Konprann kòman IRS la kontakte kontribyab yo; Evite anak ak kòman pou w konnen se IRS vrèman k ap kontakte w la

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Mizajou 9 Dawout 2023: IRS la mete fen nan vizit san anons ofisye revni yo bay kontribyab yo; gwo chanjman pou mete fen nan konfizyon, ogmante sekirite nan kad gwo efò transfòmasyon ajans lan (an anglè)

FS-2022-33, Jiyè 2022

Avèk anak nan telefòn epi an pèsonn ki pa sispann fèt nan peyi a, IRS vle ede kontribyab yo konprann kòman ak poukisa reprezantan ajans lan ka kontakte kontribyab yo.

Nan majorite ka yo, IRS la voye yon lèt oswa yon avi alekri bay kontribyab la davans, men se pa tout lè. Toudepann de sitiyasyon an, anplwaye IRS yo ka rele anvan oswa vizite kontribyab la.

Men kòman kontribyab yo ka konnen si yon moun k ap rele oswa vizite yo lakay yo oswa kote y ap travay se yon anplwaye lejitim IRS oswa yon enpostè. Genyen ka espesyal kote yon ofisye revni IRS oswa ajan revni ka vizite yon kay oswa antrepriz parapò ak yon fakti fiskal ki pa peye oswa yon odit; IRS la ankouraje moun ki gen pwoblèm ak zafè taks yo pou yo konprann sikonstans vizit sa yo epi tou pou yo kontribye nan pwoteje tèt yo kont enpostè yo.

Mesaj tèks yo: Souvan se yon anak

IRS la pa voye mesaj tèks ki genyen lyen, k ap mande kontribyab la pou li verifye kèk enfòmasyon pèsonèl. Mesaj sa yo souvan genyen fo lyen ki di yo se sitwèb IRS oswa lòt zouti anliy. Apre Aksè Sekirize IRS (an anglè), IRS pa itilize mesaj tèks pou diskite sou pwoblèm taks pèsonèl tankou sila yo ki enplike fakti oswa ranbousman.

Si yon kontribyab resevwa yon mesaj tèks oswa SMS ki sanble soti nan IRS oswa yon pwogram ki pwòch IRS la, kontribyab la ta dwe fè yon eskrinchòt mesaj tèks la epi voye eskrinchòt la nan yon imèl bay phishing@irs.gov avèk enfòmasyon annapre yo:

  • Dat, lè ak fizo orè yo te resevwa mesaj tèks la.
  • Nimewo telefòn ki te resvwa mesaj tèks la.

IRS la ap raple tout moun pou yo PA klike sou lyen yo oswa ouvri atachman ki nan mesaj tèks yo pat mande, ki sispèk oswa sanzatann keseswa ki sotii nan IRS la, nan ajans fiskal leta yo oswa lòt nan kominote taks la.

Imèl: Anpil anak fiskal fèt pa imèl

IRS la pa inisye kontak avèk kontribyab yo pa imèl pou mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè. IRS fè majorite kontak yo atravè lapòs nòmal. Si yon kontribyab resevwa yon imèl fwod li pat ap tann ki sanble soti swa nan IRS la oswa nan yon pwogram ki pwòch IRS la, li dwe siyale li pandan l ap voye yon imèl kòm yon atachman nan phishing@irs.gov. Paj Siyale Eskwokri ak Anak Anliy yo sou IRS.gov la bay tout detay yo.

Kontak pa lapòs ak nan telefòn yo se premye etap nan pwoblèm taks yo

Jeneralman, kontribyab yo ap resevwa plizyè lèt dabò k ap soti nan IRS la nan bwat postal yo anvan yo resevwa yon apèl telefòn. Sepandan, genyen sikonstans kote IRS la ap rele, pami yo lè yon kontribyab gen yon fakti taks li pa peye atan, yon move deklarasyon taks oswa youn yo pa deklare oswa lè yo pa fè yon depo taks pou travay.

IRS la pa kite mesaj vokal ki anrejistre, ki ijan oswa menasan. Mete sou sa, IRS la (ak ajans lakòlèk prive otorize li yo) pap janm:

  • Rele pou mande pèman imedya avèk yon metòd espesifik tankou yon kat debi prepeye oswa kat kado. IRS la pa itilize metòd sa yo pou pèman taks.
  • Menase pou vini ak lapolis lokal la touswit oswa lòt gwoup ki la pou fè respekte lalwa pou arete kontribyab la paske li pa peye.
  • Mande pou peye taks yo san li pa bay kontribyab la opòtinite pou l poze kesyon oswa konteste montan li dwe a.
  • Mande nimewo kat debi oswa kat kredi nan telefòn.

Tout pèman taks yo dwe fèt sèlman sou non Trezò Ameriken E chèk yo pa dwe janm fèt sou non yon tyès. Pou tout moun ki pa dwe taks epi ki pa gen okenn rezon pou yo panse yo dwe: Pa bay okenn enfòmasyon. Rakwoche touswit. Pou plis enfòmasyon, gade Avètisman IRS: Anakè yo pa janm chome; rete vijilan.

Vizit an pèsonn yo: Sa pou w konnen

Jeneralman, ofisye revni IRS yo fè vizit lakay kontribyab yo oswa kote y ap travay san yo pa anonse yo pou yo diskite sou taks yo dwe oswa deklarasyon taks ki dwe fèt. Mete pwen enpòtan sa a nan lespri nou: Kontribyab yo t ap jwenn yon avi pa lapòs dabò konsènan balans yo dwe oswa deklarasyon ki pa fèt. Yon eksepsyon ki ra se kontak ofisye revni yo pandan y ap travay sou yon ti kantite ka "alèt", ki la pou ede antrepriz yo reponn ak obligasyon prelèvman taks sou travay yo anvan yo genyen yon avi pou balans yo ka jwenn pa lapòs. Ofisye revni yo se anplwaye sivil ki la pou fè aplike lalwa ki genyen kòm wòl pou yo edike, mennen ankèt epi lè sa nesesè, adopte mezi ki apwopriye pou ranmase yon dèt fiskal. Yon ofisye revni ap ede yon kontribyab konprann obligasyon fiskal li ansanm avèk konsekans k ap genyen lè li pa reponn avèk obligasyon yo.

Kèk fwa, ajan revni IRS yo ap vizite yon moun, antrepriz oswa yon òganis k ap fè benevola ki nan odit. Kontribyab sa t ap resevwa yon avi pa lapòs dabò k ap mete li okouran de odit la epi pou li dakò sou yon randevou avèk ajan revni an. Epitou, apre yon premye lèt randevou li fin voye bay yon kontribyab, yon oditè ka rele pou konfime ak diskite yon seri bagay konsènan randevou odit ki pwograme a.

Lè gen yon moun ki sòti nan IRS ki vizite yon kontribyab, kontribyab la sipoze toujou mande li pou li idantifye li. Reprezantan IRS yo kapab toujou bay de (2) pyès idantifikasyon ofisyèl: Pyès idantifikasyon IRS la bay (yo rele tou yon pochèt komisyon) ak yon kat HSPD-12 (an anglè). Kat HSPD-12 la se fòm idantifikasyon estanda atravè tout gouvennman an pou anplwaye federal yo.

Pou plis enfòmasyon, ale nan Kòman pou w Konnen si se IRS Vrèman k ap Rele oswa Frape Pòt Ou (an anglè) sou IRS.gov, ak Deklarasyon Dwa Kontribyab IRS la.

Enfòmasyon itil konsènan rezoud pwoblèm taks yo

IRS ap raple moun yo, antrepriz ak òganiz k ap fè benevola yo ki genyen pwoblèm taks tèt chaje yo ke genyen plizyè mwayen fasil yo kapab jwenn asistans epi ede yo reponn ak obligasyon fiskal yo. IRS la ankouraje moun yo pou yo ale nan yon seksyon espesyal sou IRS.gov ki pale de opsyon pèman yo. Sa ki gen ladann peye taks yo atravè yon Kont anliy ak Pèman Dirèk IRS oswa peye pa kat kredi, kat debi oswa bous dijital. IRS la gen plizyè opsyon mou moun ki pa kapab peye taks yo, tankou aplike pou yon plan pèman (an anglè) sou sit IRS.gov la. Toudènyeman, IRS te anonse ogmantasyon opsyon wobo vokal yo (an anglè) pou ede kontribyab kalifye yo verifye idantite yo byen fasil pou yo ka chwazi oswa modifye yon plan pèman san yo pap gen pou yo tann anpil tan.

Sonje IRS la p ap:

  • Rele pou mande pèman imedya avèk yon metòd espesifik tankou yon kat debi prepeye, kat kado oswa viman. Jeneralman, IRS la ap voye yon mesaj pa lapòs dabò bay tout kontribyab ki dwe taks.
  • Mande yon kontribyab peye taks san opòtinite pou li poze kesyon oswa konteste montan yo di li dwe a. Kontribyab yo ta dwe okouran tou de dwa yo antanke kontribyab.
  • Mande nimewo kat debi oswa kat kredi nan telefòn.
  • Menase pou vini ak lapolis lokal la, ofisye imigrasyon oswa lòt gwoup ki la pou fè respekte lalwa pou arete kontribyab la paske li pa peye. IRS la pa kapab revoke lisans yon chofè, lisans antrepriz oswa estati imigrasyon. Jan de menas sa yo se taktik anakè yo itilize pou pyeje viktim pou pran yo nan konbin yo.

Kontribyab ki te soumèt yon petisyon nan Tribinal Fiskal Ameriken ka resevwa yon apèl yon ofiye Odyans ap ba yo pou diskite sou litij fiskal yo a ak opsyon rezolisyon yo. Pandan apèl la, ofisye tribinal la ap bay non li, nimewo badj la ak enfòmasyon pou kontakte li tankou nimewo telefòn li, faks li ak adrès elektwonik li. Ofisye Tribinal la ap konnen tou nimewo dosye a, ansanm avèk detay sou afè a tou.

Anplwaye tribinal yo p ap janm mande kat kredi oswa enfòmasyon bankè. Si yon ofisye tribinal pa kapab rive jwenn yon kontribyab nan telefòn, yo ka kite yon mesaj vokal. Lè yon anplwaye tribinal kite yon mesaj vokal, l ap mete enfòmasyon k ap di kiyès li ye, tankou non li, tit li, nimewo badj li, ak enfòmasyon pou kontakte li.

Epitou, pandan apèl la, anplwaye tribinal yo ka mande kontribyab yo pou yo soumèt dokiman adisyonèl konsènan petisyon yo a dirèk bay Biwo Endepandan pou Odyans yo pa lapòs, faks, oswa sou yon adrès elektwonik k ap fini avèk @irs.gov.

Remake tou, kontribyab yo kapab kontakte Sèvis Defans Kontribyab la, ki se yon òganizasyon endepandan anndan IRS la k ap ede kontribyab yo epi pwoteje dwa yo. Yo kapab ofri kontribyab yo èd si pwoblèm fiskal yo ap lakoz difikilte finansyè, yo te eseye epi yo pa t kapab rezoud pwoblèm nan avèk IRS la, oswa yo kwè yon sistèm, pwosesis, oswa pwosedi IRS la pa fonksyone jan li ta dwe fonksyone. Vizite Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) oswa rele 877-777-4778 pou plis enfòmasyon.