Alèjman Penalite Pou Koz ki Rezonab

Ou ka kalifye pou yo retire oswa redwi pou ou yon seri penalite si ou te aji selon yon koz rezonab epi ak bòn fwa.

Sou Paj Sa a

Koz Rezonab

Koz rezonab la detèmine sou baz ka apre ka kote y ap konsidere tout faktè ak sikonstans sitiyasyon w lan.  

Rezon ki kalifye w pou alèjman an sou baz motif rezonab la depann de kalite penalite ou dwe a ak lwa yo nan Kòd Revni Entèn (an anglè) (IRC) pou chak penalite.

Koz rezonab la pa aplike pou yon seri penalite; tankou penalite pou estimasyon taks la.

Pou biznis yo, rezon yo aplike ak moun nan avèk otorite pou soumèt deklarasyon an, depo, oswa taks.

Penalite pou Deklarasyon oswa Pèman ki Pa Fèt

Ou ka kalifye pou alèjman penalite si ou montre ou te fè prèv pridans ak dilijans epi ou pat anmezi pou w ranpli deklarasyon w oswa peye taks ou atan.

Ekzanp rezon ki valid pou pa deklare oswa peye atan kapab:

  • Dife yo, katastwòf natirèl oswa dezòd sivil
  • Enposiblite pou w jwenn dokiman
  • Lanmò, maladi grav oswa absans inevitab kontribyab oswa manm fanmi pwòch
  • Pwoblèm sistèm ki retade yon deklarasyon elektwonik oswa pèman

Pou plis enfòmasyon, gade Deklarasyon Politik 3-2 (an anglè).

Jeneralman, faktè ki annapre yo pa kalifye kòm rezon valid pou w pa deklare oswa peye yon taks atan:

  • Lè ou depann de yon pwofesyonèl taks. Jeneralman ou responsab pou ou mete ou an konfòmite avèk lwa fiskal yo menm si se yon lòt moun k ap jere zafè taks ou yo. Ou ta dwe konnen sa pwofesyonèl taks ou a soumèt la epi pou w gen prèv ke deklarasyon oswa pèman w lan fèt atan.
  • Mank konesans. Ou gen responsabilite pou w konnen oswa jwenn konsèy sou kijan pou w soumèt deklarasyon yo ak peye oswa depoze taks yo atan. Sa gen ladan ekzijans deklarasyon, dat limit ak montan ou dwe yo.
  • Erè ak neglijans. Ou'responsab pou asire w ke deklarasyon taks yo, pèman yo ak depo yo kòrèk epi fèt atan. Nan kèk ka, koz rezonab ka aplike pou yon erè si gen lòt erè ak sikonstans ki montre ou te eseye konfòme w ak lwa fiskal yo.
  • Mank fon. Li menm poukont li, mank fon an se yon koz rezonab pou w pa peye oswa depoze taks ou dwe. Sepandan, ou ka kalifye pou alèjman selon lòt faktè ak sikonstans ki montre ou te fè bon dilijans epi ou te eseye konfòme w avèk lwa fiskal yo.

Penalite ki an Rapò ak Presizyon

Si ou te resevwa yon penalite ki an rapò ak presizyon, ou ka kalifye pou alèjman penalite si ou te aji avèk koz rezonab  epi ak bòn fwa. Pou nou detèmine si ou kalifye, nou konsidere faktè sa yo:

  • Efò ou te fè pou w deklare taks ki kòrèk la
  • Konpleksite pwoblèm taks la
  • Edikasyon ou, eksperyans ou, oswa konesans ou sou lwa fiskal la
  • Etap ou te pase pou w rive konprann obligasyon fiskal ou oswa chèche asistans nan men yon konseye fiskal

Si ou te jwenn ak yon konseye fiskal, nou ka konsidere:

  • Si ou te bay tout enfòmasyon ki nesesè
  • Si konseye w la te gen konpetans ak eksperyans pou sitiyasyon fiskal la

Pou plis enfòmasyon, gade Règleman Trezòri 1.6664-4 (an anglè).

Penalite pou Deklarasyon Ransèyman

Si ou kapab montre koz rezonab ki fè ou pa rive depoze yon bon deklarasyon ransèyman oswa deklarasyon benefisyè, ki presi, atan, nou ka konsidere alèjman penalite a si ou pwouve:

  • Ou te aji ak responsabilite ni anvan ni apre deklare ou pa deklare pandan ou te:
    • Mande pwolongasyon delè pou deklare lè sa posib
    • Eseye anpeche yon bagay ou te wè ki ka lakoz ou pa deklare atan
    • Rezoud tout pwoblèm ki te lakoz ou pa deklare a
    • Aranje w pou deklare ou pat deklare a pi vit posib
  • Mete sou aji ou te aji ak responsabilite a, ou dwe pwouve tou ke te genyen gwo faktè rediksyon nan sa ki konsène deklarasyon an ki pa fèt la oswa deklarasyon an ki pat fèt la se te akoz evènman ki te depase ou, tankou:
  • Moun k ap deklare fòm patikilye a oswa deklarasyon an premye fwa
  • Istorik bon konfòmite
  • Aksyon IRS la
  • Aksyon yon ajan
  • Aksyon yon lòt moun
  • Aksè nan dokiman biznis ki enpòtan
  • Difikilte ekonomik ki te anpeche deklarasyon elektwonik la

Pou plis enfòmasyon, gade Règleman Trezòri 301.6724-1 (an anglè).

Aplike pou yon Plan Pèman

Si ou pa kapab peye tout montan taks ou yo oswa penalite a atan, peye sa ou kapab la kounya epi aplike pou yon plan pèman. Ou ka redwi penalite annapre yo lè ou chwazi yon plan pèman.

Kòman pou w Mande Alèjman Penalite

Nou ka redwi oswa retire kèk penalite nan telefòn. Rele nimewo gratis ki anlè nan kwen adwat avi w la pou w mande alèjman penalite pou koz rezonab epi pou w gen dokiman sipò.

Mete enfòmasyon sa yo pre lè ou rele:

  • Avi nou te voye ba ou a
  • Penalite ou vle alèjman pou li a
  • Rezon ki fè w panse nou ta dwe retire li

Pandan apèl la, si ou aplike pou koz rezonab men nou “te detèmine” ou kalifye pou Rediksyon Premye Fwa, n ap aplike dezyèm nan. Si ou pa kalifye ni pou youn ni pou lòt oswa nou pa ka apwouve alèjman w lan nan telefòn, ou kapab mande alèjman alekri atravè Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demann pou Rediksyon (an anglè).

Pou redwi oswa retire yon penalite pou estimasyon taks, gade:

Esplike reyalite ak sikonstans ki lakoz deklarasyon , depo, oswa pèman an reta, tankou:

  • Sa ki te rive ak lè sa te rive
  • Kòman sitiyasyon an te anpeche ou deklare oswa peye taks ou atan
  • Ki esè ou te fè pou w deklare oswa peye taks ou yo

Ou ta dwe mete dokiman sipò tankou:

  • Lopital, dosye jiridik oswa yon lèt doktè pou konfime malady oswa enkapasite a, avèk dat kòmansman ak dat finisman
  • Dokiman sou katastwòf natirèl oswa lòt dezòd
  • Kopi lèt ak repons alekri ki enpòtan
  • Kopi resi, fòm oswa lòt dokiman 

Kòman pou w Konteste yon Desizyon sou Alèjman Penalite

Si ou te resevwa yon avi oswa lèt ki di nou refize demann ou an pou alèjman penalite a, gade Kalifikasyon pou Konteste Penalite (an anglè) pou lòt etap yo.

Alèjman Enterè

Nou chaje enterè sou penalite yo. Enterè yo ogmante montan ou dwe a jiskaske ou fin peye tout balans ou dwe a.

N ap redwi oswa retire enterè ki konsène a si nou redwi oswa retire nenpòt nan penalite ou yo. Jwenn plis enfòmasyon sou enterè nou chaje sou penalite yo nan Enterè.

Jwenn Èd