Dediksyon sou Revni Antrepriz ki Kalifye

Anpil pwopriyetè antrepriz endividyèl, biznis patenarya, Sosyete S ansanm ak kèk aksyon ak byen pwopriyete ka elijib pou benefisye yon dediksyon sou revni pou biznis ki kalifye (QBI) – ki rele tou dediksyon Seksyon 199A – pou ane fiskal yo ki kòmanse apre 31 Desanm 2017. Dediksyon sa a pèmèt kontribyab ki kalifye yo dedui jiska 20 pousan QBI yo a, plis 20 pousan nan dividann aksyon envestisman byen pwopriyete kalifye (REIT) yo ak revni aksyon an patenarya limite ki kalifye (PTP). Revni ki fèt nan filyè yon sosyete C, oubyen pa mwayen sèvis yon anplwaye ofri, pa kalifye pou dediksyon an. Pou plis enfòmasyon pou w konnen kisa ki kalifye yon kòmès oubyen yon biznis, gade Dètèmine Kòmès oswa Biznis kalifye ou yo nan Fòm 8995-A (an anglè) oswa Fòm 8995 (an anglè).

Dediksyon an disponib menm si kontribyab yo detaye dediksyon yo nan Barèm A oubyen pran dediksyon estanda a. Kontribyab admisib yo ka reklame dediksyon pou ane fiskal ki komanse apre 31 Desanm 2017 epi fini nan oswa anvan 31 Desanm 2025.

Dediksyon an genyen de konpozant ladan l.

  1. Konpozant QBI. Konpozant sa a nan dediksyon an egal 20 pousan QBI yon biznis domestik a ki opere kòm pwopriyete endividyèl oswa atravè yon patenarya, yon sosyete S, yon fideyikomi oubyen yon byen pwopriyete. Konpozant QBI a ka gen limit, tou depan ki revni taksab kontribyab la, ki gen ladann ki tip kòmès oswa biznis, montan salè W-2 kòmès oubyen biznis admisib yo peye, ak baz ki pa ajiste touswit aprè yon biznis oswa yon kòmès fin jwenn posesyon (UBIA) yon pwopriyete ki kalifye. Rediksyon patwon an ka redui l tou si kontribyab la se patwon yon kowoperativ agrikòl oswa òtikiltirèl.
  2. Konpozant REIT/PTP. Konpozant sa a nan dediksyon an egal 20 pousan nan dividann REIT ak revni PTP ki admisib. Kòb salè W-2 oubyen UBIA yon pwopriyete admisib pa limite konpozant sa a. Tou depan ki revni taksab kontribyab la, kantite revni PTP ki admisib la ka limite selon kalite kòmès oswa biznis PTP a.

Dediksyon an ka limite nan konpozant QBI ki pi ba a, plis konpozant REIT/PTP oswa 20 pousan revni taksab kontribyab la mwens gen kapital fran an.

QBI se kantite lajan fran ki fèt sou pwodui admisib nan revni, gen, dediksyon ak pèt nenpòt kòmès oswa biznis, ladan n tou genyen revni ki soti nan biznis patenarya, sosyete S, antrepriz pèsonèl epi kèk fideyokomi. An general sa gen ladann, men pa sèlman sa, pati ki ka dedwi nan enpo sou travay endepandan, nan asirans sante travayè endepandan, ak dediksyon pou kontribisyon nan plan retrèt yo (egzanp: SEP, SIMPLE ak dediksyon pou plan admisib yo).

Men bagay ki pa antre nan QBI:

  • Pwodui ki pa ka antre kòrèkteman nan lis revni taksab
  • Pwodui envèstisman tankou valè ajoute sou kapital oswa pèt
  • Revni sou enterè ki pa byen atribiye ak yon kòmès oubyen biznis
  • Revni salè
  • Revni ki pa konekte byen ak fason pou dirije biznis Ozetazini
  • Transaksyon matyèpremyè oubyen genyen oswa pèdi nan chanje kòb etranje
  • Kèk dividann ak pèman olye dividann
  • Revni, pèt, oubyen dediksyon kontra plan pèman yon kapital lakòz
  • Rant, depi lè w resevwa yo a sa pa gen lyen ak kòmès oubyen biznis lan
  • Kantite lajan rezonab yon Sosyete S bay kòm reminerasyon
  • Kantite lajan ki se pèman garanti ou resevwa nan men yon biznis paternarya
  • Pèman w resevwa nan men yon sosye pou sèvis li rann e non pa paske se patnè w li ye
  • Dividann admisib REIT
  • Revni PTP

Sèlman pou rezon ki nan seksyon 199A, gen yon ansanm mezi sekirite ki disponib pou patikilye ak pwopriytetè antite entèmedyè yo k ap chèche reklame, daprè seksyon 199A a, dediksyon ki gen pou wè ak antrepriz lokasyon byen pwopriyete. Daprè ansanm mezi sekirite a, yon antrepriz lokasyon byen pwopriyete ap trete kòm si se te yon kòmès oubyen yon biznis li ye pou rezon ki nan dediksyon QBI yo, si yo pa ranpli sèten kondisyon. Pou plis enfòmasyon sou ansanm mezi sekirite a, gade Kominike Laprès IR-2019-158 (an anglè).

Lokasyson byen pwopriyetè ki pa ranpli kondisyon ansanm mezi sekirite a, ka toujou sibi tretman kòm si yo te kòmès oubyen biznis nan objektif dediksyon QBI a si otreman se yon seksyon 162 kòmès oswa biznis.

Anplis de sa, lokasyon oswa lisans pwopriyete tanjib oswa entanjib ki pa monte nan nivo yon komès oswa biznis seksyon 162 a, ap konsidere kòm yon komès oswa biznis ki kalifye pou rezon seksyon 199A si lokasyon oswa lisans pwopriyete a se pou yon komès oswa biznis ki souvan kontwole an komen pa yon moun oswa yon antite transfè kòm Treas. Reg. § 1.199A-1(b)(14).

Plis enfòmasyon: