Kontribyab ki dwe epi kit e rate dat limit pou deklare 18 avril la ta dwe deklare kounyeya pou limite penalite yo ak enterè yo; li pa twò ta pou reklame Kredi Enpo pou Timoun 2021 an

IR-2022-91, 19 avril 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ankouraje kontribyab ki te rate dat limit pou deklarasyon taks lendi 18 avril la pou yo fè sa osito posib. Pandan kontribyab nou dwe yon ranbousman p ap resevwa penalite pou deklarasyon anreta, sila yo ki dwe epi ki te rate dat limit la san yo pa mande yon pwolongasyon ta dwe fè sa byen vit pou limite penalite ak enterè.

Fanmi ki pa dwe IRS la taks kapab toujou fè deklarasyon taks 2021 yo a epi reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou ane fiskal 2021 an nan nenpòt moman jiska 15 avril 2025 san okenn penalite. Ane sa sepremye fwa nan listwa genyen anpil fanmi ak timoun nan pòtoriko (Puerto Rico) pral kalifye pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan yo te elaji pou l bay jiska 3 600 dola pa timoun.

Gen kontribyab ki tou kalifye otomatikman pou plis tan pou deklare ak peye taks yo dwe san penalite ak enterè, tankou:

Deklare san penalite pou w jwenn yon ranbousman taks

Gen moun ki ka chwazi pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo ta ekzije yo deklare. Men yo ka pa jwenn yon ranbousman. Sèl mwayen pou jwenn yon ranbousman se fè yon deklarasyon taks. Pa gen penalite pou deklarasyon ki fèt apre dat limit 18 avril la si yo dwe ou yon ranbousman. Nou ankouraje kontribyab yo itilize opsyon deklarasyon elektwonik yo, tankou Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sou IRS.gov jiska 17 oktòb pou prepare ak fè deklarasyon taks 2021 yo pa vwa elektwonik.

Pandan yo kapab itilize majorite kredi taks yo pou redwi taks yo dwe yo, gen kèk kredi ki pèmèt kontribyab yo resevwa lajan depase sa yo dwe a. Sa yo plis konnen pami kredi ranbousab sa yo se Kredi Taks sou Revni ki AntreKredi pou Swen Timoun ak Depandan (an anglè) ak Kredi Taks pou Timoun (an anglè). Sila yo ki pa gen abitid deklare epi ki pat kalifye pou yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik oswa te jwenn mwens pase tout montan an ka kalifye pou reklame Kredi Ranbousman rekiperasyon 2021 an lè yo fè deklarasyon taks 2021 yo a. Kontribyab yo souvan pa fè yon deklrasyon taks ak reklame yon ranbousman pou kredi sa yo ak pou lòt yo ka kalifye.

Jeneralman, IRS la bay nèf (9) sou 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou pou kontribyab ki fè deklarayon elektwonik epi ki chwazi depo dirèk. Sepandan, li posib pou yon deklarasyon taks mande revizyon adisyonèl oswa pran plis tan. IRS la trete deklarasyon papye yo nan lòd li resevwa yo a.

Kontribyab yo kapab swiv ranbousman yo a avèk zouti Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.govIRS2Go oswa lè yo rele liy asistans otomatik pou ranbousman an nan 800-829-1954. Kontribyab yo bezwen premye nimewo Sekirite Sosyal la sou deklarasyon taks la, kondisyon fiskal la ak montan ranbousman yo espere a. Enfòmasyon sou kondisyon fiskal la aktyalize yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk pa gen nesesite pou verifye pi souvan.

Deklare pou redwi penalite ak enterè

Kontribyab yo ta dwe fè deklarsyon taks yo ak peye tout taks yo dwe osito posib pou redwi penalite ak enterè. Yon pwolongasyon pou deklare pa yon pwolongasyon pou peye. Yon pwolongasyon pou deklare bay sis (6) mwa anplis avèk yon nouvo dat limit deklarasyon 17 oktòb. Gen penalite ak enterè sou taks yo dwe apre 18 avril yo epi gen enterè sou taks ak penalite jiska balans lan fin peye.

Deklare ak peye toutotan sa posib se kle paske penalite pou deklarasyon anreta ak penalite pou pèman anreta a ogmante rapid.

Menm si yon kontribyab pa genyen posiblite pou li peye tout montan taks li dwe a, yo ta dwe toujou fè yon deklarasyon taks pou redwi penalite pou deklarasyon anreta ki ka genyen. IRS la ofri plizyè opsyon pou kontribyab ki dwe IRS la men ki pa ka peye (an anglè).

Dabitid, penalite pou deklarasyon ki pa fèt se 5% taks yo dwe pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote yon deklarasyon anreta, jiska senk (5) mwa, montan penalite pou pèman ki pa fèt redwi pou nenpòt mwa kote toulede (2) penalite yo aplike. Si yon deklarasyon fèt nan plis pase 60 jou apre dat limit la, penalite minimòm nan se 435 dola oswa 100% taks ki pa peye a, selon sa ki pi piti a.

Jeneralman, to penalite pou pèman ki pa fèt se 0.5% taks ki pa peye pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa jiskaske tout taks la fin peye oswa jiskaske li rive 25%. To a ka chanje. Pou plis enfòmasyon, ale sou paj Penalite a sou IRS.gov.

Kontribyab ka kalifye pou alèjman penalite si yo te depoze epi peye alè pandan twa (3) dènye ane pase yo epi reponn ak lòt ekzijans ki enpòtan yo, tankou peye oswa aranje pou peye tout taks ou dwe. Pou plis enfòmasyon, ale sou paj premye rediksyon penalite sou IRS.gov.

Peye taks ou dwe yo pa vwa elektwonik sou IRS.gov/payments

Sila yo ki dwe taks ou kapab peye byen vit epi an sekirite atravè Kont Anliy, Direct Pay (Pèman Dirèk) IRSkat debi oswa kat kredi oswa bous dijital, oswa yo kapab aplike anliy pou yon plan pèman (ansanm avèk yon plan vèsman). Kontribyab k ap peye pa vwa elektwonik yo ap resevwa konfimasyon otomatikman lè yo soumèt pèman yo a. Avèk Direct Pay (Pèman Dirèk) ak Sistèm Pèman Taks Elektwonik Elektwonik (EFTPS) la, kontribyab yo kapab resevwa notifikasyon pa imèl konsènan pèman yo.

Chwazi yon pwofesyonèl taks

IRS la ofri konsèy pou ede kontribyab yo chwazi yon Pwofesyonèl Taks (an anglè) pou asiste yo nan preparasyon deklarasyon taks.

Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks Federal ki gen Konpetans ak Kalifikasyon yo Ekzije yo (an anglè) kapab ede kontribyab yo jwenn preparatè deklarasyon taks ki genyen yon konpetans pwofesyonèl IRS la rekonèt oswa ki reponn ak ekzijans IRS yo pou Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl la.

Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

Kontribyab genyen dwa fondamantal nan lwa ki pwoteje yo lè y ap entèraji ak IRS la. Deklarasyon Dwa Kontribyab yo prezante dwa sa yo an dis (10) kategori. Piblikasyon 1, Dwa Ou antanke yon Kontribyab (an anglè) IRS la mete aksan sou dwa sa yo ak obligasyon ajans lan pou li pwoteje yo.