IRS.gov: Èd fiskal disponib 24/7 pandan sezon lete a

IR-2021-147, 9 Jiyè 2021

WASHINGTON — Sit entènèt IRS la bay dèmilyon vizitè repons yo bezwen pou adapte yo ak aktivite yo pou sezon lete a. Sou IRS.gov, tann sèvis pa yon pwoblèm epi pa gen nesesite randevou pou itilize zouti anliy yo.

Anpil kontribyab ki te mande yon pwolongasyon pou 15 oktòb oswa ki te rate dat limit 17 me a kapab toujou prepare epi fè deklarasyon enpo yo sou entènèt gratis avèk Deklarasyon Gratis IRS la. Men pou kèk bon rezon kontribyab yo dwe mete IRS.gov nan lis 'sit entènèt favori' yo pou sezon lete sa a.

Enfòmasyon sou taks lè sa nesesè

IRS.gov toujou la. Kontribyab yo kapab gade, telechaje oswa enprime pwodui fiskal yo touswit. Yo kapab fè sa ki annapre yo tou:

  • Itilize onglè Deklare nan paj akèy la pou majorite sa ou bezwen sou enpo sou revni federal. Ale nan zouti Asistan Taks Entèraktiv la (an anglè) ki kapab reponn anpil kesyon sou lwa fiskal.
  • Gade kont fiskal yo avèk zouti Ale sou Kont Ou an. Avèk sa, yo kapab jwenn enfòmasyon tankou montan yon ranbousman, balans yo dwe pou chak ane, istorik pèman yo jiska 24 mwa ak enfòmasyon enpòtan sou deklarasyon ane fiskal yo jan yo te deklare l anvan an.
  • Itilize zouti Jwenn Transkripsyon an pou gade, enprime oswa telechaje transkripsyon fiskal yo apre IRS fin trete deklarasyon an.
  • Itilize zouti Kote Ranbousman Mwen? pou jwenn tout dènye enfòmasyon konsènan ranbousman fiskal yo sou IRS.gov ak sou aplikasyon mobil IRS ofisyèl la, IRS2Go. Kontribyab yo kapab kòmanse verifye estati ranbousman yo nan 24 è apre IRS la fè konnen li resevwa yon deklarasyon elektwonik.

Jwenn repons nan plis lang pase anvan

Anpil paj sou IRS.gov disponib kounya an Panyòl, Vyetnamyen, Ris, Koreyen, Kreyòl Ayisyen ak Chinwa − Senplifye ak Tradisyonèl. Pi bonè nan ane sa a, ajans lan te pibliye yon Vèsyon lang Panyòl Fòm 1040 (an Panyòl)PDF ak enstriksyon yo (an Panyòl)PDF sou IRS.gov.

Èd pou moun k ap itilize teknoloji asistans

Sou Sant Medya Altènativ (AMC - Alternative Media Center) (an anglè) anliy lan, kontribyab yo ap jwenn yon varyete pwodui ki aksesib (an anglè), tankou lojisyèl lektè ekran, ekran Brailles rafrechisab ak lojisyèl agrandisman ekran. Pwodui sa yo gen ladan yo fòmilè taks, enstriksyon ak piblikasyon yo ka telechaje oswa gade sou entènèt la sou fòma PDF konfòm ak Seksyon 508 la, HTML, eBraille, tèks ak gwo karaktè. Tanpri, remake se pa tout pwodui yo ki disponib nan tout fòma. Paregzanp, fòmilè taks yo pa disponib nan fòma HTML. Pou fè demann kopi papye fòmilè taks, enstriksyon oswa piblikasyon nan fòma Braille oswa gwo karaktè, rele nimewo telefòn pou fòmilè taks la nan 800-829-3676. Oswa si yon kontribyab prefere resevwa korespondans tankou lèt oswa avi nan men IRS la nan yon lòt fòma, yo kapab rele 800-829-1040.

Toujou swiv Konsèy sou Taks IRS yo

Aktivite nan sezon lete yo tankou acha kay oswa travay demi jounen yo souvan afekte taks yo. Anplis, pandan anpil travayè nan lete ak travayè demi jounen ka pa antre ase pou yo dwe enpo sou revni federal, yo ta dwe sonje fè yon deklarasyon pou yo jwenn yon ranbousman pou taks yo kenbe bonè nan lòt ane. Abòne (an anglè) nan Konsèy sou Taks IRS (an anglè) pou w jwenn atik ki fasil pou li pa mesaj imèl nan men IRS la ki pa pale sou sijè lete yo sèlman, men sou sijè ki bon pou nou konnen tou pandan tout ane a. Konsèy sou Taks yo brèf, yo presi epi yo pale sou anpil sijè tankou erè ki rive souvan pou evite lè w ap prepare deklarasyon enpo w ak dènye gid sou dediksyon ak kredi taks aktyèl yo.

Patnè ak materyèl pou pwomosyon pou Alèjman Fiskal pou Kowonaviris la

Dekouvri atik ki fasil pou itilize, afich elektwonik, videyo ak plis ankò sou IRS.gov apwopo Pèman Enpak Ekonomik yo, Kredi Ranbousman Rekiperasyon an (an anglè), ak Avans Kredi Enpo pou Timoun (an anglè) nan. IRS la te mete yon aksan espesyal sou patenarya avèk òganizasyon k ap travay ak gwoup ki konsantre yo sou veteran yo, kontribyab ki sanzabri ak ti revni yo ansanm avèk odyans ki pa pale anglè yo pou pataje enfòmasyon. Antou, IRS la te travay avèk plizyè milye patnè atravè peyi a epi rive jwenn òganizasyon ki reprezante plizyè santèn milyon kontribyab. IRS mande gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan avans kredi enpo pou timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou.

Ajiste prelèvman yo kounyea pou evite sipriz fiskal yo lòt ane

Sezon lete se yon gwo peryòd pou kontribyab yo verifye prelèvman yo epi evite yon sipriz fiskal nan pwochen sezon deklarasyon an. Evennman lavi yo tankou maryaj, divòs, fè yon timoun, oswa yon chanjman nan revni, yo tout ka afekte taks yo. Estimatè Prelèvman Taks IRS la ki sou IRS.gov ede anplwaye yo evalye enpo sou revni yo, kredi yo, ajisteman yo ak dediksyon yo epi detèmine si yo bezwen chanje prelèvman yo pandan y ap soumèt yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Alokasyon Prelèvman Anplwaye a. Kontribyab yo ta dwe sonje, si sa nesesè, yo dwe soumèt nouvo W-4 yo bay anplwayè yo, se pa bay IRS la.