Kot Ranbousman M Nan? Zouti ki nan IRS.gov la elimine tout jwèt devinèt konsènan kilè ranbousman w ap tann nan ap rive

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-157, 15 jiyè 2020

WACHINNTON —IRS fè kontribyab yo sonje youn nan pi bon fason yo ka verifye ranbousman yo a se lè y ale nan zouti ki di Kot Ranbousman M Nan? sou sitwèb IRS la epi nan IRS2Go app Zouti itil sa a yo poli l yon fwa pa jo, pi souvan nan lannwit lan bay kontribyab taks yo yon dat IRS pwojte pou l voye ranbousman an lapoula aprè yo fin apwouve l.

IRS pa tann 21 jou pou l fè sòti nèf sou chak 10 ranbousman, e fason ki pi rapid pou w resevwa ranbousman se itilize e-file IRS epi depo dirèk (an anglè). Kontribyab taks yo ta dwe konnen tou yo ka mande pou ranbousman an separe jouk pou yo ta depoze l ata nan twa difereran kontanbank menm.

Akòz pandemi COVID-19 lan, Jwenn asistans anplwaye IRS nan telefòn ap trè limite. Nou ankouraje moun verifye an premye nan zouti ki rele Ki Kote Ranbousman M Ye? sou sit entènèt e nan IRS2Go app. Kontribyab yo egalman ka revize Enstriksyon sou Sèvis IRS (an anglè)PDF ki lye ak lot sèvis sou sit entènèt IRS.

Tanpri tande: Mande pou yo voye ba ou yon relve taks ou pap fè w jwenn ranbousman an pi rapid, ni tou lè yo poste yon relve taks nan kont kontribyab la, sa pa di nonplis ki lè ranbousman an ap rive. Apèl ki fèt pou mande relve taks pou rezon sa a pa nesesè. Relve taks yo disponib sou entènèt epi pa lapòs si w ale nan Jwenn relve a.

Kèk atik ki nesesè

Pou w itilize zouti ki di "Kot Ranbousman M Nan", Kontribyab taks yo dwe antre nimewo Sekirite Sosyal yo, kondisyon fiskal deklarasyon taks yo (selibatè, marye, antèt nan kay) epi kantite egzat kòb ranbousman taks ki afiche nan deklarasyon an.

Kontribyab taks ki te fè deklarasyon elektwonik yo ka tcheke Kot Ranbousman M Nan" 24 èdtan apre yo resevwa notifikasyon ki di e-file yo a te aksepte a. Zouti a ka di kontribyab taks yo ki lè deklarasyon yo a te rive, kilè ranbousman an te resevwa, epi ki dat y ap voye ranbousman an ale.

Gen kèk ranbousman ki ka pran plis tan

Pandan IRS kontinye travay sou deklarasyon taks ki fèt elektwonik ak sou papye, voye kòb ranbousman ale, epi aksepte pèman, gen reta ki fèt nan deklarasyon taks ki fèt sou papye yo akòz pèsonèl travay ki limite. Si yon kontribyab taks te ranpli yon deklarasyon taks sou papye, y ap travay sou deklarasyon an nan lòd li te rive a. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon taks ni rele IRS nan telefòn.

Anpil faktè diferan ka afekte tan yon ranbousman ap pran. Nan kèk ka, yon deklarasyon taks ka mande pou yo ba l plis atansyon. Li enpòtan tou pou w konsidere kantite tan l ap pran yon enstitisyon finansye pou l poste yon ranbousman nan yon kont oubyen pou l fè yon chèk ranbousman rive pa lapòs.

Kontribyab taks ki dwe yo

IRS ankouraje kontribyab taks ki dwe yo pou yo fè yon Verifikasyon Chèk (an anglè) chak ane pou yo ka asire yo gen ase prelèvman ki fèt nan lajan yo touche poutèt pou yo ka evite peye yon kòb taks yo pat espere.