Yo te rann mizajou Kesyon yo Poze Souvan sa yo piblik nan Fich Teknik 2023-06PDF, 22 Mas 2023. Èske yo kapab depoze Fòmilè 1099-K yo pa vwa elektwonik? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Wi. Fòmilè 1099-K yo kapab depoze pa vwa elektwonik atravè sistèm FIRE (Depoze Deklarasyon Ransèyman yo Pa Vwa Elektwonik) (an anglè). Tout moun ki depoze 250 oswa plis Fòmilè 1099-K pou nenpòt ane sivil dwe depoze Fòmilè 1099-K sa yo pa vwa elektwonik. IRS la ankouraje moun kap depoze ki genyen pi piti pase 250 deklarasyon ransèyman pou yo fè sa pa vwa elektwonik. Pou plis enfòmasyon, gade Piblikasyon 1220, Presizyon pou Depo Fòmilè 1097, 1098, 1099, 3921, 3922, 5498, 8935, ak W-2G pa vwa Elektwonik (an anglè)PDF. Si ou anvizaje depoze sou fòma papye, gade Enstriksyon Jeneral pou Kèk Deklarasyon Ransèyman (an anglè). Èske benefisyè patisipan yo ka jwenn relve benefisyè yo pa vwa elektwonik? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Wi. Depi benefisyè a te bay konsantman li, y ap ka livre relve benefisyè yo pa vwa elektwonik. Konsantman sa dwe fèt pa vwa elektwonik nan yon fason pou montre ke resipyandè a kapab jwenn relve a nan fòma elektwonik y ap livre l ba li a (gade Règleman 1.6050W-2 Trezò, Livrezon vèsyon elektwonik deklarasyon ransèyman pou pèman ki fèt pou regle tranzaksyon kat pèman ak tranzaksyon rezo tyès yo (an anglè)PDF, pou enstriksyon sou resepsyon konsantman benefisyè patisipan yo). Si yo livre yon relve benefisyè pa vwa elektwonik, yo ka bay yon adrès elektwonik pou antite règleman pèman an olyede yon nimewo telefòn. Kiyès ki responsab pou deklare tranzaksyon kat pèman yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Antite akeran komèsan ki transfere fon yo bay benefisyè patisipan an gen responsabilite pou li deklare montan brit tranzaksyon ki dwe deklare yo. Yon antite akeran komèsan kapab bay yon pwosesè ki ka genyen obligasyon kontraktyèl pou peye komèsan an jere tretman tranzaksyon yo. Lè ni yon antite akeran komèsan ni yon pwosesè gen yon obligasyon kontraktyèl pou peye komèsan an, antite ki soumèt enstriksyon pou transfere fon yo sou kont komèsan an gen responsabilite pou prepare epi bay benefisyè patisipan an yon relve benefisyè ak depoze Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Tranzaksyon Rezo Tyès (an anglè) nan IRS la. Kiyès ki responsab pou deklare tranzaksyon rezo tyès yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Òganis règleman tyès la oswa fasilitatè pèman elektwonik li a gen responsabilite pou deklare montan brit tranzaksyon ki dwe deklare ki peye benefisyè patisipan nan rezo yo a. Èske genyen yon eksepsyon ki pa twò enpòtan pou deklarasyon pèman tranzaksyon rezo tyès ki fèt pou benefisyè patisipan yo sou Fòmilè 1099-K yo pou yon òganis règleman tyès? (ajoute 22 Mas 2023) A. Wi. Gen yon eksepsyon de minimis (ki pa twò enpòtan) ki soti nan rapò pou òganizasyon règleman tyès ki gen rapò ak tranzaksyon rezo tyès. Lalwa te bese limit lan pou ane sivil ki kòmanse apre 2021 an; sepandan, nan dat 23 desanm 2022, IRS la te anonse li t ap retade aplikasyon limit ki pi ba a epi li t ap trete ane sivil 2022 a kòm yon ane tranzisyon pou moun k ap delare yo kote limit anvan (pi wo) ta aplike. Se poutèt sa, pou ane sivil 2022 a, òganizasyon règleman tyès yo gen obligasyon sèlman pou bay Fòm 1099-K a pou rapòte tranzaksyon kote peman brit pou machandiz ak sèvis pou yon benefisyè ki ap patisipe pandan ane sivil la, ki depase $20,000 epi ki gen plis pase 200 tranzaksyon. Gade Avi 2023-10, Kalandriye revize konsènan aplikasyon Seksyon 6050W(e) amande a, ki te retade yon chanjman nan eksepsyon de minimis (ki pa twò enpòtan) pou rapòte tranzaksyon yon rezo tyès ki ta oblije fè rapò si yo te fè peman pou yon benefisyè patisipan pou machandiz ak sèvis pandan ane sivil la te depase $600. Èske gen yon eksepsyon ki pa twò enpòtan pou deklarasyon sou Fòmilè 1099-K pou tranzaksyon kat pèman yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Non. Pa gen yon eksepsyon ki pa enpòtan pou deklarasyon tranzaksyon kat pèman yo. TOUT tranzaksyon kat pèman yo dwe deklare sou Fòmilè 1099-K. Èske vant yo peye pa mwayen kat a valè estoke oswa kat kado se tranzaksyon kat pèman ki dwe deklare? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Sa depan. Vant yo peye pa mwayen kat a valè estoke oswa kat kado yo: Dwe deklare si yon rezo moun ki pa gen okenn rapò ak founisè a epi youn ak lòt aksepte kat la. Pa dwe deklare lè kat la aksepte kòm mwayen pèman sèlman pa founisè a oswa yon moun ki gen relasyon ak founisè kat la (ekzanp: yon filyal oswa konpayi an menm). Nan sikonstans sa yo, kat a valè estoke yo pa koresponn ak definisyon yon kat pèman e pa konsekan, vant ki fèt ak yon kat konsa pa dwe deklare. Pou definisyon moun ki pa gen okenn relasyon yo, gade IRC 267(b), Relasyon, Kòd Revni Entèn nan (an anglè), ak IRC 267(e)(3), Pwopriyete Konstriktif nan Ka Patenarya yo (an anglè), oswa IRC 707(b)(1), Kèk Vant oswa Echanj Pwopriyete pou Patenarya Kontwole yo, Pèt yo Rejte (an anglè). Kòman deklarasyon an fèt lè plizyè benefisyè resevwa revni alokasyon nan men yon moun yon antite règleman pèman peye? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Ekzanp ki pi kouran pou ka sa se lè yon donè franchiz trete tout tranzaksyon kat komèsan pou plizyè detantè franchiz epi distribye pèman yo kòmsadwa. Pa ekzanp, lè yon sosyete resevwa pèman ki soti nan yon bank sou non plizyè benefisyè, sosyete a vin tankou yon benefisyè patisipan pou bank lan epi yon antite règleman pèman pou benefisyè sosyete a distribiye pèman yo. Bank lan gen ekzijans pou li deklare montan brit tanzaksyon ki dwe deklare ki regle atravè sosyete a. Nan tou pa li, sosyete a gen ekzijans pou li deklare tranzaksyon alokasyon benefisyè sosyete a distribiye pèman bay yo. Dapre lalwa ak règleman yo, sosyete a se yon “benefisyè agreje.” Èske antite ki responsab pou depoze Fòmilè 1099-K a kapab siyen kontra avèk yon tyès pou prepare ak depoze deklarasyon sa yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Wi. Sepandan, antite ki responsab pou depo a (sa vle di, antite ki soumèt enstriksyon pou transfè fon yo) responsab pou tout penalite ki aplikap dapre IRC 6721 (an anglè), Lè Ou Pa Depoze Deklarasyon Ransèyman ki Kòrèk, ak IRC 6722, Lè Ou Pa Bay Relve Benefisyè ki Kòrèk (an anglè), si ekzijans deklarasyon yo pa respekte. Anplis, non, adrès ak Nimewo Idantifikasyon Kontribyab antite ki responsab pou depo a dwe deklare sou Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès yo (an anglè), nan kazye ki pou enfòmasyon depozan an. Kòman yo kapab verifye Nimewo Idantifikasyon Kontribyab benefisyè? (ajoute 21 Oktòb, 2022) Repons: Verifikasyon TIN benefisyè yo fèt pa mwayen Pwogram Korespondans Nimewo Idantikasyon Kontribyab (TIN) la. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite Enstriksyon Jeneral pou Kèk Deklarasyon Ransèyman - Materyèl Entwodiksyon (an anglè) oswa rele 866-255-0654 Ki pèman kat komèsan ki dwe deklare? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Antite akeran komèsan yo dwe deklare montan brit tranzaksyon pèman ki dwe deklare pou nenpòt benefisyè patisipan yo regle tranzaksyon kat pèman pou yo. Yon tranzaksyon kat pèman se tout tranzaksyon kote yo aksepte yon kat pèman oswa nenpòt endis yon kat pèman (tankou yon nimewo kat kredi) kòm mwayen pèman. Ki tranzaksyon rezo tyès ki dwe deklare? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Pou ane sivill ki kòmanse apre 2021 yo, òganis règleman tyès yo dwe deklare montan brit tranzaksyon pèman ki dwe deklare pou tout benefisyè patisipan yo regle pèman pou yo avèk rezo pèman tyès yo a depi montan brit tranzaksyon rezo tyès benefisyè a depase $600 pandan ane sivil la, kèlkeswa kantite tranzaksyon an. Remak: Pou ane sivil anvan 2022 yo, òganis règleman tyès yo te deklare montan brit tranzaksyon pèman ki dwe deklare pou tout benefisyè patisipan yo regle pèman pou yo avèk rezo pèman tyès yo a depi montan brit tranzaksyon rezo tyès yon benefisyè te depase $20,000 pandan ane sivil la, epi kantite tranzaksyon total la te depase 200. Kiyès ki deklare tranzaksyon kat pèman yo lè yon antite règleman pèman siyen kontra avèk yon tyès, tankou yon fasilitatè pèman elektwonik, pou regle tranzaksyon ki dwe deklare yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Antite k ap soumèt enstriksyon pou transfè fon yo sou kont benefisyè patisipan an responsab pou li deklare tranzaksyon kat pèman yo. Nan ka sa, antite tyès la responsab pou li deklare, paske li se antite k ap soumèt enstriksyon pou transfè fon yo pou regle tranzaksyon yo. Si tranzaksyon yo se tranzaksyon ki deja dwe deklare dapre IRC 6041 oswa IRC 6041A, èske antite règleman pèman (PSE) yo dwe deklare yo ankò? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Non, yo pa ka deklare tranzaksyon sa yo de (2) fwa. Si yon tranzaksyon dwe deklare pa yon PSE dapre ni IRC 6041, Enfòmasyon Nan Sous (an anglè), oswa IRC 6041A(a), Deklarasyon Konsènan Pèman Reminerasyon Pou Sèvis ak Vant Dirèk (an anglè), ak dapre IRC 6050W, Deklarasyon An Rapò ak Pèman ki Fèt pou Regle Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès (an anglè), tranzaksyon an dwe deklare sou Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès (an anglè). Yo pa deklare sou Fòmilè 1099-MISC, Revni Divès (an anglè). Èske moun ki gen ekzijans pou li fè deklarasyon ransèyman an dapre seksyon 6050W a ak sekirize TIN ki nesesè pou fè deklarasyon an ka lage fado ekonomik la sou do benefisyè patisipan an? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Non. Kòd Revni Entèn (IRC) nan ekzije antite règleman pèman yo oswa nan kèk ka, yon fasilitatè pèman elektwonik pou yo depoze deklarasyon ransèyman yo epi pou yo bay relve benefisyè pou chak benefisyè patisipan ki gen pèman pou regle tranzaksyon pèman ki dwe deklare ki te fèt pou yo. Obligasyon legal sa yo aplike menm si benefisyè patisipan an peye yon frè. Mete sou sa, si yon antite règleman pèman oswa yon fasilitatè pèman elektwonik pa konfòme li avèk obligasyon legal sa yo, yo ka penalize li dapre IRC 6721, Lè Ou Pa Depoze Deklarasyon Ransèyman ki Kòrèk (an anglè), ak IRC 6722, Lè Ou Pa Bay Relve Benefisyè ki Kòrèk (an anglè). Paske lwa federal ekzije antite règleman pèman yo oswa fasilitatè pèman elektwonik yo pou yo depoze deklarasyon ransèyman yo ak bay relve benefisyè yo, antite sa yo pa ka pran frè pou depans yo fè nan reponn ak ekzijans sa yo. Kòman yon antite akeran komèsan ta dwe deklare tranzaksyon yo si yon benefisyè gen resi ki klase anba plis pase yon Kòd Kategori Komèsan (MCC)? (ajoute 21 Oktòb, 2022) Repons: Si yon benefisyè gen resèt ki klase anba plis pase yon MCC, antite akeran komèsan an ka, swa: Depoze plizyè Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès yo (an anglè), k ap deklare montan tranzaksyon brit ki dwe deklare k ap pou chak MCC, oswa Depoze yon grenn Fòmilè 1099-K k ap deklare montan tranzaksyon brit ki dwe deklare yo ak MCC ki koresponn ak pi gwo pòsyon total resèt brit yo. Anplis, si yon antite akeran komèsan (oswa pwosesè li a) anplwaye yon sistèm klasifikasyon sektè aktivite ki pa MCC oswa lòt anplis sa yo, antite akeran komèsan an ta dwe bay chak benefisyè yon MCC k ap plis koresponn ak deskripsyon aktivite benefisyè a. Èske yon òganis règleman tyès gen obligasyon pou li deklare Kòd Kategori Komèsan yo (MCC)? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Non. Òganis règleman tyès yo pa itilize kòd MCC pou klase benefisyè yo. Pa konsekan, yo a ranpli Kazye 2 nan Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Tranzaksyon Rezo Tyès. Si yon lòt dispozisyon kòd deja ekzije prelèvman asistans yon tranzaksyon ki dwe deklare, èske dispozisyon prelèvman asistans nan IRC 6050W a ap toujou aplike? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Règleman yo pa elimine ekzijans prelèvman asistans lan dapre IRC 6050W, Deklarasyon ki an Rapò Ak Pèman ki Fèt Pou Regle Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès yo (an anglè), nan nenpòt sikonstans, menm kote plizyè prelèvman posib ekziste. Èske antite règleman pèman yo gen ekzijans pou deklare tranzaksyon inite gouvènmantal yo, keseswa leta oswa federal? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Wi. Tèm benefisyè patisipan an anglobe tout inite gouvènmantal. Èske antite règleman pèman yo genyen pou yo reponn ak ekzijans deklarasyon yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Wi. Yon antite règleman pèman ka yon antite nasyonal oswa etranje. Sijè ki an rapò Konprann Fòmilè 1099-K Ou a Jeneral Definisyon Patikilye Deklarasyon Depo Fòmilè 1099-K Mizajou FAQ anvan yo Fich Teknik 2022-41PDF, 28 desanm 2022