo ki pa ka respekte dat limit 18 avril la ka mande san yon ekstansyon sis (6) mwa pou fè deklarasyon yo jiska 17 oktòb, konsa yo p ap gen pou peye penalite pou deklarasyon tadif. Itilize Deklarasyon Gratis IRS oswa Fòm 4868 (an anglè) la. Toujou sonje sa, pou pifò kontribyab, yon ekstansyon bay plis tan pou fè deklarasyon, men dèt taks yo sipoze toujou peye avan 18 avril.