Tout moun sipoze byen konnen fason IRS la kominike ak kontribyab yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Mizajou 1ye Dawout 2023: IRS la mete fen nan vizit san anons ofisye revni yo bay kontribyab yo; gwo chanjman pou mete fen nan konfizyon, ogmante sekirite nan kad gwo efò transfòmasyon ajans lan (an anglè)

Konsèy Fiskal IRS 2022-173, 10 novanm 2022

Konesans se premye liy defans kontribyab yo kont eskwo k ap pretann yo se ajan IRS, poutan objektif yo se vòlè enfòmasyon pèsonèl ou.

Men kèk bagay ou dwe konnen sou fason IRS la kominike ak kontribyab yo:

  • Nòmalman, IRS la pa demare konvèsasyon ak kontribyab yo pa imèl. Piga reponn imèl yon moun voye ba ou ki ta fè kwè li se ajan IRS la paske adrès elektwonik la gendwa fo oswa yo pirate li. Imèl ki sòti nan IRS yo ap fini pa IRS.gov.
  • Ajans lan pa voye mesaj oswa itilize rezo sosyal pou kontakte moun. Magouyè yo gendwa fè yo pase pou ajan gouvènman oswa ajans ki legal, sou rezo sosyal yo epi eseye inisye kontak ak kontribyab yo.
  • Lè IRS la vle kontakte yon kontribyab, jeneralman premye kontak la se yon lèt l ap voye pa ou pa Sèvis Postal Ameriken an. Antrepriz Alèjman dèt yo souvan voye òf pou soulaje dèt taks san ou pa menm mande yo sa. Magouyè yo souvan fè kwè yo deja notifye kontribyab yo pa kourye postal Ameriken an.
  • Toudepann de sitiyasyon an, anplwaye IRS yo ka rele anvan oswa vizite kontribyab la. Nan kèk ka, IRS la voye yon lèt oswa yon avi alekri bay kontribyab la davans, men se pa tout lè. Kontribyab la gendwa vizite paj Konprann avi oswa lèt IRS ou a pou kapab chèche avi IRS yo. Sepandan, se pa tout avi IRS yo ou kapab chèche sou sit sa a epi tou se pa sèlman paske yon moun fè referans ak yon avi IRS nan yon imèl, yon apèl telefonik, yon mesaj tèks, oswa sou rezo sosyal yo pou ou kouri kwè se IRS tout bon vre.
  • Ajan revni IRS yo oswa ofisye konfòmite yo gendwa sone yon kontribyab oswa yon pwofesyonèl taks aprè li fin voye yon avi ale pa lapòs pou kapab konfime yon randevou oswa pou diskite kèk pwen ki gen pou wè ak yon randevou pou odit. IRS ankouraje kontribyab yo pou yo re gade Kòman ou ka konnen se vrèman IRS k ap rele oswa frape pòt ou: Koleksyon (an anglè).
  • Reprezantan prive pou kolekte dèt k ap travay ak IRS yo, kapab sone kontribyab la pou kolekte yon sèten obligasyon fiskals enpòtan ki inaktif, men se sèlman aprè kontribyab la ak reprezantan li fin resevwa yon avi alekri. Nou pa sipoze konfonn yon kolektè dèt prive ak yon konpayi alèjman dèt k ap rele nou, voye lyen pa sèvis postal ameriken an, oswa imèl bay kontribyab yo ki gen pou wè ak òf soulajman dèt. Kontribyab yo sipoze kontakte IRS la konsènan fason pou byen fè deklarasyon taks.
  • Abityèlman, ofisye revni IRS yo ak ajan yo konn vizite, aprè anons, kay kontribyab la oswa lokal biznis li pou kapab diskite dèt taks, deklarasyon taks ki pa kòrèk oswa yon biznis ki pa ajou nan depo taks sou pewòl yo. Ofisye revni IRS yo ap mande kontribyab la pou li peye dèt taks la. Sepandan, kontribyab yo sipoze konnen yo p ap janm mande li peye pou yon sous ki pa Trezò peyi Etazini.
  • Lè gen yon moun ki sòti nan IRS ki vizite yon kontribyab, kontribyab la sipoze toujou mande li pou li idantifye li. Yon reprezantan IRS kapab toujou bay de kalite idantifikasyon ki ofisyèl: youn k ap soti nan pòch li ak yon Idandifyan pou Verifikasyon Idantide Pèsonèl (an anglè).

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)