IRS: Gen alèjman fiskal disponib kounyea pou viktim Ida nan New York ak New Jersey yo; delè 15 oktòb la, lòt dat yo pwolonje jiska 3 janvye

IR-2021-179, 8 Septanm 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia, viktim Siklòn Ida nan New York ak New Jersey yo genyen kounyea jiska 3 janvye 2022, pou soumèt plizyè deklarasyon taks pou patikilye ak pou biznis epi fè peman enpo yo. Sa ka konpare ak alèjman yo te bay semenn pae a pou viktim Ida nan Lwizyana yo (Louisiana) (an anglè).

IRS la ap ofri alèjman pou tout zòn Ajans Federal Jesyon Ijans lan (FEMA) (an anglè) di ki kalifye pou asistans pou patikilye oswa piblik. Nan New York, zòn sa yo se konte Bronx, Kings, New York, Queens, Richmond ak Westchester, epi nan New Jersey, se konte Bergen, Gloucester, Hunterdon, Middlesex, Passaic ak Somerset. Kontribyab ki nan lokalite Ida frape yo, FEMA te deziyen annapre nan lòt Eta sa yo, ap benefisye menm alèjman pou deklarasyon ak pou peman yo otomatikman. Aktyèl lis lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj èd nan ka katastwòf la sou IRS.gov.

Komisè IRS la Chuck Rettig di: "Nan moman difisil sa a, IRS la pare pou ede viktim siklòn Ida yo," "Nou vle pou moun siklòn ravajan sa te frape yo konsantre yo sou sekirite yo ak rekiperasyon pou pwòp tèt pa yo ak pou fanmi yo. Pou bay asistans kounyea ak nan semenn k ap vini yo, nou genyen plizyè kalite èd diferan disponib pou ede moun ak biznis katastwòf sa a frape yo."

Alèjman fiskal la ranvwaye plizyè delè pou deklarasyon ak pou peman ki te gen pou rive apati 1ye septanm 2021. Kòm konsekans, patikilye ak biznis ki viktim yo ap genyen jiska 3 janvye 2022 pou yo ranpli deklarasyon yo epi peye tout enpo yo te dwe nan peryòd sa a. Sa vle di, moun ki te genyen yon pwolongasyon valid pou ranpli deklarasyon 2020 yo ki t ap ekspire 15 oktòb 2021, ap genyen kounyea jiska 3 janvye 2022 pou deklare. Men, IRS la ap fè remake, akoz peman enpo ki gen rapò ak deklarasyon 2020 sa yo te dwe fèt 17 me 2021, peman sa yo pa kalifye pou alèjman sa a.

Delè 3 janvye 2022 a aplike tou pou peman chak trimès enpo sou revni yo ki te gen pou fèt 15 septanm 2021, ak pewòl (payroll) chak trimès ak deklarasyon enpo pou dwa dasiz yo ki te gen pou fèt nòmalman 1ye novanm 2021. Li aplike tou pou òganizasyon ki pa peye enpo yo, k ap fonksyone sou baz ane sivil, ki te genyen yon pwolongasyon valid ki t ap ekspire 15 novanm 2021. Biznis ki gen pwolongasyon yo genyen delè adisyonèl tou ansanm avèk, pami lòt, sosyete ane sivil yo ki gen pwolongasyon yo k ap fini 15 oktòb 2021.

Anplis, pennalite sou depo pewòl (payroll) ak enpo asiz ki dwe fèt 1ye septanm oswa apre ak anvan 16 septanm, ap diminye depi depo yo fèt 16 septanm 2021.

Paj èd nan ka katastwòf IRS (an anglè) la gen detay sou lòt deklarasyon yo, peman yo ak aksyon ki gen rapò ak enpo ki kalifye pou delè adisyonèl la.

IRS la ap bay alèjman sou pennalite ak deklarasyon otomatikman pou tout kontribyab adrès ki nan dosye yo nan IRS la nan zòn ki sinistre yo. Kòm konsekans, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn alèjman sa a. Men, si yon kontribyab viktim resevwa yon avi pennalite pou deklarayon an reta oswa peman an reta nan men IRS la ki genyen yon premye dat oswa yon dat pwolonje pou deklarasyon, peman oswa depo, ki tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo diminye pennalite a.

Anplis, IRS la ap travay ak tout kontribyab k ap viv deyò zòn sinistre a men ki gen dokiman ki nesesè pou respekte yon delè k ap rive nan peryòd ranvwa a ki nan zòn sinistre a. Kontribyab ki kalifye pou èd la k ap viv deyò zòn sinistre a bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa gen ladan tou travayè k ap bay asistans nan aktivite èd yo ki afilye avèk yon gouvènman legal oswa yon òganizasyon imanitè.

Patikilye ak biznis ki nan yon zòn sinistre gouvènman federal deklare, ki sibi pèt ki pa asire oswa ki pa ranbouse ki gen rapò ak katastwòf la kapab reklame yo nan deklarasyon pou ane kote pèt la fèt la (nan ka sa a, deklarasyon pou 2021 an nòmalman depoze lòt ane), oswa nan deklarasyon pou ane anvan an (2020). Nou dwe sèten nou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 4611 pou NouDjyèze (New Jersey) oswa 4615 pou Nouyòk (New York) oswa – nan tout deklarasyon k ap reklame yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay yo.

Alèjman fiskal la fè pati yon repons federal kowòdone pou domaj siklòn Ida fè yo epi ki baze sou evalyasyon FEMA sou domaj lokal yo. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre katastwòf la, ale sou DisasterAssistance.gov (an anglè).