Ap gen penalite pou Reklamasyon pou Ranbousman oswa Kredi pa erè a si ou soumèt yon reklamasyon pou ranbousman oswa kredi enpo sou revni pou yon montan ki eksesif epi san pa genyen yon koz rezonab ki aplikab. Yo te modifye dispozisyon penalite IRC 6676 a pa Gwo, Bèl, Lwa a (One, Big, Beautiful Bill) epi li pral aplike tou pou reklamasyon ki pa kòrèk pou ranbousman oswa kredi enpo sou travay ki te ranpli apre 4 jiyè 2025.
Kòman w konnen ou dwe penalite a
N ap voye yon avi oswa lèt ba ou si ou dwe yon Penalite pou Reklamasyon pou Ranbousman oswa Kredi pa erè. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt Ou a.
Kòman nou kalkile penalite a
Nan ka reklamasyon pou ranbousman oswa kredi pa erè yo, yon montan penalite se 20% montan eksesif ou reklame a.
- Yo defini yin “montan eksesif” antanke montan reklamasyon pou ranbousman oswa kredi ki depase montan ki admisib pou yon ane taksab.
- Malgre yo kenbe ranbousma w lan epi yo pa ba ou li pandan deklarasyon enpo w la nan odit, montan reklamasyon an ka evalye kòm yon demann ranbousman pa erè oswa penalite kredi si pa gen yon kòz rezonab.
- Penalite a pa’p aplike pou okenn pòsyon ki pa otorize nan reklamasyon ranbousman oswa kredi a ki sijè a yon penalite ki gen rapò ak Presizyon oswa yon penalite pou Fwod.
Enterè sou yon penalite
Nou mete enterè sou penalite yo.
Dat nou kòmanse mete enterè yo depann de kalite penalite a. Enterè yo ogmante montan ou dwe yo jouk ou peye tout dèt ou yo. Pou plis enfòmasyon sou enterè nou chaje sou penalite yo, gade Enterè.
Peye yon penalite
Ou ka peye lè l sèvi avèk youn nan opsyon pèman elektwonik nou yo ki an sekirite, rapid e fasil.
Peye penalite w la an plen pou anpeche penalite ak enterè yo akimile nan lavni.
Aplike pou yon plan pèman
Si ou pa kapab peye tout montan enpo w yo oswa penalite a alè, peye sa ou kapab kounye a epi aplike pou yon plan pèman.
Efase oswa diminye yon penalite
Nou ka anmezi pou nou efase oswa redwi kèk penalite si w te aji ak bon konsyans epi w ka montre rezon valab ki fè w pa t kapab respekte responsablite fiskal ou yo. Selon lalwa, nou pa kapab efase oswa redwi enterè yo sof si yo efase oswa redwi penalite a.
Pou plis enfòmasyon, gade Alèjman penalite.
Konteste yon penalite
Si w pa dakò ak montan w dwe yo, ou kapab konteste penalite a.
Si yon avi oswa yon lèt nou te voye ba ou gen enstriksyon oswa dat limit pou konteste penalite a, ou dwe swiv enstriksyon sa yo.
Si w pa t resevwa yon avi oswa lèt, jwenn asistans telefòn.
Prepare enfòmasyon sa yo lè w ap rele oswa reponn avi a oswa voye lèt ou a:
- Avi oswa lèt nou te voye ba w la
- Penalite ou vle nou rekonsidere a
- Pou chak penalite, yon esplikasyon siyen sou ki rezon ou panse nou ta dwe retire l ansanm ak dokiman sipò yo
Evite yon penalite
Ou kapab evite yon penalite lè w ranpli deklarasyon ou korèkteman epi a tan epi peye enpo ou anvan dat limit la. Si w pa kapab peye enpo w yo anvan dat limit lan, ou kapab aplike pou yon plan pèman.
Lwa ak règleman yo
Reklamasyon pou Ranbousman oswa Kredi pa erè - 26 U.S. Code § 6676 (an anglè)
Jwenn èd
- Ou kapab otorize yon moun (an anglè) kontakte IRS pou ou
- Gade si w kalifye pou èd nan yon klinik pou Kontribyab ki gen Ti Revni (an anglè)
- Si w pa ka rezoud penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defansè Kontribyab la, yon òganizasyon endepandan nan IRS.
- Si ou pa ka rezoud penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defans Kontribyab la, yon òganizasyon endepandan anndan IRS
- Si ou pa ka jwenn sa ou bezwen an anliy, rele nimewo IRS la ki sou avi oswa lèt ou a (prepare w pou ou tann pou anpil tan)