IRS: Fanmi k ap resevwa peman Kredi Enpo pou Timoun Oktòb yo; toujou gen tan pou fanmi kalifye yo enskri pou peman avans yo

IR-2021-201, 15 Oktòb 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn ak Depatman Trezò te anonse jodia, plizyè milyon fanmi ameriken ap resevwa kounyea, peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo (CTC) pou mwa oktòb la.

Katriyèm lo peman avans mansyèl sa, k ap totalize $15 bilyon, ap rive jwenn anviwon 36 milyon fanmi jodia atravè tout peyi a. Majorite peman yo ap livre pa mwayen depo dirèk.

Nan Plan Sovtaj Ameriken an, majorite fanmi kalifye yo te resevwa peman pou dat 15 Jiyè, 13 Dawou ak 15 Septanm. Lòt peman yo pwograme pou 15 Novanm ak 15 Desanm. Pou fanmi sa yo, chak peman se jiska $300 pa mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane ak jiska $250 pa mwa pou chak timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane. Gwo majorite a ap bay pa mwayen depo dirèk.

Men plis detay sou peman sa yo:

  • Fanmi yo ap wè depo dirèk la sou kont yo apati 15 Oktòb. Tankou premye peman yo, gran majorite fanmi yo ap resevwa yo pa mwayen depo dirèk.
  • Pou sila yo k ap resevwa peman papye chèk, rasire w ou bay plis tan, rive nan fen mwa oktòb la, pou livrezon pa lapòs. Sila yo ki swete resevwa peman alavni yo pa mwayen depo dirèk akpab fè chanjman sa a avèk Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki disponib sou IRS.gov sèlman. Pou ou antre sou pòtal la oswa pou w jwenn yon nou gid etap pa etap sou kòman pou w itilize li, vizite IRS.gov/kredienpopoutimounan2021.
  • Peman yo al jwenn fanmi kalifye ki te depoze yon deklarasyon enpo sou revni pou 2019 oswa 2020. Deklarasyon ki trete 4 Oktòb yo reflete nan peman sa yo. Sa gen ladan moun ki pa depoze yon deklarasyon men ki te enskri avèk siksè pou Peman Enpak Ekonomik yo nan 2020 an avèk zouti Non-Deklaran yo sou IRS.gov oswa ki te reyisi itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran pou avans CTC a nan 2021 an, ki disponib tou sèlman sou IRS.gov.
  • Peman yo otomatik. Mete sou kote yon deklarasyon enpo, ansanm avèk yon deklarasyon senplifye apati Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, fanmi yo p ap gen anyen pou yo fè si yo kalifye pou resevwa peman mansyèl yo.
  • Fanmi ki pa t jwenn yon peman Jiyè, Dawou oswa Septanm epi ki ap resevwa premye peman mansyèl yo nan mwa sa a, ap toujou resevwa peman avans total yo pou ane a. Sa vle di peman total la ap pataje sou twa mwa, olye sis (6), sa ap rann chak peman mansyèl pi gwo.

    Aktyèlman, IRS la ap voye lèt bay kèk Ameriken pou raple yo li pa twò ta pou fanmi ki potko depoze yon deklarasyon enpo sou revni pou 2020 an — ansanm avèk sila yo ki pa gen egzijans pou deklare pase revni yo twò ba — pou enskri pou peman avans CTC yo. Majorite fanmi ki gen revni ki ba yo kapab jwenn peman mansyèl sa yo. IRS la ankouraje fanmi ki pa gen egzijans pou depoze yon deklarasyon enpo pou yo vizite IRS.gov pou plis enfòmasyon sou kòman pou yo depoze yon deklarasyon epi jwenn kredi yo a.

Mizajou an Septanm peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo

An Septanm, IRS la te livre avèk siksè yon twazyèm tou peman mansyèl ki gen valè prèske 36 milyon peman Kredi Enpo pou Timoun yo, ki totalize plis pase $15 bilyon. Avèk nouvo konpozan pwogram sa a, IRS la ap kontinye travay di pou amelyore epi bay peman yo atan.

Apre yo te fin bay peman Septanm nan, IRS la te rezoud yon pwoblèm teknik, yon pwoblèm ajans lan estime ki te lakoz mwens pase 2% resipyandè CTC yo pa ka resevwa peman Septanm yo a nan dat ki te pwograme pou sa a. Depi lè a peman yo te al jwenn endividi afekte yo.

Gwoup ki premye sibi enpak la se kontribyab ki te fenk fè yon mizajou sou kont labank yo oswa nan enfòmasyon adrès yo avèk Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun IRS la. An patikilye, peman afekte yo livre bay kontribyab marye k ap deklare konjwen kote se sèlman yonn nan konjwen yo ki te fè yon chanjman nan kont labank yo oswa nan adrès yo, sa k ap lakoz dabitid peman yo separe an de (2) (ant kont ki la deja a oswa adrès ki la deja a ak nouvo kont lan oswa nouvo adrès la).

Nan kèk nan ka sa yo, peman separe yo te lakoz yon reta nan livrezon peman yo, anplis, sa te lakoz moun yo resevwa yon ti kras anplis pase montan kòrèk pou Septanm nan. Pou abòde sa, peman chak konjwen ap resevwa an Oktòb, Novanm ak Desanm ap redui lejèman pou ajiste pou peman depase a. Pou chak kontribyab k ap resevwa yon peman, peman depase a te $31.25 pou chak timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane epi $37.50 pou chak timoun ki genyen mwens pase 6 lane. Sa ap bay yon rediksyon $10 a $13 pou chak timoun nan twa (3) peman mansyèl ki rete yo.

IRS ap voye lèt bay moun ki afekte avèk enfòmasyon sa a. IRS la ap kontinye kontwole pwogram sa epi ajans lan apresye pasyans sila yo ki gen peman yo afekte yo.

IRS la ankouraje patnè yo ak gwoup kominotè yo pou yo pataje enfòmasyon yo epi itilize zouti ak bwat zouti anliy disponib yo pou ede non-deklaran yo, fanmi ak revni ki ba yo ak lòt gwoup defavorize yo enskri pou resevwa avantaj sa yo.

Lyen ki ouvri sou zouti anliy yo, yon gid etap pa etap pou itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, repons pou kesyon yo poze souvan yo ak lòt resous ki itil disponib sou paj avans espesyal CTC IRS la. Li sou IRS.gov/kredienpopoutimounan2021.