Espas Tan IRS Ka Pran Pou Kolekte Enpo

An jeneral, IRS la gen 10 lane - apati dat yo te evalye enpo ou a - pou kolekte enpo a ak tout penalite ak enterè ki asosye yo nan men w. Yo rele peryòd tan sa a Dat Ekspirasyon Lwa Lakòlèk (CSED).

Kont ou an ka genyen plizyè evalyasyon enpo, e chak ap gen pwòp CSED pa yo. Egzanp yo ka genyen:

  • Premye montan enpo ou dwe lè ou soumèt deklarasyon enpo federal ou a
  • Enpo anplis ou dwe lè w amande enpo ou a
  • Ranplasman pou balans deklarasyon enpo yo 
  • Enpo anplis nou jwenn ke ou dwe akoz yon verifikasyon
  • Montan penalite sivil yo
  • Kèk penalite ak enterè

Plizyè kalite lwa CSED a afekte. Plizyè aksyon oswa sikonstans kapab chanje peryòd lakòlèk la. Gade Ekzanp Sitiyasyon ki ajoute nan dat ekspirasyon 10 lane a.

Kòman pou ou Konnen yon CSED Valab pou Ou

Lè nou ap evalye enpo ou dwe sou kont ou an, nou voye yon avi oswa yon lèt ba ou pa lapòs. Avi a oswa lèt la pral ba w enfòmasyon sou enpo yo, tout penalite ak enterè yo, rezon pou frè a ak pwochen etap yo.

Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou a.

Kijan pou ou Jwenn yon CSED

Ou ka jwenn yon CSED nan relve kont ou an.

  • Resevwa relve ou a anliy oswa pa lapòs atravè youn nan metòd sa yo:
  • Sou relve kont ou an:
    • Gade anba seksyon Tranzasksyon yo nan relve ou a. Gade Ekzanp Relve Kont IRS: Seksyon Tranzaksyon yo.
    • Chache kòd tranzaksyon IRS 3 chif ki gen yon dat anba l la. Jeneralman, dat sa a se CSED a plis tout tan nou ajoute dapre lalwa. Anpil evènman ka fè enpak sou yon CSED. Ou ka kontakte nou pou verifye ki dènye jou nou ka kolekte yon dèt fiskal pou yon peryòd fiskal espesifik.
  • Ou ka kontakte nou tou pou resevwa CSED ou a oswa si ou gen kèk kesyon sou presizyon li jan yo montre l sou relve ou a nan:

Si ou pa dakò ak youn oswa plizyè nan CSED yo ki parèt sou relve kont ou an oswa sa nou te endike w la yo, kontakte nou pou nou kapab eksplike w kijan nou te kalkile li.

Si ou pa panse nou te kalkile CSED ou kòrèkteman, mande èd nan Sèvis Defans pou Kontribyab la (TAS). Soumèt yon Fòm 911 ranpli, Demann pou Asistans Sèvis Defans pou Kontribyab la (an anglè)PDF.

Ekzanp Relve Kont IRS: Seksyon Tranzaksyon yo

Gen yon bwat ki gen enfòmasyon ak yon flèch fonse ki montre dat ekspirasyon lwa lakòlèk 15 oktòb 2026 ak koulè ki klere li a, ki sitiye anba kòd tranzaksyon 170, eksplikasyon tranzaksyon an.

Remak: Relve sa a se yon fiksyon. Li konfòm ak lwa ki ekzije nou pou nou kenbe deklarasyon kontribyab yo ak enfòmasyon ransèyman yo konfidansyèl (IRC 6103).

Yo Ka Sispann oswa Pwolonje Tan pou Fè Lakòlèk la

Ni sispansyon ni pwolongasyon peryòd tan lakòlèk la, tou de (2) ralanti CSED a.

Kèk evènman ka sispann oswa pwolonje CSED 10 lane a. Lè lalwa entèdi nou pou nou kolekte enpo, jeneralman sa konn sispann peryòd lakòlèt CSED a, sa ki vle di tan nou ka kolekte enpo yo sou poz.

Kontrèman, lè lalwa pèmèt nou ajoute tan nan 10 lane a pou fè lakòlèk, CSED a pwolonje, sa ki vle di nou ka kontinye kolekte enpo.

Gade Ekzanp Sitiyasyon Ki Ajoute nan Dat Ekspirasyon 10 lane a

Kèk sitiyasyon kapab sispann oswa pwolonje CSED a.

Fè yon Demann Akò Vèsman

  • Pandan nou ap revize demann ou an, CSED w la ap sou sispansyon.
  • Si nan pita ou anile oswa nou refize akò vèsman an oswa pwopoze pou kanpe li, dapre lalwa, li pwolonje CSED a pou 30 jou.
  • Si w konteste desizyon an, CSED a ap sou sispansyon pandan tout pwosedi kontestasyon an.

Deklare Fayit

  • Apati dat petisyon ou an, jiskaske tribinal la anile, rejte oswa fèmen fayit la, li sispann CSED a.
  • Li pwolonje CSED a pou yon lòt 6 mwa lè fayit la fini.

Soumèt yon Òf nan Konpwomi (OIC)

  • Pandan nou ap revize aplikasyon OIC ou an, CSED w la ap sou sispansyon.
  • Si nou rejte li, sa ap sispann CSED w la pou yon lòt 30 jou.
  • Si ou konteste rejè a, sa ap sispann CSED a jiskaske kontestasyon an fini.

Mande yon Odyans sou Pwosesis Lakòlèt Regilye

  • CSED a ap sispann, lè nou resevwa demann ou an jiskaske ou swa retire li oswa nou pran yon desizyon final, ki gen ladann tan ou fè apèl la.
  • Si w resevwa yon desizyon final epi CSED ou a mwens pase 90 jou, lè sa a dapre lalwa, CSED a pwolonje pou 90 jou apre desizyon final nou an.

Soumèt yon Demann Alèjman pou Konjwen Inosan

  • Li sispann CSED a jiskaske w swa: 1) depoze yon abandon. Gade Alèjman Fiskal pou Konjwen yo (an anglè) oswa 2) peryòd 90 jou ou a pou w ta prezante yon petisyon bay Tribinal Fiskal la ekspire, kèlkeswa sa ki anvan an.
  • Si w mande Tribinal Fiskal la yon petisyon, CSED a ap sispann jiskaske Tribinal la pran yon desizyon final.
  • Nan nenpòt ka, li pwolonje CSED a pou yon lòt 60 jou.
  • Demann ou an pa pwolonje CSED a pou konjwen w lan.

Nan yon Zòn Konba

Lè ou antre nan yon zòn konba (an anglè) pou jis lè ou kite, plis 180 jou. Gade Pwolongasyon Delè yo — Sèvis Zòn Konba Q-12 (an anglè), li sispann CSED a.

Nan Kèk Kalite Sèvis nan Lame a

CSED a sispann pou peryòd sèvis militè a, plis 270 jou apati moman lame a avèti nou. Gade Lwa sou Sekou Sivil 2003 pou manm sèvis yo (SCRA) (an anglè). Gade 50 U.S.C.A Seksyon 4000 (an anglè) (yo te rele anvan sa 50 App. USCA 573, sou Lwa 1940 Soulajman Sivil Sòlda ak Maren yo.)

Ap Viv Andeyò Etazini

  • Anjeneral, si w ap viv andeyò Etazini pandan 6 mwa swivi oswa plis, sa ap sispann CSED a pou tan sa a.
  • CSED a ka pwolonje pou omwen 6 mwa lè ou retounen Etazini.

Ranplasman pou Deklarasyon

Si w pa soumèt yon deklarasyon enpo sou revni oswa si w soumèt youn ki gen fwod, nou ka soumèt youn pou ou ki rele yon Ranplasan pou Deklarasyon epi evalye enpo. Si ou pa reponn lè nou enfòme w de yon enpo ou dwe oswa lè li konfime nan Tribinal Fiskal, nou evalye enpo a. Lè nou evalye enpo a, peryòd lakòlèk 10 lane a kòmanse (plis tout adisyon tan jan yo note sa nan seksyon Adisyon nan Dat Ekspirasyon 10 Lane a) kote nou ka kolekte enpo a.

Si pita ou soumèt yon deklarasyon epi nou aksepte li, epi deklarasyon ou a montre:

  • Dwe mwens enpo pase sa ki sou Ranplasman pou Deklarasyon ou an, nou ka diminye oswa anile enpo ou dwe a, men CSED a ap rete menm jan an.
  • Dwe plis enpo pase sa ki sou Ranplasman pou Deklarasyon an, nou pral evalye w pou ogmantasyon enpo ou dwe a. CSED orijinal la ap rete menm jan an, sepandan, yo ap fè yon nouvo CSED pou enpo adisyonèl ou dwe a.

Prelèvman

An jeneral, nou pa fè prelèvman (an anglè) (sezi byen w) pandan CSED ki sispann lan, men gen kèk eksepsyon. Si nou fè prelèvman sou revni w pral fè anvan peryòd CSED a ekspire, nou ka kontinye resevwa peman sou prelèvman sa a.

Si ou te peye yon dèt fiskal apre CSED a ekspire, ou ka mande yon ranbousman pou tout montan lajan ou te peye anplis apre CSED a men anvan Dat Ekspirasyon Lwa Ranbousman an. Nou ka avèti w tou pa lèt sou tout peman ou te fè ki apre peryòd lakòlèk la.

Dat Lwa Ekspirasyon yo

CSED a se 1 nan 3 lwa sou delè yo. Lòt yo se Espas Tan IRS Ka Pran Pou Evalye Enpo (an anglè)ak Espas Tan Ou Ka Pran Pou Reklame Yon Kredi swa Yon Ranbousman (an anglè).

Yon lwa sou delè (an anglè) se yon peryòd tan lalwa etabli kote IRS la ka revize, analize epi rezoud pwoblèm ki gen rapò ak enpo ou yo. Lè peryòd delè a fini, nou pa kapab evalye oswa kolekte plis enpo, oswa pèmèt ou reklame yon ranbousman.

Lwa yo ak Règleman yo