Men kòman kontribyab yo kapab peye bon montan enpo a nan ane a

Konsèy sou taks pou COVID 2021-81, May 8, 2021

Enpo federal yo se peman ofiramezi w ap konsome. Sa vle di moun yo bezwen peye pifò enpo yo nan ane a, depi yap rantre revni. Sa kapab fèt atravè prelèvman oswa peman enpo kalkile yo.

Si montan enpo sou revni yo prelve nan salè kontribyab la oswa pansyon an pa t ase, oswa yo resevwa revni an kòm enterè, dividand, pansyon alimantè, revni nan travay ak tèt ou, gen kapital, pri ak rekonpans, yo ka bezwen fè peman enpo kalkile yo. Kontribyab k ap travay ak tèt yo ka bezwen peman enpo kalkile yo tou.

Ajiste prelèvman 2021 an

Tout kontribyab ta dwe ekzaminen prelèvman federal yo chak ane pou rasire yo si yo pa fè ase oswa twòp prelèvman enpo.

Anplwaye yo, retrete yo ak endividi k ap travay ak tèt yo kapab itilize Estimatè Prelèvman Enpo IRS la pou ede yo deside si yo ta dwe fè yon chanjman nan prelèvman yo a. Zouti anliy sa oryante itilizatè yo, etap apre etap nan pwosesis pou verifye prelèvman yo a, epi bay rekòmandasyon konsènan prelèvman yo pou ede yo jwenn montan ranbousman yo dezire jwenn nan lè yo deklare lòt ane. Kontribyab yo ka verifye ansanm avèk anplwayè yo pou aktyalize prelèvman oswa soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a.

Fè peman enpo kalkile 2021 yo 

Peman kalkile yo se yon lòt mwayen pou kontribyab yo peye sa yo dwe yo nan peman trimestriyèl separe yo. Pou ane fiskal 2021 an, peman enpo kalkile trimestriyèl ki rete yo se sa kontribyab endividyèl yo dwe pou 15 Jen ak 15 Sektanm 2021, ak 15 Janvye 2022. Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè peman enpo kalkile yo se pa mwayen elektwonik pandan w ap itilize Peman Dirèk oswa Sistèm Peman Enpo Federal Elektwonik. Kontribyab yo kapab vizite IRS.gov pou lòt opsyon peman yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)