IRS: Fanmi k ap resevwa pèman Kredi Enpo pou Timoun yo kapab aktyalize enfòmasyon pou depo dirèk yo kounya

IR-2021-143, June 30, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan jodia aktyalize yon zouti anliy enpòtan pou pèmèt fanmi yo aktyalize enfòmasyon kont labank rapid epi fasil, pou yo ka resevwa pèman Kredi Enpo pou Timoun chak mwa yo a. 

Yo te ajoute fonksyon aktyalize kont labank lan sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki disponib sou IRS.gov. Tout aktyalizasyon ki fèt depi 2 Dawout ap aplike pou pèman 13 Dawout la epi tout pèman mansyèl ki annapre yo nan rès ane 2021 an.

Fanmi yo ap resevwa pèman 15 Jiyè yo a pa mwayen depo dirèk sou kont labank ki nan dosye yo ki nan IRS la aktyèlman. Sila yo ki pa enskri pou depo dirèk yo ap resevwa yon chèk. IRS la ankouraje moun ki pa gen enfòmasyon kont labank ki aktyèl pou yo itilize zouti a pou yo aktyalize enfòmasyon yo pou yo ka jwenn pèman yo pi bonè.

IRS la ankouraje moun yo tou pou yo veye anak sou Kredi Enpo pou Timoun nan. Moun ki bezwen aktyalize enfòmasyon kont labank yo ta dwe ale sou sit IRS.gov la dirèk olye yo klike sou lyen yo rsevwa nan mesaj imèl, tèks oswa telefòn.

Kòman pou w aktyalize enfòmasyon pou depo dirèk la

Premyeman, fanmi yo dwe itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou yo konfime kalifikasyon yo pou pèman yo. Si yo kalifye, zouti a ap tou di si yo enskri pou resevwa pèman yo pa mwayen depo dirèk.

Si yo enskri, l ap montre tout nimewo woutaj bank yo a ansanm ak 4 dènye chif nimewo kont yo a. Sa a se kont k ap resevwa pèman 15 Jiyè a, e si yo pa chanje kont lan, tout lòt pèman annapre yo ap fèt sou li.

Apre, si yo chwazi fè sa, yo kapab chanje kont labank k ap resevwa pèman an apati pèman 13 Dawout la. Yo ka fè sa pandan y ap aktyalize nimewo woutaj ak nimewo kont lan epi di si se yon kont epay oswa yon kont chèk. Remake se yon sèl nimewo kont destinatè yo kapab genyent—sa vle di, tout pèman an dwe fèt pa mwayen depo dirèk sou yon sèl kont.

Kòman pou soti nan papye chèk pou ale nan depo dirèk

Si Pòtal Ajou a montre yon fanmi kalifye pou pèman yo men li pa t enskri pou resevwa depo dirèk, y ap resevwa yon chèk chak mwa. Si yo vle chanje pou resevwa pèman pa mwayen depo dirèk, yo ka chwazi zouti a pou ajoute enfòmasyon kont labank yo. Y ap fè sa lè yo rantre nimewo woutaj ak nimewo kont labank yo epi di si li se yon kont epay oswa kont chèk.

IRS ankouraje tout fanmi k ap resevwa chèk yo pou yo panse chanje an depo dirèk. Avèk depo dirèk, fanmi yo gen aksè ak lajan yo pi rapid. Depo dirèk yo pa pran tan, pa gen enkyetid epi p ap gen depans pou chanje chèk. Anplis, depo dirèk la elimine chans pou gen pèt chèk, pou yo vòlè chèk oswa pa bay chèk.

Fanmi yo ka kanpe pèman yo nenpòt lè

Menm apre pèman yo kòmanse, fanmi yo ka kanpe tout pèman mansyèl ki gen pou fèt si yo chwazi fè sa. Yo ka fè sa lè yo itilize fonksyonalite dezenskri a nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun. Fanmi kalifye ki fè chwa sa ap toujou resevwa rès Kredi Enpo pou Timoun yo a angwo lè yo fè deklarasyon enpo federal 2021 yo a ane pwochenn.

Pou kanpe tout pèman k ap kòmanse nan mwa Dawout ak rès 2021 an, yo dwe anile enskripsyon an apati 2 Dawout 2021.
Pou plis enfòmasyon konsènan pwosesis anile enskripsyon an, ansanm avèk yon kalandriye delè pou chak pèman mansyèl, gade Sijè J nan FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) Kredi Enpo pou Timoun nan sou IRS.gov.

Kiyès ki ta dwe anile enskripsyon?

Olye pou yo resevwa pèman avans sa yo, kèk fanmi ka prefere tann jis nan fen ane a pou yo resevwa tout kredi a antanke yon ranbousman lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pèmèt fanmi sa yo fè sa rapid epi fasil.

Fonksyonalite pou anile enskripsyon an kapab ede nenpòt fanmi ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ankò oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Sa te ka rive si, parekzanp:

  • Revni 2021 yo a twò wo pou li kalifye yo pou kredi a.
  • Yon lòt moun (yon ansyen konjwen oswa yon lòt manm fanmi, parekzanp) kalifye pou deklare timoun yo antanke depandan an 2021.
  • Kay prensipal yo a te deyò Etazini pandan plis pase mwatye ane 2021 an.

Kisa ki Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan?

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan se yon zouti sekirize, ki pwoteje ak yon modpas, ki disponib pou tout fanmi kalifye ki gen entènèt ak yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè. Li la pou ede yo jere kont Kredi Enpo pou Timoun yo. Kounya la, sa gen ladan, aktyalize enfòmasyon kont labank yo avèk IRS la oswa anile enskripsyon nan pèman mansyèl yo. Nan pa lontan, l ap pèmèt moun yo verifye estati pèman yo. Pita ane sa a, zouti a pral pèmèt yo fè lòt aktyalizasyon nan estati yo epi l ap disponib nan lang Panyòl.

Pou antre sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, moun nan dwe verifye idantite li anvan. Si yon moun gen yon non itilizatè nan IRS ki la deja oswa yon kont ID.me (an anglè) avèk yon idantite ki verifye, yo kapab itilize kont sa yo pou yo konekte byen fasil. Moun ki pa genyen yon kont ki la deja ap genyen pou yo itilize ID.me, yon tyès fyab pou IRS la, pou verifye idantite yo avèk yon fòm idantifikasyon foto. Verifikasyon idantite a se yon prekosyon ki enpòtan epi l ap pwoteje kont ou kont vòl idantite.

Tout moun ki pa gen entènèt osinon ki pa ka itilize zouti anliy lan kapab anile enskripsyon an lè yo kontakte IRS la nan nimewo telefòn ki nan lèt akonpayman an.

Kiyès k ap jwenn yon peman mansyèl?

Anjeneral, pèman mansyèl yo pral jwenn fanmi kalifye ki:

  • te fè deklarasyon enpo federal 2019 oswa 2020 an.
  • te itilize zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.
  • te itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an sou IRS.gov pou enskri pou avans Kredi Enpo pou Timoun nan ane sa a.

Yon fanmi kalifye ki te pase nan nenpòt nan etap sa yo p ap bezwen fè anyen ankò pou yo jwenn pèman yo.
Nòmalman, IRS ap kalkile pèman avans lan dapre deklarasyon enpo sou revni 2020 an. Si deklarasyon sa pa disponib, swa paske li potko depoze, swa li potko trete, IRS ap itilize deklarasyon 2019 la pou detèminen montan pèman an pito.
Fanmi kalifye yo ap resevwa pèman avans yo, swa pa mwayen depo dirèk, swa pa chèk. Chak pèman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. IRS la ap kòmanse vèse pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan dat sa yo: 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Deklarasyon enpo ki trete apati 28 Jen yo ap reflete nan premye vèsman pèman mansyèl yo ki pwograme pou fèt 15 Jiyè.

Kontribyab yo ap resevwa plizyè lèt

Kontribyab yo ap resevwa plizyè ki gen rapò ak Kredi Enpo pou Timoun yo tou. Nan kèk semenn k ap vini, lèt yo pral jwenn fanmi ki kalifye ki te fè swa yon deklarasyon enpo sou revni 2019, swa 2020, oswa fanmi ki te itilize zouti Non-Deklaran yo sou IRS.gov la pou enskri pou yon Pèman Enpak Ekonomik. Lèt yo ap konfime kalifikasyon yo, montan pèman yo pral resevwa e pèman yo ap kòmanse 15 Jiyè. Fanmi ki resevwa lèt sa yo pa bezwen antreprann okenn lòt aksyon. Lèt pèsonalize sa yo vini apre Lèt Sansibilizasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan yo te voye ant kòmansman ak mitan mwa Jen an bay fanmi ki te sanble kalifye pou pèman avans yo.

Kredi Enpo pou Timoun an 2021

IRS kreye yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun an 2021 espesyal, ki la pou bay tout dènye enfòmasyon konsènan kredi a ak pèman avans yo.

Pami lòt bagay, li bay lyen dirèk nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ansanm avèk de (2) lòt zouti anliy −Zouti Enskripsyon Non-Deklarasyon an ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, yon seri kesyon yo poze souvan ak lòt resous ki itil.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksimòm nan an 2021 a $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi a $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Anvan 2021, kredi a te valè jiska $2 000 pou chak timoun kalifye.

Nouvo kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa pi piti pou selibatè yo,
  • $112 500 oswa pi piti pou chèf fwaye yo epi
  • $150 000 oswa pi piti pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen ak vèf epi vèv kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki nan Liy 11 Fòm 1040 2020 yo a oswa 1040-SR la. Piwo sèy revni sa yo, montan siplemantè ki depase premye kredi $2 000 — swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun — redui pa $50 pou chak $1 000 siplemantè nan AGI modifye a. Anplis, tout kredi a totalman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di, fanmi kalifye yo ka jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pati ranbousab la te limite nan $1 400 pou chak timoun.

Pou dènye enfòmasyon konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ak pèman avans yo, vizite Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an 2021.