Yo vòlè idantite ou? Mande IRS la yon PIN pou Pwoteksyon Idantite

IR-2022-78, 11 avril 2022

WASHINGTON — Jodia Sèvis Revni Entèn nan te raple kontribyab yo – an patikilye sila yo ki viktim vòl idantite – yon etap enpòtan yo ta dwe pran pou pwoteje tèt yo kont fwod fiskal.

Gen vòlè idantite ki itilize enfòmasyon kontribyab yo pou yo fè fo deklarasyon taks. Lè yo mande PIN pou Pwoteksyon Idantite yo atravè zouti Resevwa yon IP PIN nan sou IRS.gov, kontribyab yo kapab anpeche vòlè yo reklame ranbousman yo sou non yo.

PIN pou Pwoteksyon Idantite yo ak kòman pou jwenn youn

Yon IP PIN se yon nimewo sis (6) chif IRS la bay yon moun pou ede anpeche move itilizasyon nimewo Sekirite Sosyal li oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) sou deklarasyon taks federal sou revni yo. IP PIN nan pwoteje kont kontribyab la, menm si li pa gen ekzijans pou li fè yon deklarasyon taks ankò, pandan l ap rejte tout deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik san IP PIN kontribyab la

Kontribyab yo ta dwe mande yon IP PIN:

  • Si yo vle pwoteje SSN yo oswa ITIN yo nan IRS la,
  • Si yo vle pwoteje SSN oswa ITIN depandan yo a nan IRS la
  • Si yo panse SSN, ITIN oswa enfòmasyon pèsonèl yo te ekspoze akoz vòlè oswa move aksyon oswa
  • Si yo sispèk oswa konfime yo viktim vòl idantite.

Kontribyab yo kapab ale sou IRS.gov/getanippin pou yon verifikasyon idantite konplè. Depi idantifikasyon an fin fèt, y ap jwenn yon IP PIN anliy touswit. Yon nouvo IP PIN jenere chak ane pou ogmante sekirite a. Depi yon moun fin enskri nan pwogram IP PIN nan, li p ap ka soti.

IRS la ka bay yon IP PIN otomatikman si li twouve kontribyab la se yon viktim vòl idantite ki gen rapò ak taks. Kontribyab la ap resevwa yon notifikasyon k ap konfime ensidan vòl idantite ki gen rapò ak taks la avèk yon IP PIN pou lòt deklarasyon taks alavni.

Swa kontribyab yo ap resevwa yon avi avèk nouvo IP PIN nan chak ane nan kòmansman janvye pou pwochenn sezon deklarasyon an, swa yo dwe ale sou IRS.gov pou yo rekipere IP PIN yo a.

Vòl idantite ki gen rapò ak taks epi kòman pou jere sa

Gen vòl idantite ki gen rapò ak taks lè yon moun itilize SSN yon kontribyab li vòlè pou li fè yon deklarasyon taks pou reklame yon fo ranbousman. Nan majorite ka vòl idantite ki gen rapò ak taks yo, IRS idantifye yon deklarasyon taks sispèk epi li rale deklarasyon ki sispèk la pou li ekzamine li. Epi IRS la ap voye yon lèt bay kontribyab la e li p ap trete deklarasyon taks la jiskaske kontribyab la reponn.

Toudepann de sitiyasyon an, kontribyab la ap resevwa youn nan twa lèt k ap mande li pou li verifye idantite li:

  • Lèt 5071C, mande li pou li itilize yon zouti anliy pou li verifye idantite li epi di IRS la si se li ki te fè deklarasyon ki sispèk la.
  • Lèt 4883C, mande kontribyab la pou li rele IRS pou li verifye idantite li epi di IRS la si se li ki te fè deklarasyon an.
  • Pou sila ki te viktim vyòl enfòmasyon, yo ka resevwa Lèt 5747C k ap mande yo verifye idantite yo an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab.

Si kontribyab la resevwa youn nan lèt sa yo, yo pa bezwen depoze yon Deklarasyon Vòl Idantite (an anglè) (Fòm 14039). Olyesa, yo ta dwe swiv enstriksyon yo ki nan lèt la.

Kilè pou fè yon Deklarasyon Vòl Idantite

Si yon kontribyab pa tande IRS la men li sispèk gen vòl idantite ki gen rapò ak taks, li ta dwe ranpli epi soumèt yon Fòm 14039, Deklarasyon Vòl Idantite (an anglè)PDF. Sa ki ka montre gen vòl idantite ki gen rapò ak taks yo se:

  • Yon kontribyab pa ka fè deklarasyon taks li pa vwa elektwonik paske yon deklarasyon taks te fèt avèk nimewo Sekirite Sosyal li. (Verifye si pa gen erè nan SSN nan, tankou chanjman pozisyon chif yo.)
  • Yon kontribyab pa ka fè deklarasyon elektwonik paske nimewo Sekirite Sosyal yon depandan oswa yon ITIN te deja sèvi nan yon lòt deklarasyon yon lòt moun fè san konesans oswa pèmisyon kontribyab la. (Epitou verifye si SSN nan oswa ITIN nan kòrèk epi rasire ou depandan an pat fè yon deklarasyon taks apa.)
  • Yon kontribyab resevwa yon relve taks nan yon lèt li pat mande.
  • Yon kontribyab resevwa yon avi ki soti nan yon konpayi lojisyèl preparasyon taks ki konfime gen yon kont anliy ki te kreye sou non yo, alòske se pa li ki te kreye l.
  • Yon kontribyab resevwa ki soti nan yon konpayi lojisyèl preparasyon taks ki di yo te monte sou kont anliy li genyen an oswa li te dezaktive san li pat fè anyen pou sa.
  • Yon kontribyab resevwa yon avi IRS ki enfòme li sou taks adisyonèl li dwe, oswa ranbousman li te konpanse ak yon balans, oswa te gen lakòlèk ki fèt sou li pou yon ane kote li pat gen revni oswa fè yon deklarasyon taks.
  • IRS la voye yon avi bay kontribyab la ki di kontribyab la te resevwa salè oswa lòt revni nan men yon anplwayè li pat travay pou li.
  • Kontribyab la te jwenn yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN, Employer Identification Number) san li pat mande ni aplike pou yon EIN.

IRS la pral travay pou li verifye kontribyab ki lejitim nan, efase fo deklarasyon an sou kont kontribyab la epi, nan yon mannyè jeneral, mete yon makè espesyal sou kont ki pral jenere IP PIN nan chak ane a pou kontribyab li konfime ki viktim nan.

Pou enfòmasyon konsènan vòl idantite ki gen rapò ak taks, gade Pwoteksyon Idantite: Prevansyon, Depistaj ak Asistans pou Viktim epi Asistans IRS pou Viktim Vòl Idantite: Kòman Li Fonksyone sou IRS.gov. Sit entènèt Komisyon Federal pou Komès la (an anglè) genyen enfòmasyon sou vòl idantite ki gen rapò ak taks tou.

Siy ki montre vòl idantite ki pa gen rapò ak taks; ou pa bezwen depoze fòm 14039

Gen vòl idantite ki pa gen rapò ak taks lè yon moun itilize enfòmasyon pèsonèl sou idantite (PII, Personal Identifiable Information) yo vòlè oswa ki pèdi, pou ouvri kat kredi, jwenn prè imobilye, achte yon machin oswa ouvri lòt kont san viktim nan pa konnen.

Prèv ki ka montre vòl idantite ki pa gen rapò ak taks yo se:

  • Yon moun resevwa fakti balans li dwe ki soti nan yon konpayi li pat nan biznis avèk li, abònman magazin yo pat kòmande, avi yon deklarasyon prè imobilye ak/oswa kat kredi yo pat aplike pou li.
  • Yon moun resevwa avi alokasyon chomaj li pat aplike pou li.
  • Yon moun resevwa yon Avi CP 01E, Vòl Idantite Travay.
  • Yon moun resevwa yon Fòm W-2 oswa 1099 ki soti nan yon antrepriz oswa yon anplwayè li pat resevwa revni ki deklare a nan men li epi li pat resevwa yon avi oswa yon lèt ki soti nan IRS la ki kesyone li sou revni sa.
  • Yon kontribyab pa kapab fè deklarasyon elektwonik paske kontribyab la konnen, men ki pa paran oswa responsab legal, te deja itilize SSN oswa ITIN yon depandan, epi kontribyab la pat bay pèmisyon pou moun sa deklare depandan an. Pou plis enfòmasyon konsènan pwoblèm sa, gade Piblikasyon 1819, Divòs ak paran ki pa gadyen, ki separe, oswa ki pa janm marye (an anglè)PDF.

Viktim vòl idantite ki pa gen rapò ak taks yo pa bezwen deklare ensidan sa yo bay IRS la men yo ta dwe pran etap pou pwoteksyon kont tip vòl idantite yo te sibi (an anglè).