Prepare ou pou enpo yo: Ki sa ki nouvo e ki sa pou ou konsidere lè w ap fè yon deklarasyon enpo 2023

IR-2022-213, 6 Desanm 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn ankouraje kontribyab yo pou yo poze aksyon enpòtana sa yo nan mwa sa a, sa kapab ede yo fè deklarasyon enpo federal 2022 yo.

Sa a se dezyèm nan, nan yon seri rapèl pou ede kontribyab yo prepare yo pou sezon deklarasyon taks la k ap rive sou yo. Paj prepare ou a mete aksan sou etap kontribyab yo gen pou yo swiv yo pou yo kapab fè deklarasyon taks yo byen fasi an 2023.

Men sa ki nouvo ak kèk zouti kle kontribyab yo ta sipoze konsidere avan yo fè deklarasyon taks yo pou ane k ap vini an.

Règleman pou rapòte yo chanje pou Fòm 1099-K. Kontribyab yo sipoze resevwa Fòm 1099-K, Tranzanksyon ak Kat pèman ak Rezo tyès (an anglè), blòk 31 janvye 2023, si yo resevwa pèman nan men tyès nan ane fiskal 2022 a pou machandiz oswa sèvis ki depase 600 dola.

Pa gen okenn chanjman ki gen pou wè ak taksabilite revni. Tout revnii, tankou sa ki soti nan travay bout jounen, travay sou kote oswa lavant pwodui, toujou gen enpo sou yo. Kontribyab yo dwe deklare tout revni sou deklarasyon enpo yo sof pou revni lalwa eskli, keseswa yo resevwa yon Fòmilè 1099-K, yon Fòmilè 1099-NEC, Konpansasyon pou Moun ki Pa Anplwaye (an anglè), oswa nenpòt lòt deklarasyon ransèyman.

Anvan 2022, yo te bay Fòmilè 1099-K pou tranzaksyon rezo tyès yo sèlman si kantite total tranzaksyon yo te depase 200 pou ane a epi montan agreje tranzaksyon sa yo te depase $20,000. Lwa Plan Sovtaj Ameriken (ARPA) 2021 an te bese sèy deklarasyon pou rezo tyès ki trete pèman pou sila yo k ap fè biznis yo.

Kounye a yon grenn tranzaksyon ki depase 600 dola kapab mande platfòm rezo tyès yo pou yo reyalize yon 1099-k. Lajan moun resevwa atravè rezo pèman tyès ki soti nan men zanmi ak fanmi antanke kado pèsonèl oswa ranbousman pou depans pèsonèl pa gen enpo sou yo.

IRS la ap avèti moun yo ki nan kategori sa a ki gendwa resevwa Fòm 1099 la pou premye fwa - espesyalman "slila yo ki fè deklarasyon byen bonè yo", jeneralman yo fè deklarasyon yo nan mwa janvye a oswa nan kòmansman mwa fevriye a - pou yo pridan epi pou yo asire yo yo gen tout dokiman enpòtan ki gen pou wè ak revni yo avan menm yo soumèt yon deklarsyon enpo. Yon ti atansyon anplis kapab pèmèt ou jwenn tan adisyonèl epi evite yo fè twòp efò ki gen pou wè ak deklarsyon taks amande. Epi si yo gen revni ki pa taksab nan yon fòm 1099 ki pa afiche nan deklarasyon enpo yo te fè o kòmansman an, sa gendwa sinifi yo gen pou yo soumèt yon pèman ak yon deklarasyon taks amande.

Si enfòmasyon ki nan 1099-K yo pa kòrèk, kontribyab yo sipoze kontakte peyè a imedyatman, sa non li ekri nan tèt fòm nan a goch la. IRS la pap kapab korije li.

Kèk nan kredi deklarasyon taks yo retounen nan nivo yo te ye an 2019 la. Sa ki vle di, kontribyab ki afekte yo ap gen pou yo resevwa yon ranbousman ki piti anpil lè nou konpare li ak sa yo te resevwa nan ane ki sot pase a. Chanjman yo enkli Kredi Enpo pou timoun (CTC), Kredi Enpo sou Revni ki Rantre (EITC) ak Kredi pou Swen Depandan ak pou timoun.

  • Sila yo ki te resevwa 3600 dola pa depandan pou 2021 an pou CTC a ap gen pou yo resevwa 2000 dola si yo elijib pou ane fiskal 2022 an.
  • Pou EITC a, kontribyab ki kalifye yo ki pa gen timoun ki te resevwa apeprè 1500 dola an 2021 ap vin resevwa 500 dola an 2022 an.
  • Kredi Swen pou Timoun ak Depandan yo ap tounen a yon maksimòm 2100 dola an 2022 olye de 8000 dola an 2021.

Vizite Kredi ak Dediksyon (an anglè) pou plis detay.

Pa gen dediksyon pou charite ki depase liy la. Pandan COVID, kontribyab yo te kapab pran jis ka 600 dediksyon taks don pou charite nan deklarasyon taks yo. Sepandan, an 2022 an, sila yo ki te pran yon dediksyon estanda pa gen dwa pran dediksyon don pou charite ki depase liy lan.

Plis moun gendwa kalifye pou Kredi Enpo sou Prim nan. Pou ane fiskal 2022 a, kontribyab yo gendwa toujou kalifye pou yo etann kalifikasyon yo pou Kredi Enpo sou Prim nan (an anglè).

Kritè kalifikasyon pou kapab reklame yon kredi enpo pou machin pwòp yo chanje. Revize chanjman yo (an anglè) nan Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 a (an anglè) pou kalifye pou kredi enpo machin pwòp (an anglè) la.

Evite reta ranbousman epi konprann tan ranbousman yo

Gen plizyè faktè ki gendwa afekte tan yon ranbousman pran aprè IRS la fin resevwa yon deklarasyon taks. Malgre IRS reyalize pifò nan ranbousman yo nan pi piti pase 21 jou, IRS la avèti kontribyab yo pou yo pa konte sou resepsyon ranbousman enpo federal 2022 yo apati de yon sèten dat, espesyalman, lè y ap fè gwo depans yo oswa peye fakti yo. Gen kèk deklarasyon ki gendwa mande revizyon adisyonèl e yo gendwa pran plis tan pou trete yo si IRS la ta detekte potansyèl erè, deklarasyon an manke enfòmasyon oswa gen souspisyon vòl idantite oswa fwod.

Konsa tou, IRS la pa kapab ranbouse moun yo k ap reklame EITC oswa Kredi Enpo pou Timoun (ACTC) adisyonèl avan mitan mwa fevriye a. Lalwa mande pou IRS la kenbe tout ranbousman an, se pa sèlman pati ki gen rapò ak EITC oswa ACTC a.

Pèman dènye trimès 2022 an sipoze fèt 17 janvye 2023

Kontribyab yo gendwa bezwen konsidere taks estime pou revni non salaryal yo touche de alokasyon chomaj, travay endepandan, rant yo e menm aktif dijital yo. Estimatè Prelèvman Enpo a sou sit IRS.gov la kapab ede salarye yo detèmine si gen nesesite pou yo konsidere yon pèman taks adiysonèl pou yo kapab evite fakti enpo yo pa ta panse lè y ap fè deklarasyon.

Rasanble dokiman enpo 2022 yo

Kontribyab yo sipoze devlope yon sistèm achiv enfòmasyon - elektwonik oswa sou papye - k ap konsève enfòmasyon enpòtan yo yon sèl kote. Sa gen ladan dokiman revni fendane yo tankou Fòm W-2 nan men anplwayè a, Fòm 1099 nan men bank oswa peyè yo, Fòm 1099-K nan men rezo peman tyès yo, Fòm 1099-NEC pou konpansasyon moun ki pa anplwaye, Fòm 1099-MISC pou Revni Divè, oswa Fòm 1099-INT si yo te peye w enterè, menm jan an ak dosye ki dokimante tout tranzaksyon aktif nimerik yo.

Asire Dosye fiskal yo la konplè avan deklarasyon an kapab ede kontribyab la evite erè ki ka lakoz reta nan pwosesis tretman an. Lè yo fin gen tout dokiman yo, kontribyab yo byen plase pou yo kapab fè yon deklarasyon ak done ki egzak epi evite reta ki gen pou wè ak tretman oswa ranbousman, oswa reta ki gen pou wè ak resepsyon lèt IRS yo.

Konekte ak kont anliy

Yon Kont IRS Anliy pèmèt kontribyab yo aksede ak e enfòmasyon pèsonèl ki gen pou wè ak enpo yo nan yon manyè ki sekirize, sa ki gen ladan transkripsyon deklarasyon taks yo, istwa peman yo, kèk avi, revni brit ajiste ane avan an ak enfòmasyon manda. Kontribyab yo kapab konekte pou yo verifye si non yo ak adrès yo kòrèk. Yo sipoze fè IRS la konnen si yo chanje adrès (an anglè). Yo sipoze enfòme Administrasyon Sekirite Sosyal la (an anglè) de chanjman non legal, yon fason pou yo kapab evite reta nan tretman deklarasyon enpo yo.

Itilize sèvis labank pou kapab rezevwa ranbousman byen vit ak depo dirèk

Fason ki pi rapid pou resevwa ranbousman se fè deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk. Depo dirèk pi rapid pase tann pou resevwa yon chèk nan kazye postal ou. Li evite risk pou chèk ou a ta pèdi, yo vòlè li, oubyen retounen sa ki pa livre yo bay IRS.

Ou pa gen yon kont labank ? Aprann konnen kijan pou ou ouvri yon kont nan Bank ki asire nan FDIC (an anglè) oswa nan Zouti Lokalizasyon Administrasyon Koperativ Kredi Nasyonal (an anglè). Pou veteran yo, vizite Pwogram Sèvis Bankè pou Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou jwenn aksè nan sèvis finansye nan bank ki nan pwogram nan.

Kat debi prepeye oswa aplikasyon mobil gendwa pèmèt depo dirèk oswa ranbousman taks. Yo sipoze gen yon nimewo routing ak yon nimewo kont ki asosye ak yo pou kapab mete nan deklarasyon taks. Kontribyab yo kapab tcheke founisè aplikasyon mobil la oswa enstitisyon finansyè a pou kapab konfime ki nimewo pou li itilize.

Make resous yo

Kontribyab yo kapab telechaje Piblikasyon 5348, Prepare ou pou ou fè deklarasyon taks (an anglè)PDF, oswa Piblikasyon 5349, Preparasyon enpo anyèl pou tout moun (an anglè)PDF, pou plis enfòmasyoon pou ede yo prepare pou fè deklarasyon.