Gid peryòd fiskal: IRS ap raple kontribyab yo pou yo rapòte revni yo fè nan ti travay (gig economy) yo, tranzaksyon monnen vityèl yo, revni ak aktif ki soti aletranje yo

IR-2022-45, 1ye mas 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni entèn ap raple kontribyab yo obligasyon yo genyen ki gen pou wè ak deklarasyon ak prelèvman taks potansyèl konsènan ti travay (gig economy) yo reyalize yo, tranzaksyon yo reyalize ak lajan vityèl yo, ak revni yo touche oswa aktif yo posede ki soti aletranje. Enfòmasyon ki disponib sou sit IRS.gov la ak enstriksyon ki nan Fòm 1040 kapab ede kontribyab yo konprann epi satisfè egzijans deklarasyon ak taks sa yo.

Salè ou touche pou ti travay (gig economy) yo taksab

Anjeneral, revni ou touche pou ti travay yo taksab epi ou sipoze rapòte yo bay IRS kòmsadwa. Mache travay sou demand (Gig economy) gen ladann aktivite kote yon moun rantre lajan pou travay li reyalize sou demann, sèvis oswa byen li vann sou demann. Souvan, se atravè yon platfòm dijital (vityèl) tankou yon aplikasyon oswa sit entènèt sa arive fèt. Kontribyab yo dwe rapòte revni yo touche apati de sèvis yo bay sou demann yo nan deklarasyon taks yo, menm si revni sa yo ta:

  • Soti nan travay a tan pasyèl, tanporè oswa segondè,
  • Pa ta rapòte nan yon fòm enfòmasyon - tankou yon fòm 1099-K, 1099-MISC, W-2 oswa lòt deklarasyon revni oswa
  • Peye sou nenpòt fòm, tankou lajan kach, byen, machandiz oswa monnen vityèl.

Pou plis enfòmasyon sou ekonomi ti travay yo (gig economy) yo, vizite Sant Fiskal pou Ekonomi ti Travay.

Konprann egzijans ki gen pou wè ak deklarasyon ak taks sou monnen vityèl yo

Yon lòt fwa ankò, IRS ap raple kontribyab yo, gen yon kesyon nan tèt Fòm 1040 ak Fòm 1040-SR ki mande yo detay konsènan tranzaksyon ki fèt ak monnen vityèl yo. Tout kontribyab ki ranpli fòm sa yo dwe tcheke swa kaz ki endike "wi" a oswa sa ki endike "non" an. Yon tranzaksyon ki enplike monnen vityèl gen ladan, men se pa sa sèlman:

  • Resevwa monnen vityèl kòm pèman pou machandiz oswa sèvis ki bay yo;
  • Resevwa oswa transfere monnen vityèl gratis (san okenn konsiderasyon) ki pa kalifye antanke yon kado bòn fwa;
  • Resevwa nouvo monnen vityèl apati de aktivite minaj yo;
  • Resevwa monnen vityèl apati de yon chanjman radikal (hard fork);
  • Echanje monnen vityèl kont pwopriyete, machandiz oswa sèvis;
  • Echanj/komès monnen vityèl pou yon lòt lajan vityèl;
  • Vann monnen vityèl; ak
  • Nenpòt ki lòt fòm pasasyon de yon enterè finansye nan monnen vityèl.

Si yon moun ta fe pasasyon lajan vityèl li te posede antanke yon byen kapital, swa li vann li, echanje li oswa transfere li, li ta dwe tcheke "Wi" epi sèvi ak Fòm 8949 pou kalkile pwofi oswa pèt kapital li epi rapòte li nan anèks D (Fòm 1040).

Si ou te resevwa nenpòt konpansasyon nan monnen vityèl pou sèvis oswa fè pasasyon nenpòt monnen vityèl ou te posede pou vann kliyan nan yon komès oswa biznis li, ou sipoze rapòte revni a menm jan ou ta ka rapòte nenpòt lòt revni nan menm kategori sa a (pa egzanp, salè W-2 nan Fòm 1040 oswa 1040-SR, liy 1, oswa envantè oswa sèvis ki soti nan anèks C nan anèks 1). Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou monnen vityèl nan enstriksyon Fòm 1040 la ak nan paj Monnen Vityèl yo ki sou sit IRS.gov la.

Rapòte revni ki jenere aletranje

Jeneralman, revni yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan jenere nan kat kwen mond lan sijè a taks sou revni gouvènman ameriken an, kèlkeswa kote yo abite. Yo gen menm obligasyon ki gen pou wè ak deklarasyon enpo ak sitwayen ameriken yo oswa etraje rezidan k ap viv Ozetazini yo.

Sitwayen Ameriken yo ak etranje rezidan yo sipoze rapòte revni yo pa touche, tankou enterè, dividann, ak pansyon, ki jenere andeyò Etazini sof si lalwa oswa yon trete taks ta egzante yo de taks. Yo dwe rapòte tou, revni yo touche yo, tankou salè ak poubwa, ki jenere andeyò Etazini. Anjeneral, menm si yon kontribyab ta kalifye pou li benefisye avantaj fiskal yo tankou Esklizyon pou Revni ki Jenere Aletranje ou Antre (an anglè) oswa Kredi Taks Etranje (an anglè) ki diminye oswa elimine obligasyon fiskal peyi Etazini, li toujou gen egzijans pou fè yon deklarasyon taks. Avantaj fiskal sa yo disponib sèlman si kontribyab ki elijib la fè yon deklarasyon taks sou revni Ozetazini.

Kontribyab yo benefisye yon ekstansyon 2 mwa otomatik ki rive jiska 15 jen si tout fwa taks prensipal zòn aktivite yo (biznis oswa travay) ak rezidans yo pa ta Ozetazini ak Pòtoriko. Menm si yo pèmèt yon ekstansyon, yon kontribyab ap gen pou peye enterè sou nenpòt taks ki pa peye jiska dat limit nòmal la ki se 18 avril 2022.

Militè k ap bay sèvis yo andeyò de Etazini ak Pòtoriko pandan dat regilye kote pou yo te fè deklarasyon taks yo kalifye tou pou ekstansyon jiska 15 jen an. IRS rekòmande pou atache yon dokiman ekri si youn nan de sitiyasyon sa yo aplikab. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan enstriksyon Fòm 1040 ak 1040-SR (an anglè)PDF an, Piblikasyon 54, Gid Taks pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan Aletranje (an anglè) ak Piblikasyon 519, Gid Taks Ameriken pou Etranje (an anglè).

Deklarasyon obligatwa pou kont ak byen ki aletranje yo

Lalwa federal mande pou sitwayen ameriken ak etranje rezidan yo pou yo deklare revni yo rantre nan kat kwen mond lan, ki gen ladan tou revni ki soti nan fidisi aletranje ak bank aletranje ak lòt kont finansye yo. Nan pifò ka yo, kontribyab ki afekte yo ap gen pou ranpli epi atache Anèks B nan deklarasyon taks yo. Pati III nan Anèks B a poze kesyon sou egzistans kont aletranje yo, tankou kont labank ak kont sekirite yo, epi anjeneral li egzije sitwayen ameriken yo pou yo rapòte nan ki peyi chak kont ye.

Anplis de sa, gen kèk kontribiyab ki gendwa oblije ranpli epi atache Fòm 8938, Dokiman sou Aktif Finansye Aletranje yo (Statement of Foreign Financial Assets) (an anglè), nandeklarasyon yo.Anjeneral, sitwayen ameriken yo, etranje rezidan yo ak sèten etranje ki pa rezidan dwe rapòte espesifikman aktif finansye yo genyen aletranje nan fòm sa a si valè total byen sa yo depase sèten limit. Gade enstriksyon fòm sa a pou plis detay.

Anplis de deklarasyon akti finansye ki aletraje eki espesifye nan deklarawsyon taks la, kontribyab ki gen yon enterè, sinyati oswa lòt fòm pouvwa nan yon kont finansye etranje ki gen valè total ki depase $10,000 pandan nenpòt ki lè nan ane 2021 an, sipoze fè yon deklarasyon elektwonik bay Depatman Depatman Trezò, yon Rezo Lit kont Krim Finansye (FinCEN) ranpli Fòm 114, pou Rapò Kont Finansye ak Bank Etranje (FBAR) (an anglè). Akoz limit sa a, IRS ankouraje kontribyab ki gen aktif aletranje yo, menm delè yo tou piti, pou yo byen verifye si obligasyon pou fè deklarasyon sa a aplikab nan ka pa yo a. Fòm nan disponib sèlman atravè sit entènèt Sistèm Deklarasyon Elektwonik BSA (an anglè).

Dat limit pou deklarasyon anyèl pou Rapò Kont Finasye ak Bank Etranje (FBAR) (an anglè) se 15 avril 2022. FinCEN akòde moun k ap fè deklarasyon yo ki te rate dat limit orijinal la yon ekstansyon otomatik jiska 15 oktòb 2022, pou yo ranpli FBAR la. Pa gen okenn nesesite pou mande ekstansyon sa a. Gade sitwèb FinCEN (an anglè)PDF pou plis enfòmasyon.

Enfòmasyon sa a fè pati yon seri ki rele Gid Peryòd Fiskal (an anglè), yon resous pou ede kontribyab yo byen reyalize yon deklarasyon taks yo ak done ki egzat. Gen plis èd ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Taks Federal sou Revni Ou (an anglè).