Ki moun ki dwe ranpli yon deklarasyon enpo

FS-2023-02, janvye 2023

Kontribiyab yo dwe konnen responsabilite fiskal yo, tankou si yo oblije ranpli yon deklarasyon enpo. Anjeneral, pifò sitwayen ameriken (an anglè) ak rezidan pèmanan (an anglè) ki ap travay Ozetazini dwe ranpli yon deklarasyon enpo si yo touche plis pase yon sèten kantite lajan pou ane a (an anglè).

Kontribiyab yo ka oblije peye yon penalite si yo pa ranpli deklarasyon fiskal yo. Si se ak pwòp volonte yo yo pa fè deklarasyon fiskal lan, yo ka oblije peye yon amann anplis yo ka menm rele yo lajistis nan tribinal kriminèl.

Faktè ki afekte egzijans depo deklarasyon an

Piblikasyon 501 an, Depandans, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon sou Deklarasyon (an anglè), genyen tout detay yo, men dokiman sila ap pèmèt ou jwenn eleman ki detèmine si yon moun oblije ranpli yon deklarasyon enpo.

Revni brit. Revni bri refere a tout revni yon moun resevwa sou fòm lajan, machandiz, byen ak sèvis ki pa egzante a enpo. Sa gen ladan li tout revni ki pa soti Ozetazini oswa yon revni ki soti nan lavant yon kay prensipal, menm si kontribiyab la ka retire tout oubyen yon pati.

Nivo depo obligatwa. Kontribyab yo pral bezwen wè si revni brit yo depase nivo depo obligatwa a (an anglè). Estati y ap ranpli (an anglè) yo gen diferan nivo revni, kidonk kontribiyab yo bezwen konsidere estati potansyèl yo tankou yon depozan.

Estati deklaran an divize an senk kategori: selibatè, chèf fanmi, moun marye k ap deklare ansanm, moun marye ki p ap deklare ansanm epi vèf oubyen vèv ki elijib pou deklare.

Nivo depo pou ane fiskal 2022 an a pati estati deklaran yo:

Estati Deklaran Laj kontribiyab yo nan fen lane 2022 an Yon kontribiyab dwe ranpli yon deklarasyon enpo si revni bri yo te pou pi piti :
Selibatè Pi piti pase 65 $12,950
Selibatè 65 oswa plis $14,700
Chèf fanmi Pi piti pase 65 $19,400
Chèf fanmi 65 oswa plis $21,150
Moun marye k ap deklare ansanm Pi piti pase 65 (toude (2) moun yo) $25,900
Moun marye k ap deklare ansanm 65 oswa plis (youn nan moun yo) $27,300
Moun marye k ap deklare ansanm 65 oswa plis (toude (2) moun yo) $28,700
Moun Marye ki p ap declare ansanm Nenpòt laj $5
Vèf, Vèv ki kalifye pou deklare Pi piti pase 65 $25,900
Vèf, Vèv ki kalifye pou deklare 65 oswa plis $27,300

Moun k ap travay ak tèt yo. Moun k ap travay ak tèt yo oblije ranpli yon deklarasyon chak ane epi peye enpo estime yo chak trimès tankou yo te gen yon salè nèt pou travay ak tèt yo an ki se $400 oswa plis.

Yon depandan. Yon moun ki deklare kòm yon depandan ka toujou oblije ranpli yon deklarasyon enpo. Sa depann de revni brit yo, ki gen ladan li:

  • Revni yo Travay pou li. Ki gen ladan li salè, salè minimun, poubwa, frè pwofesyonèl ak lòt montan lajan yo resevwa kòm pèman pou yon travay yo fè.
  • Revni yo pa travay pou li. Se yon revni sou fòm envestisman ki gen ladan li enterè yo, dividann ak pwofi sou kapital, lwaye, redevans, elatriye… Distribisyon enterè, dividann, pwofi sou kapital ak lòt revni yo pa travay pou li ki soti nan men yon antrepriz fidisyè se toujou revni yo travay pou li pou yon benefisyè antrepriz fidisyè.

Yon paran oswa yon gadyen dwe ranpli yon deklarasyon enpo pou moun ki depandan yo ki dwe ranpli yon deklarasyon enpo men yo pa kapab fè l pou tèt yo.

Benefis potansyèl lè yon kontribiyab ranpli yon deklarasyon enpo

Rejwenn lajan. Nan kèk ka, moun yo ka jwenn lajan lè yo fè yon deklarasyon enpo. Pa egzanp, si patwon yo te pran enpo sou yo sou chèk yo, yo ka gen dwa a yon ranbousman lè yo depoze deklarasyon sou enpo yo.

Evite peye enterè ak penalite. Kontribiyab yo ka evite peye enterè ak penalite lè yo ranpli yon deklarasyon enpo egzat alè epi yo peye tout enpo yo dwe anvan dat limit lan (an anglè). Menm si yo pa kapab peye, yo dwe ranpli dekalarasyon an alè oubyen mande yon delè pou evite kèk penalite.

Aplike pou asistans finansye. Lè w ap aplike pou èd finansye, elèv yo ka bezwen bay enfòmasyon sou kont fiskal yo apati deklarasyon enpo pa yo oswa pa paran yo. Zouti rekiperasyon done IRS la pèmèt moun k ap ranpli aplikasyon pou Èd Federal Elèv la ki gratis transfere done sou deklarasyon enpo yo nan fòmilè FAFSA nan yon fason ki fasil epi an sekirite.

Bati benefis sekirite sosyal. Kominike done sou yon deklarasyon enpo enpòtan pou kontribiyab k ap travay ak tèt yo paske yo itilize enfòmasyon sa yo pou kalkile prestasyon sekirite  sosyal yo. Revni ki pa deklare ka lakòz yon kalkil ki pa kòrèk.

Jwenn yon imaj egzat de revni yo. Lè kontribiyab rapòte tout revni yo, li bay pretè yo yon imaj finansye egzat pou wè kantite lajan ak pousantaj enterè kontribiyab la ta dwe kalifye pou resevwa.

Gen lapè nan tèt ou. Lè kontribiyab yo ranpli yon deklarasyon enpo egzat epi peye enpo yo alè, yo konnen yo ap fè sa ki nesesè pou konfòme yo ak lalwa.

Kèk kontribiyab ta dwe konsidere ranpli yon deklarasyon enpo, menmsi yo pa genyen egzijans lan

Moun yo ka vle deklare enpo yo menm si yo touche mwens pase nivo depo yo mande a paske yo ka rejwenn lajan. Sa ka aplike pou yo si:

  • Yo te pran enpo federal sou salè yo
     
  • Yo peye estimasyon enpo
     
  • yo kalifye pou reklame kredi sou enpo tankou:
    • Kredi enpo sou revni ou touche
    • Kredi enpo pou timoun
    • Kredi enpo Opòtinite Etazini
    • Kredi enpo federal pou gaz
    • Kredi enpo prim yo
    • Kredi enpo sou pwoteksyon sante
    • Kredi pou konje maladi ak konje fanmi
    • Kredi pou gadyen timoun ak pou gadyen depandan

Itilize asistan enpo entèaktif (an anglè) lan pou ede w wè nesesite pou ranpli deklarasyon enpo lan

Asistan enpo entèaktif lan se yon zouti ki bay repons pou anpil kesyon lwa fiskal yo pa rapò ak sitiyasyon patikilye yon moun. Dapre opinyon itilizatè a, li ka detèmine si li dwe ranpli yon deklarasyon enpo. Li ka ede yo konprann tou:

  • Estati deklaran yo
  • Si yo kapab deklare tèt yo depandan
  • Si kalite revni yo genyen an enpozab
  • Si li elijib pou mande yon kredi
  • Si yo ka dedwi depans yo

Enfòmasyon itilizatè a anonim epi sèlman pèmèt asistan an reponn kesyon kontribiyab la. Asistan an p ap pataje, ni estoke ni itilize enfòmasyon an nan okenn lòt fason, oswa idantifye moun ki sèvi ak li. Sistèm nan efase enfòmasyon itilizatè a bay lè li kite yon sijè.

Pou plis enfòmasyon: