Men sa kontribyab yo bezwen konnen apwopo rapòte poubwa yo nan deklarasyon taks yo

Konsèy sou Taks IRS 2021-67, May 13, 2021

Jeneralman, kèlkeswa sous revni an, menm poubwa yo, yo genyen taks sou yo. Men kèk enfòmasyon k ap ede kontribyab yo rapòte revni poubwa yo.

Tout poubwa kontribyab la resevwa se revni e yo pase nan taks federal sou revni. Kontribyab yo dwe mete tout poubwa yo resevwa nan revni brit yo. Sa gen ladan:

  • Poubwa ki soti dirèkteman nan men kliyan yo.
  • Poubwa yo ba yo apati yon kat kredi.
  • Poubwa ki soti nan yon akò pataj poubwa ak lòt anplwaye yo.

Valè poubwa ki pa cash yo, tankou yon tikè, yon pas oswa lòt bagay ki gen valè se yon revni e li gen taks sou li.

Twa bagay kapab ede kontribyab yo rapòte revni poubwa yo kòrèkteman:

  • Anrejistre poubwa yo chak jou.
  • Rapòte poubwa yo bay anplwayè a.
  • Rapòte tout poubwa yo nan deklarasyon taks yo.

Itilize Asistan Taks Entèraktif la

Zouti bay repons pou kesyon sou lwa fiskal yo. Kontribyab yo kapab itilize Asistan Taks Entèraktif la (an anglè) sou IRS.gov pou yo konnen si revni poubwa yo gen taks sou yo.

Si yon anplwaye resevwa $20 oswa plis nan yon mwa, yo dwe rapòte poubwa yo fè nan mwa a bay anplwayè yo a nan 10yèm jou nan mwa ki annapre a. Anplwayè a genyen pou li kenbe taks federal sou revni, taks Sekirite Sosyal, taks Asirans Sante sou poubwa ki rapòte yo.

Plis enfòmasyon: