Konsèy pou ede kontribyab yo deside kòman ak kilè pou yo fè yon deklarasyon taks amande

Konsèy Taks COVID 2021-157, 25 Oktòb 2021

Apre yo fin fè deklarasyon taks yo a, kontribyab yo ka reyalize yo fè yon erè  oswa bliye mete yon bagay ladan. IRS la rekòmande pou kontribyab yo itilize Asistan Taks Entèraktiv la, Èske Mwen Ta Dwe Depoze yon Deklarasyon Amande? (an anglè) Pou ede yo konnen si yo ta dwe korije yon erè oswa fè lòt chanjman nan deklarasyon taks yo te depoze deja a.

Men kèk rezon ki fè anpil moun ka bezwen depoze yon deklarasyon amande:

  • Lè yo mete yon montan ki pa kòrèk
  • Lè yo pa reklame kredi yo kalifye pou yo
  • Lè yo pa byen reklame dediksyon yo

IRS la ka korije erè matematik oswa ekriti nan yon deklarasyon san yon seri fòm oswa anèks yo egzije. Nan ka sa yo, pa en okenn nesesite pou kontribyab yo amande deklarasyon an.

Epitou, kontribyab yo ta dwe tann si y ap atann ak yon ranbousman. Yo bezwen bay tan pou deklarasyon orijinal yo a trete anvan yo depoze yon deklarasyon amande. IRS la ap ranbouse lajan otomatikman bay moun ki elijib ki te depoze deklarasyon taks yo kote yo deklare konpansasyon chomaj anvan Plan Sovtaj Ameriken an fè chanjman yo. Li ka pran ajans lan plis pase 21 jou pou li bay ranbousman pou kèk deklarasyon taks 2020 ki mande revize ansanm avèk montan kredi ranbousman rekiperasyon yo oswa montan yo ki te itilize revni 2019 la pou kalkile kredi taks sou revni an ak kredi taks pou timoun nan.

Sila yo ki vrèman bezwen amande deklarasyon taks yo (an anglè) ka genyen kesyon sou kòman pou yo fè sa. Men kèk bagay yo ta dwe konnen, kontribyab yo:

  • Ka itilize lojisyèl taks pou depoze yon Fòm 1040-X (an anglè) elektwonik. Lè sa a, se sèlman deklarasyon Fòm 1040 ak 1040-SR  ane fiskal 2019 ak 2020 yo ki kapab amande pa mayen elektwonik e se sèlman si deklarasyon taks 2019 oswa 2020 an te depoze pa mwayen elektwonik.
  • Ki pa kapab oswa pa t chwazi depoze Fòm 1040-X yo a pa mwayen elektwonik ta dwe ranpli yon Fòm 1040-X fòma papye.
  • Voye yon 1040-X fòma paye bay IRS la pa lapòs nan adrès ki nan lis ki nan enstriksyon (an anglè)PDF  fòm yo nan Ki Kote pou mwen Depoze. Kontribyab k ap depoze Fòm 1040-X pou yo reponn yon avi IRS  ta dwe voye li bay IRS la pa lapòs nan adrès ki nan avi a.
  • Ta dwe tache tache kopi tout fòm oswa anèks chanjman an afekte yo.
  • Bezwen depoze yon Fòm 1040-X apa pou chak ane fiskal. Lè n ap voye deklarasyon amande yo bay IRS la pa lapòs, mete chak ane fiskal nan yon anvlòp apa epi mete ane deklarasyon orijinal k ap amande a nan tèt Fòm 1040-X la.
  • Ta dwe peye taks anplis yo dwe yo pi bonè posib pou limite chaj enterè ak penalite yo.
  • Dwe depoze Fòm 1040-XX pou reklame yon ranbousman nan twa (3) lane apati dat yo te depoze deklarasyon taks yo alè a oswa nan de (2) lane apati dat yo te peye taks la.
  • Kapab swiv estati deklarasyon amande a twa (3) semenn apre ou fin voye li pa lapòs avèk zouti  Kote Ranbousman Mwen an?.

Enfòmasyon anplis: