Eksplore seksyon anba a ki pi byen reprezante èd ou bezwen an. Jeneral Aksè sou Kont Balans Kont yo Opsyon/Aktivite Pèman Dosye Fiskal Avi yo ak Lèt yo Vòl/Fwod Idantite Sipò Adisyonèl Jeneral Èske mwen kapab aktyalize imèl mwen ak adrès postal mwen? Sou Paj Pwofil la sou kont anliy ou, ou kapab aktyalize adrès imèl ou epi kite oswa chwazi preferans pou avi sou papye yo. Pou chanje oswa aktyalize adrès postal ou, ou kapab soumèt Fòm 8822 (an anglè)PDF pa lapòs oswa jwenn plis enfòmasyon sou chanjman adrès yo (an anglè). Èske yon Reprezantan Sèvis Kliyantèl IRS kapab gen aksè nan kont anliy mwen? IRS Customer Service Representatives can't access your online account. They also don't have the same view as what is shown in online account. Ki kote mwen kapab jwenn enfòmasyon konsènan fè yon deklarasyon taks oswa repons pou kesyon sou lwa fiskal yo? Pou plis enfòmasyon konsènan deklarasyon, gade Enfòmasyon sou Taks pou Moun yo. Pou kesyon sou lwa fiskal ki espesyal pou sikonstans pèsonèl ou, gade Asistan Taks Entèraktiv la (ITA) (an anglè). Èske genyen asistans mesaj tèks disponib? (mizajou 28 jen 2021) Pa genyen aktyèlman men n ap bay mizajou yo si gen plan pou elabore sa alavni. Èske kont anliy ekziste deja pou Kontribyab Antrepriz yo? IRS gen plan pou li devlope yon kont anliy pou kontribyab antrepriz yo alavni, sa k ap pèmèt antrepriz jere obligasyon taks federal yo fasil epi an sekirite. Èske kont anliy disponib pou kontribyab entènasyonal yo? (mizajou 1ye novanm 2022) Wi. Kontribyab endividyèl ki gen adrès aletranje yo kapab itilize sèvis sa a. Retounen nan kòmansman an Aksè sou Kont Mwen pa anmezi pou mwen ale sou kont mwen avèk enfòmasyon mwen te bay yo – kisa mwen kapab fè? Lòt mwayen pou jwenn enfòmasyon sou kont ou Ou kapab fè demann yon Relve Kont. Tanpri, remake chak Relve Kont kouvri yon grenn ane fiskal, e li ka pa montre dènye penalite yo, enterè yo, chanjman oswa aksyon ki ankou yo. Si ou se yon antrepriz, oswa yon moun ki te soumèt yon fòm ki pa fòm 1040 la, ou ka jwenn yon relve pandan w ap soumèt Fòm 4506-T, Demann pou Relve Deklarasyon Taks (an anglè). Jwenn plis asistans. Èske mwen ka bay yon lòt moun aksè nan kont anliy mwen? Non. Se kontribyab la sèlman ki ta dwe ka konekte sou kont li. Nou pa dwe janm pataje enfòmasyon sou idantite nou ak lòt yo. Poukisa mwen ap resevwa yon mesaj k ap di sèvis la pa disponib lè mwen konekte sou kont anliy mwen? Ou ka resevwa yon mesaj k ap di sèvis la pa disponib akoz yon echèk sistèm nan aplikasyon nou an oswa yon erè nan rekiperasyon done ou yo. Ou ka toujou wè lòt opsyon disponib menm si ou fè fas ak sitiyasyon sa a, tankou bouton Resevwa Transkripsyon an oswa onglè Aktivite Pèman an. Aktyèlman, onglè Aktivite Pèman an voye ou sou sit, tankou Pèman Dirèk (Direct Pay), Peye Avèk Kat ak Plan Pèman Anliy (OPA, Online payment Agreement), endisponibilite nou an pa afekte. Retounen nan kòmansman an Balans Kont yo Èske kontribyab yo ap reseva yon mesaj lè plan vèsman yo a satisfè? Nou voye yon deklarasyon ba ou lè chak peryòd fin peye. Nou voye ba ou tou, yon deklarasyon anyèl sou aktivite plan pèman. Ou kapab ale sou kont pou aktyèl balans ou ak istorik pèman. Anplis taks sou revni yo, ki lòt responsabilite fiskal kont anliy montre? Kont anliy montre detay pou tout responsabilite fiskal ki asosye avèk kont pèsonèl ou, tankou: Taks sou revni ou dwe sou Fòm 1040 ou an Taks adisyonèl ou dwe sou Fòm 5329, Taks Adisyonèl sou Plan Kalifye yo (tankou IRA yo) ak Lòt Kont ki Gen Avantaj Fiskal yo Pèman Responsabilite ki Pataje (pou ane fiskal soti 2014 pou rive 2018), ki aplike si yon moun sa konsène ki nan yon fwaye fiskal pat benefisye kouvèti esansyèl minimòm nan pandan yon mwa kèlkonk Penalite sou Rekiperasyon Fon Fideyikomi E si mwen te fè deklarasyon taks mwen oswa peye taks mwen anreta? Si ou te fè deklarasyon taks ou oswa ou te peye taks ou anreta, IRS la ka takse w ak youn oswa plizyè penalite sou kont ou. Nan kèk ka, IRS ap abandone penalite yo pou deklarasyon ak pèman anreta. Sepandan, se ou k ap mande IRS la pou li fè sa. Prepare ou pou esplike IRS la ki difikilte ou te genyen ak kisa ki te lakoz ou fè deklarasyon taks ou oswa peye taks ou anreta. Ou ta dwe prepare ou tou pou ou montre IRS la ou te jere sitiyasyon an epi ou p ap gen pwoblèm deklarasyon ak peye atan alavni. Aprann plis sou Alèjman Penalite. Mwen te fè yon deklarasyon taks avèk konjwen mwen an epi tout oswa yon pati nan ranbousman mwen an mwen te ale nan yon dèt konjwen mwen an sèlman te dwe – kisa pou mwen fè? Yo konsidere ou antanke yon konjwen blese si ou te fè yon deklarasyon taks konjwen epi pataj ranbousman w lan te (oswa ap) fèt kont yon dèt apa konjwen w lan sèlman te dwe. Montan ki te gen pou peye a kapab yon dèt federal, dèt fiskal sou revni leta, dèt konpansasyon chomaj leta, oswa pèman pansyon alimantè pou konjwen oswa timoun. Aprann plis sou Konjwen ki Blese (an anglè). E si mwen dwe taks akoz konjwen mwen an pat mete revni oswa te reklame dediksyon mwen pa kalifye pou yo sou deklarasyon taks an komen mwen an? Lè ou fè yon deklarasyon taks an komen, oumenm ak konjwen w lan, nou chak responsab pèsonèlman pou taks la, penalite yo, ak enterè ki vini yo menm si nou divòse annapre. Si konjwen w lan oswa ansyen konjwen w lan te mal deklare dediksyon yo oswa li pat deklare revni ou pat konnen yo, ou ka yon konjwen inosan e ou ka anmezi pou w fè demann pou alèjman nan responsablite a. Aprann plis sou Konjwen Inosan (an anglè). Retounen nan kòmansman an Opsyon/Aktivite Pèman Ki kote mwen kapab wè detay sou plan pèman mwen an? Ou kapab wè detay sou plan pèman w lan sou paj akèy kont ou an epi sou paj opsyon pèman yo tou. Enfòmasyon ki afiche yo se kalite plan ou genyen an, dat limit (yo) ak montan pèman (yo). Si kont anliy mwen montre mwen dwe yon montan zewo dola, èske sa vle di mwen pa dwe ditou? Sa depan. Enfòmasyon nou bay yo chita sou done nou genyen nan moman ou konekte sou kont anliy ou an. Si montan ki parèt la se zewo, ebyen se sa li ye pandan moman ou konekte a; men li ka chanje annapre si done yo chanje, tankou si gen yon ajisteman ki fèt sou kont ou oswa deklarasyon taks ou a poko pibliye pou li montre montan ou dwe sou deklarasyon sa. Ki kalite pèman mwen kapab fè atravè kont anliy mwen an? (ajoute 22 desanm 2021) Ou kapab fè yon pèman pou yon kont ou dwe, yon pèman taks estime chak trimès, yon pèman sou yon Deklarasyon Amande ki fenk fèt (Fòm 1040-X), yon evalyasyon fiskal yo pwopoze (ekzanp, CP2000, Avi Defisyans), oswa yon pèman pou yon pwolongasyon pou fè deklarasyon taks sou revni ou (disponib soti janvye pou rive avril). Èske kont anliy ap voye yon imèl ban mwen k ap konfime pèman mwen an te fèt? (mizajou 22 desanm 2021) Wi, si ou fè yon pèman apati kont anliy ou, ou ka chwazi pou w resevwa yon imèl konfimasyon. Ou kapab gade pèman w (yo) ki ankou nan Aktivite Pèman. Si mwen fè yon deklarasyon an komen, èske m ap kapab wè enfòmasyon konjwen mwen an oswa fè pèman sou non yo? (ajoute 22 desanm 2021) Moun ki fè deklarasyon an komen yo kapab wè enfòmasyon sou balans, pèman ak dosye taks pou tout deklarasyon taks yo fè an komen. Pou ane fiskal yo poko deklare yo, chak konjwen ap wè pwòp enfòmasyon yo sou kont yo. Pèman taks estime yo kapb fèt pa nenpòt nan konjwen yo men lè sa se pou konjwen ki fè pèman an l ap afiche sèlman jiskaske yon deklarasyon an komen fèt. Pèman enpak ekonomik yo se te yon pèman avans, kidonk, kontribyab ap wè pòsyon pa yo nan pèman an sèlman. Èske mwen ka fè chanjman nan plan pèman mwen genyen aktyèlman an? (mizajou 28 jen 2021) Ou ka anmezi pou ou: Chanje montan pèman chak mwa ou Chanje dat pou pèman chak mwa ou Konvèti yon plan akoutèm an pèman chak mwa Konvèti yon plan ki la deja an plan Debi Dirèkt Chanjee nimewo kont labank ak nimewo routing lan sou yon plan Debi Dirèk Retablisman apre defayans Aktyèlman, ou kapab fè chanjman sa yo atravè zouti Plan Pèman Anliy lan. Ki metòd pèman ki disponib? (mizajou 22 desanm 2021) Pèman yo kapab fèt atravè yon debi Konpansasyon Otomatik (ACH, Automated Clearing House) apati kont epay oswa kont chèk ou oswa avèk kat debi oswa kredi ou. Ou ka chwazi nenpòt nan metòd sa yo lè ou konekte sou kont anliy ou epi seleksyone Fè yon Pèman. Si ou chwazi "Peye avèk Kat" (sou yon lòt sit entènèt), y ap voye ou sou yon sit entènèt ki diferan. Konbyen tan pèman mwen te fè pou kont mwen an ap pran pou li parèt nan Aktivite Pèman mwen (mizajou 22 desanm 2021) W ap kapab wè pèman ou yo anba onglè “Aktivite Pèman” an. Pèman ki soti nan kont labank ou ki fèt atravè kont anliy ou, Pèman Dirèk IRS, lojisyèl taks ou, oswa pwofesyonèl taks ou ap parèt touswit sou kont anliy ou. Pèman Plan Vèsman Debi Dirèk yo parèt nan apeprè kat (4) jou anvan yo soti sou kont labank ou. Pèman pa kat debi oswa kredi yo ap parèt ant yonn (1) ak de (2) jou apre dat pèman w lan. Pèman chèk oswa manda ka pran jiska twa (3) semèn pou yo parèt. Èske IRS la ka konsidere aksepte yon pati nan sa mwen dwe a sèlman? Yon Pwopozisyon Konpwomi (OIC, Offer In Compromise) se yon akò ant oumenm ak IRS la, kote IRS la dakò pou li pran mwens pase tout montan ou dwe a. Aprann plis sou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè). Genyen de (2) gwo rezon ki fè IRS la ka dakò pran pi piti pase tout montan ou dwe a: Dout sou Posiblite Lakòlèk: Sa vle di ou pa genyen ase revni oswa aktif pou peye tout dèt ou. Bon Jesyon Taks: Ou kapab peye tout dèt ou, men sa t ap kreye yon difikilte ekonomik, oswa li pa t ap jis. Yon lòt rezon ki ka fè IRS la aksepte pèman pi piti pase tout montan taks ou dwe a se dout sou responsablite (sa vle di, ou pa kwè ou dwe taks la, oswa ou pa kwè montan an kòrèk). Itilize zouti Prekalifikasyon pou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè) IRS la pou w wè si ou kalifye pou yon OIC. Retounen nan kòmanman an Dosye Fiskal yo Èske kont anliy montre montan Pèman Enpak Ekonomik la? Wi, kont anliy montre montan Pèman Enpak Ekonomik yo avèk konsèy pou ede, avèk yon lyen k ap mennen sou paj EIP a sou IRS.gov. Pou plis enfòmasyon konsènan pèman sa yo, gade Pèman Enpak Ekonomik yo. Èske gen frè ki asosye avèk telechajman oswa enpresyon relve mwen yo? Non, yo p ap evalye frè sa yo lè ou telechaje oswa enprime relve ou yo. Èske mwen ka fè yon chanjman nan yon deklarasyon taks mwen soumèt deja? Si ou te fè yon deklarsyon taks epi ape ou reyalize ou te fè yon erè, ou ka bezwen amande deklarasyon an, sa ka chanje responsablite fiskal ou. Aprann plis sou sa epi jwenn èd pou w amande yon deklarasyon (an anglè). Deklarasyon taks ou a ka pa kòrèk oswa pa konplè pou plizyè rezon; soti nan bliye siyen yon fòm pou pa deklare revni oswa mal kalkile yon kredi. Sa kapab rive tou akoz plizyè erè nan deklarasyon elektwonik la. Toudepann de nati erè ou bezwen repare a ak lè ou reyalize ou bewen chanje deklarasyon w lan, sa yo se plizyè mwayen ki genyen pou w repare yon deklarasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konplè. Aprann plis sou kòman pou w repare yon deklarasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konplè (an anglè). Retounen nan kòmansman an Avi ak Lèt Èske tout avi mwen yo ap disponib anliy? Non. Nan moman sa a, se sèlman yon kantite avi yo seleksyone k ap disponib pou gade oswa telechaje sou kont anliy ou. Èske m ap toujou resevwa yon avi sou fòma papye nan bwat postal mwen? Wi. Kontribyab yo ap toujou resevwa avi sou fòma papye nan bwat postal yo. Sepandan, n ap travay pou nou ba ou chwa pou w resevwa avi yo pa vwa elektwonik sèlman. Mwen te resevwa yon avi ki soti nan IRS pa lapòs, kisa mwen dwe fè? IRS voye avi sou balans ou dwe ak chanjman ki fèt nan kont fiskal pèsonèl ou. Si ou te resevwa yon avi, li enpòtan pou w li l avèk atansyon epi pou w konsève li pou lè w ap bezwen l. W ap bezwen konnen si ou dakò ou dwe balans lan. Aprann plis sou konprann avi w lan. Si ou dakò avèk balans ki sou avi w la oswa kont anliy ou, w ap bezwen peye montan ou dwe a. W ap kapab itilize opsyon pèman ki disponib yo pou w peye balans ou oswa pou w kreye yon plan pèman. Si ou pa dakò avèk balans ki sou avi w la oswa kont anliy ou an, jwenn plis enfòmasyon sou Avi ak Lèt yo e si sa nesesè, w ap bezwen reponn avi a epi di IRS la poukisa ou pa dwe montan ki rete a. Retounen nan kòmansman an Vòl oswa Fwod sou Idantite E si moun ki te prepare deklarasyon taks mwen an te chanje enfòmasyon sou deklarasyon taks mwen an san mwen pat ba li pèmisyon pou li fè sa? Yon avi IRS ka ba ou yon alèt sou yon erè nan deklarasyon taks ou oswa pou fè w konnen gen odit sou li. Ou kapab verifye enfòmasyon IRS la te trete yo pandan w ap gade yon relve deklarasyon an pou w konpare li avèk deklarasyon ou te siyen osa apwouve a. Ou kapab aksede a dosye fiskal ou atravè kont ou. Si ou viktim fwod oswa move kondwit moun k ap prepare deklarasyon yo, w ap bezwen pwouve IRS la sa. Aprann plis konsènan pwoblèm moun k ap prepare deklarasyon yo (an anglè). Mwen kwè gen yon moun ki vòlè idantite m – kisa m ap bezwen fè? Gen vòl idantite ki gen rapò ak taks lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou li vòlè pou li fè yon deklarasyon taks pou li reklame yon fo ranbousman. Ou ka pa remake sa jiskaske ou soumèt deklarasyon w lan pa vwa elektwonik; se la ou pral konnen gen yon deklarasyon ki fèt deja avèk SSN ou. Oswa, IRS la ka voye yon lèt ba ou k ap di li idantifye yon deklarasyon sispèk ki fèt avèk SSN ou. Ou dwe konnen sitiyasyon sa yo ka rive tou pou lòt rezon ki pa vòl idantite. Genyen plizyè etap ou ka bezwen pase, jan yo montre sa nan Gid Kontribyab nan zafè Vòl Idantite. Retounen nan kòmansman an Sipò Adisyonèl Mwen te resevwa yon odit (ekzaminasyon) pou deklarasyon taks mwen an, kisa m ap bezwen fè? Si taks ou dwe a se akoz yon odit ou pat okouran de li oswa ou pat anmezi pou w bay okenn enfòmasyon pou li, ou ka anmezi pou w mande IRS la pou li gade dosye w ankò pandan l ap rekonsidere odit ou a. Jwenn èd pou w kapab konprann rekonsiderasyon odit la (an anglè). Kòman mwen kapab jwenn yon rezolisyon si montan mwen dwe a ap lakoz difikilte finansyè oswa mwen te kontakte IRS men mwen pat ka rezoud pwoblèm taks mwen an? Si ou gen yon pwoblèm taks ou pa ka rezoud pou kont ou, Sèvis Defans Kontribyab la (TAS, Taxpayer Advocate Service) ka ede ou. Antanke yon òganizasyon endepandan anndan IRS la, TAS ap pwoteje dwa kontribyab yo avèk Deklarasyon dwa Kontribyab yo, l ap ede kontribyab yo rezoud pwoblèm taks yo avèk IRS la, epi rekòmande chanjman k ap anpeche pwoblèm yo vini alavni. Gade Deklarasyon Dwa Kontribyab yo. Ou ka kalifye pou w jwenn èd si pwoblèm IRS ou a lakoz difikilte finansyè oswa ou kwè yon pwosedi IRS senpman p ap mache jan li ta dwe mache. Li plis sou kalite ka TAS trete yo (an anglè). TAS genyen biwo nan tout Eta yo, Distri Columbia, ak Pòtoriko. Si ou kalifye pou w jwenn èd, y ap ba ou yon avoka k ap akonpanye ou chak fwa. Avoka TAS yo travay avèk IRS la sou solisyon pwoblèm ou yo epi sèvis nou yo toujou gratis. Pou w pale avèk yon avoka, rele 877-777-4778 oswa kontakte biwo lokal ou a. Jwenn biwo TAS nan lokalite w la (an anglè). Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni (Low Income Taxpayer Clinics (LITC)) kapab reprezante ou devan IRS la oswa nan tribinal pou odit, apèl, zafè lakòlèk taks, ak lòt litij sou zafè taks. Sèvis yo gratis oswa pou yon ti kras lajan. LITC asiste moun ki gen ti revni ki nan litij avèk IRS la, li bay fòmasyon epi li al jwenn moun ki pale anglè kòm dezyèm lang (ESL). Pou kalifikasyon pou asistans LITC a, jeneralman, revni yon kontribyab dwe pi ba yon sèten sèy, epi montan ki nan litij avèk IRS la pi piti pase 50 000 dola dabitid. Aprann plis konsènan Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo (an anglè). Èske gen asistans pou Katastwòf ak Sekou nan Ijans? Si yon katastwòf te frape ou dènyeman, aprann konsènan dènye dispozisyon alèjman fiskal yo (an anglè) pou w konnen opsyon w yo. Ou pat jwenn repons ou an? Rele yon reprezantan sèvis kliyantèl IRS la. Ou dwe pare enfòmasyon ou yo, ansanm avèk enfòmasyon sou deklarasyon taks ou. Kite nou ede ou – asistans Lokal ak nan Telefòn. Ou kapab soumèt tou yon demann pou FOIA (Freedom of Information Act, Lwa sou Libète pou Enfòmasyon) pou w jwenn sa yo: Yon fòmilè deklarasyon odit Dokiman travay ou yo Avi ou yo Soumèt yon demann FOIA (an anglè). Retounen nan kòmansman an