Konsèy Taks IRS 2021-156, 21 Oktòb 2021
Sovgad prelèvman (an anglè) asire li si yo peye gouvènman an bon montan taks sou kalite peman espesifik yo deklare nan yon seri Fòm 1099 ak W-2G.
Men kèk fè sou sovgad prelèvman.
Sovgad prelèvman an obligatwa sou yon seri montan ki pa pewòl lè gen yon seri kondisyon ki nesesè.
Moun k ap bay resipyandè yo peman sa yo pa fè prelèvman taks jeneralman, epi resipyandè yo deklare ak peye taks sou revni sa a lè yo depoze deklarasyon taks federal yo. Men, genyen sitiyasyon kote resipyandè a genyen obligasyon pou li fè prelèvamn yon seri pousantaj taks pou li rasire li si IRS la resevwa taks li dwe li a sou revni sa a.
Sovgad prelèvman an fèt ak yon pousantaj ki fiks.
Pousantaj aktyèl la se 24 pousan.
Peman ki soumèt anba sovgad prelèvman yo se:
- Peman agrikilti yo
- Onorè avoka yo ak pwodui brit yo peye avoka yo
- Echanj twòk yo
- Komisyon, frè oswa lòt peman pou travay ki fèt antanke yon kontraktyèl endepandan
- Dividann yo
- Benefis nan jwèt lajan, si li pa soumèt anba prelèvman sou jwèt lajan
- Peman enterè yo
- Premye rediksyon ki bay
- Dividann patwonaj, men se sèlman mwatye peman an se lajan
- Tranzaksyon ak kat peman ak rezo pati tyès yo
- Peman ak negosyasyon yo
- Peman operatè bato pèch yo, men se sèlman pati ki peye ak vrè lajan an epi ki reprezante yon pati nan pwosesis pèch la
- Lwaye, pwofi, ak lòt benefis yo
- Peman redevans yo
- Sibvansyon ki taksab yo
Egzanp kote kontribyab la dwe fè dediksyon sovgad prelèvman an:
- Si yon resipyandè pa bay moun k ap peye a yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (TIN) nan moman peman ki ka deklare a fèt, oswa resipyandè a bay moun k ap peye a yon TIN ki envalid.
- Yon TIN idantifye resipyandè a nan yon mannyè espesifik.
- TINs yo se Nimewo Sekirite Sosyal yo, Nimewo Idantifikasyon Anplwayè yo, Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonbèl yo ak Nimewo Idantifikasyon Kontribyab pou Adopsyon yo.
- Yon TIN ki envalid se yon TIN ki genyen mwens pase nèf (9) chif, oswa ki genyen karaktè ki pa nimerik yo.
- Si IRS la te fè moun k ap peye a konnen resipyandè a te bay yon TIN ki pa koresponn ak non yo nan achiv IRS yo, epi moun k ap peye a pa sekirize TIN kòrèk resipyandè a. Resipyandè yo ta dwe rasire li moun k ap peye yo genyen non ak TIN ki kòrèk la pou evite sovgad prelèvman.
- Si IRS la fè moun k ap peye a konnen resipyandè a revni ki pa deklare sou enterè yio ak dividann yo.
Responsabilite moun k ap peye a pou sovgad prelèvman an:
Si yon peman te soumèt anba sovgad prelèvman, men moun k ap peye a pa t dedui sovgad prelèvman jan yo mande sa, sou peman an, moun k ap peye a vin responsab pou peye taks la.
Enfòmasyon anplis:
- Pwogram "B" Sovgad Prelèvman an (an anglè)
- Piblikatsyon 1281, Sovgad Prelèvman pou Non oswa TIN ki Manke oswa ki pa Kòrèk yo (an anglè)