Fèmen yon pwopriyetè inik

FS-2020-16, September 2020

Yon pwopriyetè inik (an anglè) - yon moun ki posede yon biznis pou kont li ki poko enkòpore – gen kèk aksyon li dwe fè si li vle fèmen biznis la. Yo dwe ranpli fòm final yo ak referans yo si yo te nan biznis kèk mwa oswa anpil ane. Men enfòmasyon sou fòmilè ak referans tipik yon pwopriyetè inik dwe ranpli lè l ap fèmen operasyon li.

Deklarasyon taks sou revni

Ppwopriyetè inik yo dwe ranpli Fòm C (Fòm 1040 oswa Fòm 1040-SR), Benefis oswa Pèt nan biznis lan, avèk Fòm 1040, Deklarasyon taks sou revni Ozetazini, oswa Fòm 1040-SR, Deklarasyon taks pou granmoun Ozetazini (an anglè), nan ane yo te fè fayit la. Epitou ak Fòm 1040 yo a, pwopriyetè inik la dwe ranpli:

Taks sou travay

Pwopriyetè inik yo ak youn oswa plizyè anplwaye dwe fè dènye depo taks federal yo (an anglè). Si biznis la pa kenbe oswa depoze revni an, taks Sekirite Sosyal ak Medicare, Penalite rekouvreman pou fon espesyal (an anglè) ka aplike. Pennalite a se tout montan lajan taks sou fon espesyal (an anglè) ki pa peye. IRS la ka enpoze li sou tout moun Sèvis la detèmine ki responsab pou kolekte, kontabilize ak peye taks sa yo epi ki te aji volontèman pou pa t fè sa. Yon moun ki responsab kapab yon ofisye oswa anplwaye nan yon biznis, yon kontab, yon direktè volontè/reprezantan, oswa yon moun ki siyen chèk pou biznis la oswa ki gen otorite sou depans lajan biznis yo.

Pwopriyete inik yo dwe ranpli Fòm 941, Deklarasyon taks federal pa trimès chèf travay la (an anglè) (oswa Fòm 944, Deklarasyon taks federal pa ane chèf travay la (an anglè)), pou peryòd twa (3) mwa kote yo fè pèman salè final la. Yo tcheke kazye a epi yo antre dat yo te fè pèman salè final la nan liy 17 Fòm 941 an oswa liy 14 Fòm 944 la. Yo dwe akonpanye deklarasyon yo a ak yon deklarasyon ki moutre non moun ki fè pèman yo epi ki kote yo kenbe dosye sa yo.

Pwopriyetè inik yo dwe ranpli Fòm 940, Deklarasyon taks federal pou chomaj, pa ane, chèf travay la (FUTA) (an anglè) pou peryòd twa (3) mwa kote yo fè pèman salè final la. Yo dwe tcheke kazye D nan seksyon Tip deklarasyon pou moutre fòm sa a se fòm final la.

Pwopriyetè inik yo dwe bay tou Fòm W-2 yo, Deklarasyon salè ak taks (an anglè), ak anplwaye yo pou sezon kalandriye kote yo fè pèman salè final la. Jeneralman, yo bay anplwaye yo kopi B, kopi C ak kopi 2. Yo ranpli Fòm W-3, Transmisyon revni ak deklarasyon taks (an anglè), pou transmèt Kopi A a bay Administrasyon Sekirite Sosyal la.

Repòte dat delè yo

Vizite IRS.gov pou jwenn enfòmasyon sou dat delè taks sou travay yo (an anglè).

Lòt rapò pou biznis ak anplwaye

Si anplwaye yo resevwa konsèy, biznis la dwe ranpli Fòm 8027, Deklarasyon Enfòmasyon Anyèl Anplwayè a sou revni poubwa yo ak poubwa yo bay (an anglè), pou repòte kòb total yo resevwa pou poubwa ak poubwa yo bay.

Si pwopriyetè inik la bay anplwaye yo yon pansyon oswa yon rejim avantaj, yo dwe ranpli dènye Fòm 5500, Rapò anyèl/ Rapò avantaj sosyal anplwaye yo (an anglè).

Biznis ki peye kontraktè yo

Pwopriyetè inik yo repòte pèman yo bay kontraktè yo. Yo te peye pou pi piti 600 dola pou sèvis yo (ki gen ladan pati ak materyèl) pandan ane sivil la kote yo soti nan biznis sou Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye yo (an anglè).

Kèk moun k ap fè deklarasyon dwe ranpli Fòm 1099 la elektwonik. Moun sa yo ki ranpli fòmilè papye yo dwe ranpli tou Fòm 1096, Rezime pa ane ak Transmisyon deklarasyon taks pou Etazini (an anglè), pou transmèt kopi fòm 1099 yo bay IRS.

Achiv

Kantite tan pwopriyetè biznis dwe kenbe yon dokiman depann de plizyè faktè. Faktè sa yo gen ladan aksyon, depans ak evènman ki anrejistre nan dokiman an. Biznis yo ta dwe kenbe dosye ki gen rapò ak pwopriyete jiskaske peryòd limit la ekspire pou ane kote yo te genyen pwopriyete a nan men yo nan yon dispozisyon yo ka takse.

Pwopriyetè biznis yo dwe kenbe tout dosye taks sou chomaj (an anglè) pou pi piti 4 lane.

Nimewo idantifikasyon chèf travay la

Yon fwa IRS te asiyen yon nimewo idantifikasyon chèf travay nan yon biznis, li vin nimewo idantifikasyon pèmanan kontribyab federal pou biznis sa a. Pou fèmen kont biznis yo, biznis yo bezwen voye bay IRS yon lèt ki gen ladan non legal konplè biznis yo, EIN nan, adrès biznis la ak rezon ki fè yo vle fèmen kont yo. Si yo gen yon kopi avi IRS te pibliye ak enstriksyon EIN nan, yo ta dwe mete li nan lèt la. Yo ta dwe ekri IRS nan: Internal Revenue Service, Cincinnati, Ohio 45999.

Patenarya ki:

  1. fè yon depo pèman taks feferal oswa pèman taks federal, 
  2. responsab pou tout taks biznis la, oswa 
  3. gen yon avi IRS voye ba yo ki di yo genyen yon deklarasyon taks ki ekspire,

dwe ranpli deklarasyon taks ki apwopriye anvan IRS ka fèmen kont yo a.

Plis enfòmasyon:

*disponib nan plizyè lang