Kontribyab taks ki itilize Estimatè Prelèvman Taks la ap evite sezisman nan ane k ap vini a

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou Taks pandan COVID la 2020-101, 12 Dawou 2020

Itilize  Estimatè Prelèvman Taks pou IRS la ka ede kontribyab taks yo pou yo konnen montan egzat ki pou prelve epi konsa yo ap evite sezisman lè y ap fè deklarasyon nan ane k ap vini an.

Taks sou revni se lajan moun dwe peye amezi y ap fè kòb (an anglè) Daprè lalwa, se pou kontriibyab taks yo peye pi fò taks yo chak fwa yo rantre kòb. Genyen de fason pou sa fèt:

  • Nan prelèvman ki fèt sou chak chèk moun touche, nan pèman pansyon, lajan Sekirite Sosyal oswa kèk lòt pèman gouvènman bay tankou konpansasyon chomaj.
  • Nan fè pèman estimasyon taks chak twa mwa pou revni prelèvman pa ka fèt sou yo.

Prelèvman taks sou revni fèt an jeneral daprè estati deklarasyon kontribyab taks la ak daprè nòm dediksyon. Ajiste prelèvman sou chèk moun touche yo oswa nan kantite estimasyon taks pou moun peye ka anpeche moun peye amann. Sa espesyalman enpòtan pou moun ki nan ekonomi pataj, moun ki gen plis pase yon sèl travay epi moun yo ki eksperimante chanjman nan lavi yo pandan ane ki sot pase a.

IRS fè moun COVID-19 la afekte yo sonje pou yo gade ankò estati prelèvman taks yo, sitou sila yo ki resevwa kòb chomaj pandan peryòd la.

Estimatè prelèvman taks ki se sou IRS.gov la te konsevwa pou ede kontribyab taks yo detèmine kantite egzat kòb taks ki dwe prelve. Li ofri ouvriye, retrete, ak travayè endepandan yo yon metòd ki fasil pou itilize, ki detaye byen detaye pou ede moun konnen si gen bezwen pou ajiste prelèvman yo lè yo soumèt yon lòt Fòmilè W-4 bay anplwayè yo a oswa fè lòt pèman siplemantè oubyen fè pèman estimasyon taks.

Kilè pou W Tcheke Prelèvman

Kontribyab taks yo dwe verifye prelèvman ki fèt sou yo chak ane, epi chak lè gen chanjman nan lavi yo tankou maryaj, timoun ki fèt, adopsyon yon timoun epi tou lè yo chanje travay. Nenpòt moun ki te chanje prelèvman yo byen bonè nan ane a, ki te resevwa yon bon valè kòb ranbousman oubyen yon nòt pou yo voye peye taks aprè deklarasyon 2019 yo a, yo tout bezwen tcheke prelèvman yo ankò.

Pèman Estimasyon Taks ki fèt chak twa mwa

Moun ki genyen yon gran pati nan revni yo ki pa gen mwayen pou prelèvman fèt sou yo ap bezwen fè pèman estimasyon taks chak twa mwa . Kontribyab taks ki resevwa konpansasyon chomaj nenpòt lè l te ye nan ane a dwe tcheke prelèvman yo. Se pou you itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la pou yo ka rive konnen si se taks yo pou yo fè prelve osinon si se pèman estimasyon taks pou yo fè.

Selon rezilta Estimatè Prelèvman Taks la bay, kontribyab taks yo ka chwazi pou fè yo prelve taks sou revni yo depi nan chèk chomaj yo a oubyen fè chanje kantite yo prelve a. Pou fè prelve kòb taks nan chèk chomaj yo se pou yo ranpli Fòmilè W-4V, Rekèt pou Prelèvman Volontè (an anglè).PDF

Gen kèk tranzaksyon finans, sitou lè sa rive byen ta nan ane a, ki ka pote konsekans nan taks moun pa ta janm panse. Pami sa yo gen bonis konje ak bonis finisman ane, dividann sou aksyon, gen kapital moun retire nan fon mityèl ak aksyon, obligasyon, monè vityèl, byen imobilye ak lòt pwopriyete moun vann pou fè lajan.

Kontribyab taks gen de opsyon elektwonik gratis pou yo pwograme pèman estimasyon taks federal yo. Ak Pèman DirèkIRS la, Moun ka pwograme pou voye pèman ata 30 jou menm alavans. Lè yo itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal la, yo ka pwograme pèman ata pou 365 jou alavans.

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)