Yon apèsi sou anak fiskal Douzèn Delwayal 2022 IRS yo

Konsèy Fiskal pou COVID 2022-99, 29 Jen 2022

Douzèn Delwayal yo se yon lis yon varyete anak ki kouran yo konpile chak ane ke kontribyab kapab ranpontre nenpòt lè. IRS la avèti kontribyab yo, pwofesyonèl taks yo ak enstitisyon finans yo pou yo veye anak sa yo. Lis ane sa a divize an senk (5) gwoup. Men yon apèsi sou douz pi gwo anak fiskal 2022 yo.

Plan ki fè gwo abi yo

Douzèn Delwayal 2022 a kòmanse avèk kat (4) tranzaksyon yo pwomouvwa nan entansyon pou fè mal, epi ki pral fè ajans lan fè plis efò nan sa ki gen pou wè ak konfòmite alavni. kat (4) tranzaksyon abizif sa yo enplike fidisi rant pou charite, plan retrèt endividyèl maltiz, asirans kaptiv etranje, ak vant a tanperaman monetize.

Anak ki an rapò ak pandemi an (an anglè)

IRS sa a ap raple kontribyab yo kriminèl yo toujou ap itilize pandemi COVID-19 la pou yo vòlè lajan ak idantite moun yo avèk imèl ki gen pyèj, piblisite sou medya sosyal, apèl telefòn, ak mesaj tèks.

Tout efò sa yo se pou vòlè enfòmasyon pèsonèl ki sansib, avèk anakè k ap sèvi avèk sa pou eseye depoze yon fo deklarasyon taks epi andomaje viktim yo nan lòt fason tou. Kèk pami anak moun yo dwe kontinye ap veye se anak Pèman Enpak Ekonomik ak anak ranbousman fiskal yo, fwod nan chomaj k ap mennen nan 1099-G kontribyab yo ki pa egzat, fo òf anplwa sou medya sosyal yo, ak fo òganizasyon charite k ap vòlè lajan kontribyab yo.

Pwopozisyon Konpwomi “mills” (an anglè)

Izin Pwopozisyon Konpwomi (OIC) yo ap fè deklarasyon ki biza, dabitid nan piblisite lokal yo, konsènan kòman yo kapab regle dèt fiskal yon moun pou kèk santim dola. Souvan, an reyalite kontribyab la peye izin Pwopozisyon Konpwomi an yon frè pou li jwenn menm afè li te kapab jwenn poukont li dirèkteman avèk IRS la. Izin Pwopozisyon Konpwomi yo se yon pwoblèm pandan tout ane a; men yo gen tandans parèt plis apre sezon deklarasyon an fini epi kontribyab yo ap eseye rezoud pwoblèm taks yo petèt apre yo fin resevwa yon avi sou balans yo dwe nan bwat postal yo.

Kominike ki sispèk yo (an anglè)

Chak fòm kominike ki sispèk fèt nan entansyon pou pyeje, pran pa sipriz, oswa fè yon moun pè pou l kouri reponn san reflechi. Kriminèl yo itilize yon varyete mwayen kominikasyon pou yo atire gwo viktim yo. IRS la avèti kontribyab yo pou yo vijilan kont aktivite sispèk yo atravè kat (4) fòm kominikasyon ki kouran yo: imèl, medya sosyal, telefòn, ak mesaj tèks. Yo twonpe viktim yo pou fè yo bay enfòmasyon finansyè pèsonèl ki sansib, lajan oswa lòt enfòmasyon. Sa kapab sèvi pou fè fo deklarasyon taks epi ale sou kont finansye yo, ak lòt ankò.

Atak eskwokri yo (an anglè)

Anak eskwokri yo sible yon grenn oswa gwoup moun. Kriminèl sa yo eseye pran done kliyan yo ak idantite moun k ap prepare taks yo pou yo ka depoze fo deklarasyon taks pou ranbousman. Eskwokri yo ka adapte pou yo atake tout tip antrepriz oswa òganizasyon, kidonk, tout moun bezwen veye epi pa kouri reponn lè nou resevwa yon imèl etranj.

Dènye imèl eskwokri a itilize logo IRS la ak yon varyete liy sijè tankou "Aksyon Nesesè: Kont ou an atant" pou vòlè enfòmasyon idantifikasyon pou lojisyèl preparasyon pwofesyonèl taks yo. Imèl anak yo genyen yon lyen depi yo klike sou li k ap voye itilizatè yo sou yon sitwèb k ap montre logo plizyè founisè lojisyèl preparasyon taks ki popilè. Lè nou klike sou logo sa yo, y ap mande nou enfòmasyon idantifikasyon pou kont pwofesyonèl taks nou. IRS la avèti pwofesyonèl taks yo pou yo pa reponn ni fè anyen nan sa imèl la mande nou fè. IRS te obsève plizyè fo imèl ki sanble ki di yo soti nan men yon "founisè pou demann preparasyon taks."

Lis la pa yon dokiman legal oswa yon lis literal priyorite aplikasyon ajans lan. Li fèt pou li reveye konsyans yo sou yon varyete piblik ki ka pa toujou konsyan de evolisyon ki enplike administrasyon fiskal yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)