IRS: Fanmi yo ap resevwa byento pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun yo pou mwa Novanm nan; pa gen twòp tan ki rete pou enskri anliy pou jwenn yon pèman antisipe an Desanm

IR-2021-222, 12 Novanm, 2021.

WASHINGTON — Administrasyon Fiskal Ameriken an ak Depatman Trezò te anonse jodi a ke plizyè milyon fanmi Ameriken pral resevwa byento pèman Kredi Enpo pou Timoun (CTC) pou mwa Novanm nan. Fanmi ki gen revni f3b yo ki p ap resevwa pèman yo epi ki pa ko depoze yon deklarasyon enpo kapab toujou benefisye pèman sila, men yo dwe enskri sou IRS.gov avan 11:59 pm Tan Lès jou ki ap Lendi 15 Novanm nan.

Senkyèm lo pèman  mansy3l antisipe yo, ki totalize anviwon $15 milya, pral rive touche 36 milyon fanmi nan tout peyi a. Majorite pèman yo ap rive fèt pa depo dirèk.

Selon Pwogram Sovtaj Ameriken an, majorite fanmi ki kalifye yo te resevwa pèman yo nan dat 15 Jiye, 13 Dawout, 15 Septanm ak 15 Oktòb.  Yo prevwa fè dènyen pèman pou ane 2021 an jou ki ap 15 Desanm nan. Pou fanmi sila yo, chak pèman yo atenn jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen pi piti pase 6 lane ak jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki nan kategori laj 6 pou rive 17 lane.

La w ap jwenn plis detay sou pèman sou p3man mwa Novanm nan:

  • Fanmi yo ap wè depo dirèk pèman yo sou kont yo apati 15 Novanm. Menm jan ak  pèman ki te fèt yo, majorite fanmi yo ap resevwa yo pa depo dirèk.
  • Pou sila yo ki resevwa pèman yo pa chèk papye, asire nou ke nou prevwa tan siplemantè, jouk nan fen mwa Novanm nan, pou livrezon pa lapòs yo.
  • Sila ki swete resevwa pèman mwa Desanm yo a pa depo dirèk ka fè chanjman sila pandan y ap itlize Pòtay Mizajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki disponib sou IRS.gov. Asire ke w fè chanjma an avan 11;59 pm Tan Lès jou ki ap 29 Novanm nan. Pou w gen aksè nan Pòtay la , vizite IRS.gov/kredienpopoutimoun2021.
  • Pèman yo pral jwenn fanmi ki kalifye yo ki te depoze an 2029 oubyen an 2020 yon deklarasyon enpo sou revni. Deklarasyon yo trete avan 1ye Novanm yo reflete nan pèman yo. Sa gen ladan l moun ki pa nòmalman depoze yon deklarasyon men swa pandan ane 2020 an te depoze avèk siksè yon deklarasyon pou enskri pou Pèman Enpak Ekonomik  lè y ap itilize zouti IRS pou moun ki p ap fè deklarasyon yo  sou IRS.gov, oubyen an 2021 te depoze av3k siks3 yon deklarasyon pandan y ap itilize Zouti Enskripsyon pou Non Deklaran pou avans CTC a.
  • Pèman yo otomatik. Anplis ranpli yon deklarasyon enpo, sa ki gen ladan l yon deklarasyon ki sòti nan zouti enskripsyon moun ki p ap fè deklarasyon an, fanmi yo pa gen pou yo fè anyen si yo kalifye pou resevwa pèman chak mwa yo.
  • Fanmi ki pa t resvwa yon pèman pou mwa Jiyè, Dawout, Septanm oubyen Okt6b epi ki ap resevwa premye pèman mansy3l yo nan mwa sa ap toujou resevwa montan total pèman antisipe yo a pou ane a (sa ki egal mwatye nan Kredi Enpo pou Timoun yo a). Sa vle di total pèman an pral repati sou de mwa, olye de sis, sa ki ap rann p3man chak mwa yo pi gwo.

Enskri avan 15 Novanm

Dènyeman an, IRS te voye l3t pou anpil Ameriken pou ensite yo konsilte Kredi Enpo pou Timoun nan epi si yo kalifye, pou yo enskri byento pou yo jwenn pèman antisipe yo. Kit yo te resevwa youn nan lèt sa yo oubyen yo pa t resevwa youn nan yo, yon fanmi ki kalifye ki p ap resevwa pèman chak mwa ka toujou enskri pou benefisye pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun nan.

Trezò ak IRS ensite tout fanmi ki gen revni f3b ki pa n6malman bezwen depoze yon deklarasyon pou enskri kounya pou resevwa pèman pa yo.  Dat limit lan se 11:59 pm Tan Lès jou ki ap Lendi 15 Novanm nan.

Kounya, yo ka s3lman enskri anliy. Pou f3 sa, vit ak nan mannyè sekirize, vizite IRS.gov/kredienpopoutimoun2021. Fanmi yo ka chwazi pou depoze swa nan lang Anglè oubyen  Panyòl.

Fanmi ki ap enskri kounya yo ap n6malman resvwa mwatye nan total Kredi Enpo pou Timoun nan 15 Desanm. Sa vle di yon pèman jiska $1.800 pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane, ak jiska $1.500 pou chak timoun ki gen laj 6 pou rive 17 lane. Sa se menm montan total majorite lòt fanmi yo ap resevwa nan yon maksimòm  sis pèman chak mwa ki te kòmanse an Jiy3 a.

Tout fanmi ki resevwa pèman antisipe CTC a an 2021 ka revandike rès kredi a lè yo depoze deklarasyon enpo sou revni Federal 2021 yo a. Pou ede yo fè sa, bonè nan ane 2021 an, fanmi yo ap resevwa Lèt 6419 ki ap dokimante tout pèman antisipe yo livre pou yo pandan ane 2021 an ak kantite timoun ki kalifye yo itilize pou kalkile pèman antisipe yo.

Fanmi yo ka pote modifikasyon nan kont yo

Fanmi ki deja ap resevwa pèman chak mwa ka itilize Pòtay Mizajou Kredi Enpo Timoun nan (CTC-UP) pou fè mizajou kont yo byen rapid. Disponib sèlman sou IRS.gov, CTC-UP deja otorize fanmi yo verifye elijibilite yo pou pèman yo epi aprè, si yo chwazi pou:

  • Pase de resevwa  yon chèk papye a depo dirèk;
  • Chanje kont kote pèman yo genyen yo depoze dirèkteman;
  • Mete a jou adrès kourye yo;
  • Mete yon bout nan pèman chak mwa yo epi
  • Reflete ansanm chanjman enpòtan nan revni yo ki te ka potansyèlman monte oubyen bese pèman mansyèl yo a.

Mizajou ki fèt avan 11:59 pm Tan Lès jou ki te 29 Novanm nan ap reflete nan pèman mansyèl ki prevwa pou 15 Desanm nan.

Pita nan mwa sa, IRS ap lanse yon vèsyon langaj panyòl zouti a. Anplis, y ap ajoute nouvo karakteristik pou fasilite fanmi yo monte oubyen redui pèman mansyèl final yo  pou reflete chanjman lavi, pa egzanp yon lòt timoun ki fèt oubyen yo te  adopte an 2021.

Patnè Kominotè yo ka ede

IRS ankouraje patnè yo ak gwoup kominote yo pou yo pataje enfòmasyon ak itilize zouti ak bwat zouti anliy ki disponib pou ede moun ki p ap fè deklarasyon yo; fanmi ki gen revni ki fèb yo ak lòt gwoup defavorize yo enskri pou resevwa benefis sila yo.

Lyen pou zouti anliy yo, repons pou kesyon yo poze souvan yo ak lòt resous ki itil anpil disponib sou https: paj avans CTC 2021 espesyal IRS la.