Depoze yon deklarasyon enpo federal menm si sa pa obligatwa sa ka mete lajan nan pòch kontribyab yo

Konsèy fiskal IRS 2024-34, 16 avril 2024

Gen kèk moun ki chwazi pa ranpli yon deklarasyon enpo paske yo pa legalman oblije ranpli, men yo ka rate kredi enpo ranbousab oswa yon ranbousman enpo sou revni. Sa ta ka aplike pou yon moun si yo:

  • Yo te prelve enpo federal sou salè yo.
  • Te fè peman enpo estime.
  • Kalifye pou reklame kredi enpo ranbousab.

Pa rate kredi enpo ki gen anpil valè

Kèk kredi enpo moun ka reklame nan yon deklarasyon enpo federal si yo elijib gen ladan yo:

  • Kredi Enpo sou Revni W Touche – EITC ede travayè ki te touche $63 398 oswa mwens an 2023 lè yo ranpli yon deklarasyon enpo federal. Kontribyab yo ka itilize Asistan EITC sou IRS.gov pou tcheke si yo kalifye.
  • Kredi Enpo pou Timoun Kontribyab yo ka reklame Kredi Enpo pou Timoun si yo te gen yon timoun ki kalifye ki poko gen 17 an nan fen ane 2023 a.
  • Kredi pou Lòt Depandan yo – Kontribyab ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun yo ka kalifye pou Kredi pou Lòt Depandan yo. Sa gen ladann l moun ki gen:
    • Timoun depandan ki gen 18 an oswa plis nan fen ane 2023.
    • Paran oswa lòt moun ki kalifye yo sipòte.
  • Kredi edikasyon (an anglè) Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an se pou depans edikasyon kalifye pou kat premye ane edikasyon siperyè. Kredi Edikasyon Avi a se pou ekolaj kalifye ak depans ki gen rapò ak sa, pou elèv ki kalifye, ki enskri nan yon enstitisyon edikasyonèl ki kalifye.

Jwenn èd pou w deside si w dwe ranpli

Asistan Enpo Entèaktif la (an anglè) bay repons pou anpil kesyon lwa fiskal komen, ki baze sou sikonstans espesifik yon moun. Li ka ede yon moun deside si yo ta dwe ranpli yon deklarasyon enpo epi si yo kalifye pou anpil kredi enpo komen.

Zouti a gen sekirite. Itilizatè a rete anonim epi l suprime enfòmasyon yo bay yo lè yo sòti kite zouti a.

Ranpli Elektwonikman (E-file) pou jwenn yon ranbousman pi vit

Fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman enpo se ranpli elektwonikman epi chwazi depo dirèk. IRS bay pifò ranbousman pou deklarasyon elektwonik ki ranpli nan mwens pase 21 jou.

Abòne nan konsèy fiskal IRS yo (an anglè)