Fòm 1099-K Kesyon yo poze souvan: Sitiyasyon komen

Yo te pibliye nouvo FAQ ki mete ajou pou piblik la nan Fèy Enfòmasyon 2025-08 (an anglè) PDF, 23 oktòb 2025.

Retounen nan FAQ sou Fòm 1099

Sa ki nouvo

Gwo, Bèl, Lwa a (One, Big, Beautiful Bill) te retabli limit rapò a ki te anvigè anvan pasaj Lwa Plan Sekou Ameriken 2021 an (ARPA) pou òganizasyon règleman twazyèm pati yo pa oblije ranpli Fòm 1099-K sof si montan brit tranzaksyon peman ki dwe rapòte bay yon benefisyè a depase $20 000 epi kantite tranzaksyon yo depase 200.

Sitiyasyon komen

A1. Si peman an atravè yon aplikasyon peman se pa pou vann machandiz oswa bay sèvis, pitit ou a pa ta dwe resevwa yon Fòm 1099-K. Yo itilize fòm 1099-K pou rapòte sèten peman ou resevwa pou vann machandiz oswa bay sèvis. Lajan voye atravè yon aplikasyon peman ant fanmi ak zanmi ki pa peman pou machandiz oswa sèvis pa ta dwe rapòte sou yon Fòm 1099-K.

A2. Si pitit ou a oswa depandan ou te bay sèvis pou lòt moun epi yo te peye l pa mwayen yon aplikasyon peman oswa li te vann atik atravè yon mache sou entènèt epi li te resevwa yon Fòm 1099-K, pitit ou oswa depandan ou a ka bezwen ranpli yon deklarasyon enpo. Sèvi ak fòm nan ansanm ak lòt dosye pou ede l kalkile epi rapòte revni taksab kòrèk lè li ranpli deklarasyon enpo apwopriye a.

A3. Peman yo fè bay zanmi ak fanmi pou kado ak ranbousman pa ta dwe rapòte sou yon Fòm 1099-K.

Pa egzanp, si ou menm ak zanmi w ale nan yon konsè, epi zanmi w ranbouse w pou tikè konsè a atravè yon aplikasyon peman, ou pa ta dwe resevwa yon Fòm 1099-K pou ranbousman an e, jeneralman, li pa ta dwe peye enpo pou sa. Si w jwenn yon Fòm 1099-K pou ranbousman an, ou gendwa pap bezwen peye enpo sou kantite lajan ki rapòte sou fòm lan. Pou plis enfòmasyon gade, Si w resevwa yon Fòm 1099-K lè w pa t dwe resevwa, swiv etap sa yo .

A4. Ou dwe rapòte benefis ak pèt sou vant de (2) seri tikè yo separeman paske pèt sou vant dezyèm seri tikè a pa ka konpanse pwofi sou vant premye seri tikè a.

$550 benefis ki genyen nan vant yon (1) seri tikè ($800 pri lavant - $250 pri acha = $550 pwofi) yo dwe rapòte kòm benefis kout tèm sou Fòm 8949 ak Barèm D PDF.

$50 pèt ki soti nan vant lòt seri tikè yo ($200 pri lavant - $250 pri acha = $50 pèt) yo dwe rapòte lè w mete $200 nan espas antre ki anlè Barèm 1 (Fòm 1040).

A5 . Si w aksepte kat peman (pa egzanp, kat kredi oswa kat debi), w ap resevwa yon Fòm 1099-K (an anglè) pou kantite lajan peman brit yo voye ba w grasa itilizasyon yon kat peman pandan ane sivil la, kèlkeswa kantite total la. Egzijans rapò sa a pou kat peman pa chanje, epi pa gen okenn limit minimòm rapò pou kalite tranzaksyon peman sa yo.

Si w aksepte peman lè w sèvi avèk aplikasyon pou peman oswa mache sou entènèt, ou ka resevwa yon Fòm 1099-K nan men aplikasyon oswa mache w te itilize pou vann machandiz oswa sèvis yo.

A6. Rapòte montan Fòm 1099-K konbine yo nan espas antre ki anlè Barèm 1 (Fòm 1040).

A7. Wi. Pou ane kalandriye 2022 ak 2023 yo, ou ka itilize Barèm 1, liy 8z pou montre tou de (2) pwofi brit yo ak montan negatif konpansasyon an pou rapòte yon Fòm 1099-K resevwa pa erè oswa pou rapòte pwofi ki soti nan vant yon atik pèsonèl ki pèdi kòm yon altènativ pou rapòte sèlman pwofi brit yo sou Barèm 1, liy 8z ak montan konpansasyon yo sou Barèm 1, liy 24z.

Pou ane fiskal ki kòmanse an 2024, rapòte montan konbine Fòm 1099-K yo nan espas antre ki anlè Barèm 1 (Fòm 1040).

Pou bakgrawonn: Lè w rapòte lavant atik pèsonèl yo nan yon pèt, ou ka pito rapòte tranzaksyon yo sou Fòm 8949, ki transfere nan Barèm D.

A8. Ou ta dwe itilize dosye w yo pou detèmine kantite peman pèsonèl (tankou kado oswa ranbousman ki soti nan zanmi ak fanmi) ak kantite peman ki bezwen rapòte nan deklarasyon enpo w. Si w resevwa yon Fòm 1099-K ki pa kòrèk, swiv enstriksyon yo pou si w pa ka jwenn yon Fòm 1099-K korije.

Kenbe bon dosye pandan tout ane a se kle. Se yon bon lide pou kenbe biznis ak tranzaksyon pèsonèl separe pou rann li pi fasil pou konnen ki enpo ki dwe.

A9 . Ou ka resevwa yon Fòm 1099-K pou lajan ou ranmase atravè crowdfunding. Gen kèk lajan ki te ranmase atravè crowdfunding ou ka peye enpo, epi ou ka oblije rapòte li nan deklarasyon enpo sou revni ou. Sepandan, gen lajan yo ranmase yo ka konsidere kòm yon kado epi li pa taksab.

Gade IRS.gov Kèk bagay ou dwe konnen sou crowdfunding ak enpo (an anglè) pou jwenn plis enfòmasyon ak kijan pou rapòte montan Fòm 1099-K sou deklarasyon enpo ou pou sitiyasyon pa w.