Kounye a, evalyasyon resous pou lè gen katastwòf sa yo kapab ede kontribyab yo plis prepare pou apre.

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou taks IRS 2020-138, 19 oktòb 2020

Pyès moun pa kapab finn pare pou yon katastwòf; men lè w konnen davans ki resous ki disponib sa kapab pèmèt ou rekanpe pi fasil.

Sa se yon lis resous ki ka itil kontribyab yo anvan ak apre yon katastwòf:

Asistans pou enpo nan moman katastwòf — Paj sa a gen lyen ki mennen nan resous pou lè genyen katastwòf yo. Yo bay kontribyab yo enfòmasyon k ap ede yo apre yon katastwòf. Paj sa a genyen lyen kominike laprès lokal yo tou ak tout kesyon yo abitye poze yo.

Kesyon yo abitye poze pou viktim katatwòf yo (an anglè) — Itilizatè yo ap jwenn lyen plizyè paj diferan sou kesyon yo abitye poze yo. Chak gwoup kesyon pale sou yon sijè espesifik pou ede moun yo apre yon katastwòf.

Pou nasyon an (an anglè) — Paj sa a afiche sèlman nouvèl pou chak lokalite. Sa a gen ladan li asistans lè gen katastwòf ak lwa sou enpo ki afekte kèk eta.

Piblikasyon 2194, Gid resous lè gen katastwòf, pou moun ak biznis, vèsyon (an anglè) — Gid resous sa a bay enfòmasyon pou moun ak biznis ki afekte pa yon katastwòf. Li gen ladan tou asistans ki disponib pou viktim katastwòf yo. Gid sa a kapab ede kontribyab yo reklame ranbousman pou pèt yo te fè sou pwopriyete yo ki andomaje oswa detwi.

Rekiperasyon dosye apre yon katastwòf; IRS bay konsèy pou ede kontribyab yo (an anglè) — Fich enfòmasyon sa a ap ede moun ki bezwen leve defi rekiperasyon dosye finans yo apre yon katastwòf. Li gen ladan kijan pou byen dokimante yon pèt ki gen dediksyon enpo sou li.

Piblikasyon 584, Rejis Pèt ki lye ak Aksidan, Katastwòf ak Vòl (an anglè) — Rejis sa a ap ede yon moun kalkile pèt li fè sou pwopriyete li akòz yon katastwòf, yon aksidan oswa yon vòl.

Piblikasyon 584-B, Rejis Pèt ki lye ak Aksidan Travay, Katastwòf ak Vòl (an anglè) — Rejis sa a ap ede biznis yo kalkile pèt yo fè sou pwopriyete biznis la akòz yon katastwòf, yon aksidan oswa yon vòl.

Piblikasyon 547, Aksidan, Katastwòf ak Vòl (an anglè) — Piblikasyon sa a esplike tretman fiskal pou aksidan, vòl ak pèt yo.

Abone ak Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)