Rapèl fiskal enpòtan pou moun ki vann yon kay

Konsèy fiskal IRS 2022-78, 19 me 2022

Anpil fanmi ap deloje pandan sezon ete a. Kontribyab k ap vann kay yo (an anglè) gendwa kalifye pou eskli tout oswa yon pati nan nenpòt benefis yo fè sou lavant lan nan revni yo lè yo ap fè deklarasyon taks yo. Yon pwopriyetè kay ta dwe reflechi sou bagay sa yo lè li vann yon kay:

Pwopriyete ak itilizasyon

Pou reklame esklizyon an, kontribyab la dwe satisfè tès pwopriyetè ak itilizasyon an. Pandan yon peryòd senkan k ap kòmanse konte apati de dat vant lan, pwopriyetè kay sipoze antre an posesyon de kay la epi abite ladan antanke lojman prensipal li pandan de (2) zan pou pi piti.

Benefis

Kontribyab yo ki vann kay prensipal yo epi ki gen fè yon benefis sou lavant lan gen dwa eskli jiska $250,000 nan benefis sa a nan revni yo. Kontribyab ki marye yo ki fè deklarasyon konjwent yo kapab ekskli jiska $500,000. Pwopriyetè kay yo ki eskli tout benefis yo pa bezwen rapòte vant lan nan deklarasyon taks yo sof si gen yon Fòm 1099-S ki te ranpli.

Pèt

Gen kèk kontribyab ki gendwa fè yon pèt lè yo vann kay prensipal yo pou pi piti pase sa yo te peye pou posede li a (an anglè) . Pèt sa a pa dediktib.

Plizyè kay

Kontribyab yo ki posede plis pase yon kay ka eskli sèlman benefis li fè nan lavant kay prensipal yo a. Yo dwe peye taks sou benefis yo fè lavant nenpòt lòt kay.

Rapòte vant

Kontribyab yo ki pa kalifye pou ekskli tout benefis yo fè ki sijè ak taks sou revni yo dwe rapòte benefis yo fè nan lavant kay yo lè y ap fè deklarasyon taks yo. Nenpòt moun ki chwazi pa reklame esklizyon an dwe rapòte benefis taks la nan deklarasyon taks yo. Kontribyab ki resevwa Fòm 1099-S, Revni ki soti nan Tranzaksyon Imobilye (an anglè) dwe rapòte vant lan nan deklarasyon taks yo menm si yo pa gen okenn benefis taksab.

Dèt ipotèk

Anjeneral, kontribyab yo dwe deklare (an anglè) dèt yo efase pou yo dèt ki anile (an anglè) kòm revni nan deklarasyon taks yo. Sa gen ladann moun ki te gen yon ipotèk, yo te sezi byen li, oswa lòt dèt ipotèk yo anile sou kay yo. Kontribyab yo te dechaje de dèt yo, swa an antye oswa an pati, nan yon rezidans prensipal kalifye, pa ka eskli li nan revni sof si yo te dechaje yo de li anvan 1ye janvye 2026, oswa te gen yon akò ekri pou efase dèt la ki fèt avan 1ye janvye 2026.

Gen Eksepsyon ki posib

Gen eksepsyon nan règ sa yo (an anglè) pou kèk moun, tankou moun ki gen yon andikap, sèten manm lame, kominote entèlijans ak Travayè Kò Lapè yo (Peace Corps Workers).

Fèy Kalkil

Fèy Kalkil la nou jwenn nan Piblikasyon 523, Vann Kay ou (an anglè) gendwa ede kontribyab yo kalkile baz ajiste pou kay yo vann, benefis oswa pèt sou vant lan, ak esklizyon pwofi sou vant lan.
 

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)