Moun yo dwe konnen si pas tan yo se yon lwazi oswa yon biznis

IKonsèy Fiskal IRS 2022-106, 13 Jiyè 2022

Soti nan lakòlèk tenb ak travay bwa pou ale nan atizana ak tresay matla, moun yo genyen tout kalte lwazi – e majorite nan lwazi sa yo, yo p ap janm tire pwofi ladan yo. Pou lwazi ki pèmèt yo rantre lajan yo, moun yo dwe konnen ke yo dwe deklare lajan an sou deklarasyon taks yo. Yo dwe gen konsyans lwazi yo a ka vin yon biznis.

Sa kapab bay konfizyon pou yo konnen si yo dwe mete aktivite a kòm yon lwazi oswa yon biznis, men sa ki enpòtan an se, yon biznis se pou fè pwofi. Moun yo bay tèt yo nan pas tan pou espò oswa lwazi, se pa pou pwofi. Genyen kèk lòt bagay moun yo dwe konsidere lè y ap detèmine si pwojè yo a se yon lwazi oswa biznis (an anglè). Yon grenn faktè poukont li pa ka detèmine sa, men kontribyab yo dwe analize tout lè y ap chèche konnen si aktivite yo a se yon biznis.

Men sa kontribyab yo dwe evalye pou yo deside si yo genyen yon lwazi oswa yon biznis:

  • Si aktivite ap fèt nan yon mannyè pou fè biznis epi kontribyab la kenbe bon liv ak done ki konplè.
     
  • Si tan ak efò kontibayb la mete nan aktivite a montre li gen entansyon tire pwofi ladan.
  • Si yo depann de revni ki antre apati aktivite a pou yo viv.
     
  • Si gen pèt ki fèt akoz sikonstans ki pa depann de volonte kontribyab la oswa se nòmal nan faz demaraj biznis l ap fè a.
     
  • Si yo chanje mannyè yo fonksyone pou fè pwofi a pi gwo.
     
  • Si kontribyab la ak konseye li yo genyen konesans nesesè pou fè aktivite a vin yon biznis ki reyisi.
     
  • Si kontribyab la te reyisi fè pwofi nan menm kalite aktivite yo nan lane ki pase yo.
     
  • Si aktivite a fè pwofi nan kèk ane epi konbyen pwofi li fè.
     
  • Si kontribyab yo ka atann y ap fè yon lòt pwofi apati jan yo apresye aktif yo itilize nan aktivite a.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)