Enfòmasyon pou ede travayè ekonomi ti travay yo rete konsantre sou responsablite fiskal yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-85, 27 Jen 2023

Ekonomi ti travay la - yo rele tou ekonomi pataje oswa ekonomi aksè - se yon fason popilè pou moun yo touche revni lè yo founi sèvis, machandiz oswa sèvis sou demann. Gen kèk moun ki nan ti travay yo a tan pasyèl, epi pou lòt moun ti travay la fèt a plen tan. Revni ki soti nan ti travay yo – tankou kondwi yon machin pou trajè yo rezève, vann pwodui anliy, lokasyon pwopriyete, oswa bay lòt sèvis sou demann, gen enpo sou yo epi yo dwe deklare yo nan deklarasyon enpo travayè a.a

Ti travay yo gen enpo sou yo

  • Lajan ki rantre nan fè ti travay yo gen enpo sou yo, menm si moun nan resevwa deklarasyon enfòmasyon ou pa. Akòz egzijans pou fè rapò (an anglè)PDF, ouvriye economi ti travay yo ka jwenn yon Fòm 1099-K si revni yo depase $600.
  • Salè nan ti travay yo gen ladan l peman pa kat kredi, lajan kach, byen, machandiz oswa lajan vityèl.
  • Ouvriye ti travay yo ka nan nesesite pou yo fè peman enpo estime chak trimès.
  • Si se travayè endepandan yo ye, ouvriye ti travay yo dwe peye tout enpo Sekirite Sosyal yo ak Asirans Sante yo sou revni yo apati aktivite ti travay yo.

Bon klasifikasyon ouvriye yo

Pandan y ap bay sèvis nan ekonomi ti travay yo, li enpòtan pou yo byen klase kontribyab la. Platfòm dijital ki matche sèvis ouvriye yo ak bezwen kliyan yo ka klase ouvriye ti travay yo antanke kontraktyèl endepandan.

  • Sa vle di biznis la, oswa platfòm nan, dwe detèmine si moun k ap bay sèvis lan yo se yon anplwaye oswa yon kontraktyèl endepandan.
  • Kontribyab yo ta dwe konsilte enfòmasyon sou klasifikasyon ouvriye a sou IRS.gov pou yo wè kòman yo ta dwe klase yo.
  • Kontraktyèl endepandan yo ka anmezi pou yo fè dediksyon depans biznis yo, toudepann de limit fiskal ak règleman yo. Li enpòtan pou kontribyab yo konsève dokiman sou depans biznis yo.

Peye bon montan enpo yo pandan tout ane a

  • Yon bon dosye (an anglè) enpòtan pou navige nan règ fiskal yo avèk siksè epi evite erè lè w ap fè ti travay.
  • Nòmalman, yon patwon fè prelèvman enpo sou revni sou salè anplwaye li yo pou ede kouvri enpo sou revni anplwaye li yo dwe.
  • Ouvriye ekonomi ti travay ke yo pa konsidere antanke anplwaye yo genyen de (2) fason yo kapab kouvri enpo sou revni yo:
    • Soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè yo pou yo genyen plis prelèvman enpo sou revni ki fèt sou salè yo si yo genyen yon lòt travay kote yo se anplwaye.
    • Fè peman enpo estime chak trimès pou ede peye enpo sou revni yo pandan ane a, ansanm enpo sou travay endepandan.

Sant Fiskal pou Ekonomi Ti Travay la sou IRS.gov, reponn kesyon yo epi ede kontribyab nan ekonomi ti travay yo konprann responsabilite fiskal yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)