Bagay moun yo fè pandan lete a ki ka afekte deklarasyon enpo yo lòt ane

Konsèy sou taks pou COVID 2021-102, 15 Jiyè 2021

Se lete e pou anpli moun, lete vle di chanjman. Keseswa yon chanjman nan lavi oswa yon evènman lete espesyal, sa ka afekte enpo sou revni yo. Men kèk aktivite lete ak konsèy sou kòman kontribyab yo ta dwe konsidere yo pandan sezon deklarasyon an.

Marye

Moun ki fenk marye yo dwe siyale tout non ki chanje bay Administrasyon Sekirite Sosyal la. Yo ta dwe siyale tou, yon chanjman adrès (an anglè) bay Sèvis Lapòs Etazini, bay anplwayè yo, epi bay IRS (an anglè) la. Sa ap ede rasire yo resevwa dokiman yo ak lòt bagay y ap bezwen pou deklare enpo yo.

Voye timoun nan jounen kan lete

Kontrèman ak kan lannwit yo, pri kan lajounen yo ka konte nan kredi pou swen depandan ak timoun (an anglè).

Travay demi jounen

Pandan anpil travayè nan lete ak travayè demi jounen ka pa antre ase pou yo dwe enpo sou revni federal, yo ta dwe sonje fè yon deklarasyon. Y ap bezwen deklare bonè lòt ane pou yo jwenn yon ranbousman pou taks yo kenbe sou chèk yo ane sa a.

Ti travay demi jounen

Kontribyab yo ka gen revni nan lete a nan fè travay sou demann, bay sèvis oswa machandiz, souvan atravè yon platfòm dijital tankou yon aplikasyon oswa yon sit entènèt. Ekzanp yo se kovwatiraj, sèvis livrezon ak lòt aktivite. Yo ankouraje sila yo ki fè ti travay sa yo vizite Sant Fiskal pou Ti Travay yo sou IRS.gov pou apann plis sou kòman sa ka afekte taks yo lè yo patisipe nan pataj ekonomi an.

Nòmalman, anplwaye yo resevwa yon Fòm W-2, Daklarasyon Fiskal ak Salè (an anglè), nan men anplwayè yo pou yo rann kont sou travay nan lete a. Y ap itilize li pou prepare deklarasyon enpo yo. Yo ta dwe resevwa W-2 a 31 janvye ane pwochenn. Anplwaye yo ap jwenn yon W-2 si yo pa travay pou anplwayè lete a ankò.

Travayè lete yo kapab evite gwo fakti enpo yo ak pèdi avantaj yo si yo konnen estati kòrèk yo. Anplwayè yo ap detèmine si moun ki travay pou yo se anplwaye oswa kontraktyèl endepandan (an anglè)PDF. Pa gen prelèvman sou kontraktè endepandan yo, yo responsab pou yo peye pwòp enpo sou revni yo ansanm avèk enpo asirans sante yo ak Sekirite Sosyal yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)